Hesperian Health Guides
Manje pi byen pou mwens lajan
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 11: Manje pou gen lasante > Manje pi byen pou mwens lajan
- Manje ki gen pwoteyin. Pwa, pwa tann, lantiy ak lòt plant ki sanble avèk yo (yo rele plant sa yo legiminèz) se bon manje ki chaje ak pwoteyin ki pa koute twò chè. Si n kite yo kòmanse jèmen anvan n kwit yo pou n manje, y ap gen plis vitamin. Ze se pwoteyin nou jwenn nan bèt ki pi bon mache (gade Manje moun manje piplis manje ak manje ki bay pou n wè sa nou ka fè ak po ze yo tou). Fwa, kè, grenn vant (ren) san ak pwason konn pi bon mache pase lòt vyann, alòske yo bay fòs menm jan ak tout vyann.
- Sereyal. Diri, ble ak lòt sereyal bay plis fòs si yo pa moulen yo twòp. Premye po ki sou sereyal sa yo bon anpil pou kò nou.
- Fwi ak legim. Plis fwi yo ak legim yo fre, se plis yo bay fòs. Lè n oblije sere yo, se pou n konsève yo kote ki fre, kote ki pa gen twòp klète pou yo pa pèdi vitamin. Pa kwit legim yo nan anpil dlo, paske pandan yo sou dife, vitamin legim yo pase nan dlo a. Apre sa, bwè dlo a oubyen mete l nan soup. Fèy di ki sou legim yo, tèt kawòt, ak tèt chouflè chaje ak vitamin. Nou ka sèvi avè yo pou n fè bon jan soup. Paregzanp, fèy manyòk gen 7 fwa plis pwoteyin ak plis vitamin pase rasin manyòk.
Anpil fwi sovay tankou ti grenn bwa chaje vitamin C ak sik natirèl. Yo ka ban nou plis vitamin ak plis fòs. - Lèt ak pwodui nou jwenn nan lèt. Nou dwe konsève yo kote ki fre epi ki pa jwenn twòp limyè. Yo chaje pwoteyin ki ede kò nou devlope. Yo chaje ak kalsyòm tou.
- Evite depanse lajan pou n achte manje nan bwat ak vitamin famasi. Si paran yo sèvi ak lajan yo konn depanse nan bonbon ak kola (gazez) pou yo achte manje ki bay fòs, pitit yo ap jwenn plis sante pou menm kantite lajan an.
Kòm pifò moun ka jwenn tout vitamin yo bezwen nan manje y ap manje, l ap pi bon si nou depanse kòb nou nan manje ki bay plis fòs olye nou depanse kòb sa a pou n achte grenn ak piki. Si n oblije pran vitamin famasi, pito nou pran grenn. Yo bay bon rezilta tankou piki yo, epi yo koute mwen chè.
Si ou gen kèk espas, grandi legim pwòp ou a ap ba ou manje ki an sante ak yon ti pri. |
![]() |
Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025