Hesperian Health Guides
Pwòpte
|
|
|||
![]() |
||||
|
|
|
||
![]() |
![]() |
![]() |
Gen mikwòb toupatou. Paregzanp mikwòb tibèkiloz (TB) flannen nan lè moun ap respire. Nou ka trape gal ak pou nan rad n ap mete ak dra ki sou kabann.
Li enpòtan anpil pou nou pwòpte zòn kote nou rete, kay nou ak kò nou… Pwòpte ap ede nou frennen mikwòb yo. Konsa, n ap bare wout maladi. Paregzanp:
Kontni yo
Kisa k te ka fèt pou tout fanmi an pa t trape maladi a?
Maladi a pa t ap gen tan gaye, si moun yo te pran youn nan prekosyon sa yo:
- Si mesye a te tata nan yon latrin oubyen nan yon twalèt ijyenik.
- Si yo pa t lage kochon an.
- Si manman an pa t netwaye men timoun nan ak pwent jip li anvan l al fè manje a.
- Si, lè manman an te fin netwaye timoun nan, li te lave men l anvan l al fè manje a.
Pwòpte nan kominote a (sanitasyon)

Se nan kominote a n ap jwenn pi bon solisyon pou anpil pwoblèm sante moun konn genyen. Lè tout moun nan kominote a travay pou tout moun ka an sante, sa ap itil tout moun. Paregzanp:
Lè n travay ansanm pou bon dlo potab pou nou bwè epi pou n fè manje. Nou dwe konstwi rezèvwa yo toupre kay nou yo pou moun ka jwenn dlo byen fasil.
Pou dlo nou bwè ak dlo nou fè manje ka ret pwòp:
- pa kite bèt pwoche bò kote sitèn yo. Bare rezèvwa yo, si sa nesesè, pou bèt yo ka rete nan wòl yo.
- pa ni benyen, ni lave rad, chodyè, asyèt, kiyè, fouchèt, kouto ak goblè toupre rezèvwa yo.
- nou pa dwe ni tata ni jete fatra bò kote sitèn yo
Sèvi ak rès manje yo pou n fè konpòs pou jaden nou.
Pran prekosyon, lè n ap elimine fatra. Si nou kapab, antere fatra yo, fè konpòs avèk yo, oubyen boule yo. Si se antere n antere yo, fouye yon twou byen fon, pou gwo bèt 4 pat ak ti bèt k ap viv nan tè pa detere yo. Si n pa antere fatra yo, bare teren kote n jete yo a epi voye tè sou yo pou yo pa rale mouch. Men fòk nou pran anpil prekosyon lè n ap elimine fatra pwazon ak tout lòt kalite fatra. Paregzanp, nou pa dwe boule bwat ak sache plastik toupre kay nou, paske lafimen k ap soti nan plastik se pwazon sitou pou timoun ak granmoun malad.
Lè n konsève dlo pou n bwè byen pwòp, sa ap ede n evite dyare ak mikwòb.
Seche tout vye dlo kòwonpi kote nou fè lesiv, nan vye ma dlo, nan vye kawotchou ak bwat ki pa fèmen. Se moustik ki fè moun trape malarya ak lafyèv deng e se dlo kòwonpi ki sitire vye bèt sa yo. Pou n evite maladi sa yo, se pou n dòmi anba moustikè.
Fè moun nan kominote a konstwi latrin (n ap wè jan yo konstwi latrin nan paj apre yo).
Men kijan pou nou fè latrin

- Fouye yon gwo twou ki gen ½ m kòm lajè, 1 m kòm longè epi 3 m kòm pwofondè.
- Lè n ap kouvri gwo twou a, se pou n kite yon ti twou ki gen 20- 30 cm nan mitan kouvèti n ap mete a.
- Sou twou latrin nan, se pou n monte yon ti kay ak tout twati ak materyo nou jwenn bò lakay nou.
Pou pa gen danje, fòk gen yon distans 20 m pou pi piti ant latrin nan ak chak kay ki nan lakou a, yon distans 20 m tou ant latrin nan ak pi kote n pran dlo, sous, rivyè oubyen kouran dlo.

Pwòpte lakay
Chalè solèy ka touye anpil mikwòb ki konn bay maladi.
Kòm se kontak kole kole ki egziste ant moun ki nan menm fanmi, mikwòb ak maladi ka kontamine fasil fasil tout manm yon menm fanmi.
Men yon fanmi ap gen mwens chans pou l trape maladi:
- Si moun yo lave chodyè ak asyèt avèk savon (oubyen ak yon sann ki pwòp) epi rense yo ak dlo pwòp. Si gen posiblite, yo ka mete yo seche nan solèy.
- Si yo netwaye espas kote y ap viv la tanzantan. Bale kay la, lave l, lave mi yo, lave anba mèb yo. Bouche tout twou ak tout fant, atè tankou nan mi yo pou ravèt, pinèz ak eskòpyon pa jwenn kote pou yo kache.
- Si yo mete dra, matla, nat ak kabann nan solèy pou yo elimine pinèz ak lòt parazit.

