Hesperian Health Guides

Move lide sou kesyon manjen

Nan chapit sa a, n ap jwenn:
Nan anpil kote sou latè, kèk tradisyon sou rapò fanm ak manje gen plis danje pase bon kote.

Paregzanp:

Se pa vre timedam yo bezwen mwens manje pase jenn ti gason yo! Gen kèk moun ki kwè jenn ti gason bezwen plis manje pase jenn demwazèl. Men se pa vre! Nan pifò kominote sou latè, medam yo travay menm jan ak mesye yo, si se pa plis. Konsa, yo dwe konsève sante yo menm jan ak mesye yo. Tifi ki manje byen epi ki ansante ap bay de fanm solid; yap gen mwens pwoblèm pou yo aprann lekòl epi mwens pwoblèm nan travay yo.

Se pa vre gen kèk manje fanm pa dwe manje, lè yo ansent ak lè y ap bay timoun tete! Nan kèk kominote, gen moun ki kwè fanm pa dwe manje tout manje tankou pwa, ze, poul, pwodui nou jwenn nan lèt, vyann, pwason, fwi oubyen legim pandan divès peryòd nan lavi yo. Nan pami peryòd sa yo, nou jwenn peryòd lè fi a gen règ li, peryòd lè li ansent, peryòd apre lè li fin akouche, peryòd kote fi a ap bay yon timoun tete, epi peryòd lè fi a rete (menopoz). Men yon fanm bezwen tout manje sa yo, espesyalman lè l ansent ak lè l ap ba timoun tete. Si l pa manje manje sa yo, li ka soufri feblès, li ka trape maladi, li ka menm pèdi lavi li.

Se pa vre yon fanm dwe bay fanmi l manje anvan li menm li manje. Gen moun ki kwè yon fanm dwe bay lòt moun nan kay la manje, anvan li menm li pran kichòy. Konsa, se dènye rès manje a fanm nan manje; anpil fwa, li pa menm jwenn ase menm. Sa a pa janm bon pou sante l. Sa kapab menm danjere anpil lè fanm lan ansent, osinon lè l fèk sot akouche.

a man and small child sitting at a table; the man speaks to a woman carrying food
Vin manje non!

Si fanmi yon fanm pa ankouraje l manje kòm sa dwa, fòk li fè tout sa l kapab pou l jwenn bon valè manje pou l manje. Li ka oblije kòmanse manje depi lè manje a sou dife, oubyen li gen dwa sere manje pou l manje li lè mari l pa la.

Se pa vre yon malad bezwen mwens manje pase yon moun ki an sante! Manje ki gen vitamin pa pwoteje nou sèlman kont maladi lè nou an sante. Manje ki gen vitamin ede yon moun malad refè. Konsa, menm manje ki bon pou nou lè nou an sante, toujou bon pou nou lè n malad.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025