Si tibebe oubyen bèt fè tata toupre kay nou, fòk nou ranmase tata san pèdi tan.
- Si yo pa krache nan kay la. Lè n ap touse ak lè n ap estènen, bare bouch nou ak men nou oubyen ak yon twal oubyen yon mouchwa. Apre sa, lè gen posiblite, lave men nou.
- Si yo elimine dechè kò yo ap bay kòm sa dwa. Montre timoun yo sèvi nan latrin, oubyen montre yo Kijan pou yo antere tata yo. Oubyen tou, nou ka aprann yo pou y al fè tata byen lwen kay kote moun ap viv byen lwen sous, pi ak tiyo kote moun pran dlo pou yo sèvi.

Pwòpte nan kò nou
Plis enfòmasyon
pran swen tèt nou, lè n gen règL ap pi bon si n netwaye kò nou avèk dlo ak savon chak jou, si gen posiblite. Epi:
- lave men nou anvan n manje, anvan n prepare manje, lè n fin fè pipi oubyen tata, anvan ak aprè n fin swaye yon timoun oubyen yon malad.
- lave vajen nou chak jou avèk dlo ak savon ki p ap ban n iritasyon. Men pa flite ni dlo, ni ankenn lòt likid andedan vajen an. Vajen an pwodwi poukont li yon ti likid ki netwaye l epitou pwoteje l. Lè n flite lòt mòd likid ladan, nou elimine pwoteksyon sa a. Konsa, yon fanm ka pi vit trape enfeksyon nan vajen.
- fè pipi apre chak kontak seksyèl. Sa ap ede n pwoteje sistèm irinè nou kont enfeksyon (men atansyon! Sa pa ka anpeche n ansent).
- siye dèyè n byen, lè n fin fè tata. Lè n ap fè sa, toujou soti devan pou n al dèyè. Si nou soti dèyè pou n al devan, mikwòb ak ze vè ka antre nan sistèm irinè nou ak nan vajen nou.
![]() |
Nou ka fè yon bwòs dan pou n ka kenbe dan n yo pwòp.. |
Pwoteje dan nou

Li enpòtan anpil pou n ba dan nou bon jan swen paske:
- nou bezwen bon dan ki gen fòs ak sante pou n kraze manje yo byen kraze pou n ka fè bon dijesyon.
- si dan yo jwenn bon swen, yo pa p gen twou sila yo (se kari dantè ki konn fouye twou yo) ki konn fè moun soufri anpil, epi jansiv yo pa p anfle.
- lè dan nou karye oubyen pouri akòz mank swen, nou ka trape move enfeksyon ki ka afekte lòt pati nan kò a.
- yon moun ki pa pran swen dan l pi vit pèdi yo grenn pa grenn, firanmezi laj ap antre sou li.
Nou dwe netwaye dan nou byen 2 fwa pa jou. Sa ap pèmèt nou desitire mikwòb ki bay kari dantè e ki fè n pèdi dan nan bouch nou. Netwaye tout dan yo devan kòm dèyè . Apre sa, netwaye fant dan yo ak anba jansiv yo. Sèvi ak yon bwòs ki pa twò di, ak yon bwa dan oubyen ak dwèt nou apre n fin vlope l ak yon moso twal rèd. Pat dantifris bon, men li pa endispansab. Sèl, chabon, oubyen dlo pwòp sèlman ka fè dyòb la.
Dlo potab
![]() |
Konsève dlo nan bokit oubyen nan kannari ki pwòp epi kenbe kay nou pwòp. |
Se kote ki gen pi gwo degre pwòpte nou dwe pran dlo n ap bwè. Si dlo a twoub, kite l poze. Lè l fin poze, tire bon dlo klè a. Apre sa, touye jèm mikwòb yo jan nou eksplike pi ba a. Yo rele sa pirifikasyon.
Konsève dlo pirifye a nan bokit oubyen kannari ki pwòp epi ki gen kouvèti. Si se nan yon bidon ki te gen lwil doliv n ap mete dlo a, lave l byen lave ak savon. Rense l ak dlo bouyi, anvan n mete dlo ladan. Pa janm konsève dlo nan bidon ki te gen pwodui chimik, ensektisid, gaz, gazolin oubyen lwil motè. Lave tout veso kote n konsève dlo, omwen yon fwa pa semèn, avèk savon ak dlo pwòp.
Siveye sa n ap manje
Lè n lave men nou, se baryè n ap mete pou maladi. Siye men nou ak yon tòchon espesyal. Lave tòchon sa a souvan epi toujou mete l seche nan solèy

Oubyen tou, nou gen dwa kite men n seche nan lè a, lè n fin souke dlo a jete.

Se nan manje moun trape anpil maladi ki konn atake entesten yo. Pafwa, moun k ap rekòlte, transpòte oubyen kwit bagay nou pral manje konn simaye mikwòb ladan yo. Pafwa tou, jèm mikwòb ak mwazi ki nan lè a konn anvayi bagay n ap manje. Sa rive, lè nou konsève manje yo mal oubyen lè nou pa kwit yo kòm sa dwa. Sa rive tou, lè yo la twò lontan.
Pou n anpeche jèm mikwòb anvayi manje nou, fòk nou:
- lave men n avèk dlo ak savon anvan n al fè manje, anvan n manje epi anvan n bay pitit nou manje.
- lave byen lave tout fwi ak legim nou manje san kwit yo oubyen, si n kapab, wete premye po yo.
- pa kite manje nou manje kri yo bò kote vyann, poul ak pwason ki pa kwit. Lè n fin koupe vyann, toujou lave men nou, kouto a ak planch nou itilize pou n fè travay sa a.
- evite touse, krache, moulen chiklèt oubyen lòt bagay tou pre bagay n ap manje, pou n ka pwoteje yo kont postiyon.
- pa kite bèt niche asyèt ak chodyè ki pwòp. Si gen posiblite, pa kite bèt antre nan kuizin ditou.
- jete tout manje ki gate.
Men kèk siy k ap fè nou wè lè yon manje gate:
- move lodè.
- lè manje a gen move gou oubyen lè gou manje a chanje.
- lè koulè a chanje (paregzanp, si yon vyann ki te wouj vin mawon).
- lè manje a gen move lodè ak yon bann ti boul ki leve sou li (paregzanp, ti boul nou konn wè sou soup yo oubyen sou ragou yo).
- lè vyann oubyen manje kwit gen limon ki anvayi yo.
Manje kwit
Gen kèk kominote kote moun yo sèvi ak kèk teknik espesyal pou yo prepare vyann ak pwason san yo pa fin kwit yo nèt. Moun ka manje yo san pwoblèm.
![]() |

Kijan pou n konsève manje
Chak fwa n gen posiblite, manje manje ki fèk kwit. Si n ap sere yon manje, kouvri l byen kouvri, pou n pwoteje l kont mouch, lòt ti bèt ak pousyè.
Lè yon manje jwenn frechè, li konsève pi byen. Se evaporasyon (fenomèn ki fè dlo seche nan lè a) ki pèmèt metòd nou prezante pi ba yo fonksyone. Pou manje yo ka fin frèt, se pou n mete yo nan veso ki plat.
![]() |
Lè n ap fè yon gadmanje rafrechisan, kouvri tout kò bwat la. Nan desen an, nou kite devan an ouvè, pou n ka wè andedan gadmanje a. |
Po ki kenbe manje fre. Sistèm sa a mache ak 2 po ki fèt ak ajil, yon gwo ak yon piti. Se nan pi piti a n ap mete manje a. Nan gwo po a, n ap mete dlo, epi n ap mete pi piti a chita andedan l. Gwo po a ak tout kouvèti l pa dwe vèni (lè y ap fè kanari, yo konn vèni ajil la anvan yo kwit li) pou dlo a ka evapore san pwoblèm. Men fòk ti po a byen vèni pou dlo a pa antre nan manje a.
Gen fanm nan kominote a ki konn ki pwodui nou ka konsève byen, anpami pwodui lokal yo. Epi yo konn bon metòd pou konsève yo. Medam sa yo dwe bay lòt moun leson.
Gadmanje ki kenbe manje fre. Pran yon kès oubyen yon bwat ki fèt ak planch. Mete l kanpe sou de twa blòk oubyen wòch, pou l pa rete atè a. Mete yon ti kivèt dlo sou tèt bwat la. Vlope bwat la ak tout kivèt dlo a ak yon twal sak oubyen kèk lòt twal ki sanble ak twal sak. Twal la pa dwe fin rive atè. Fè twal la tranpe nan kivèt la, pou l ka souse dlo nan tout kò l. Mete manje yo andedan bwat la. Depi dlo a ap evapore, l ap rafrechi manje yo. Metòd sa ap bay pi bon rezilta, si n fè yon jan pou twal la toujou mouye.