Hesperian Health Guides
Chapit 23: Pwoblèm nan sistèm irinè
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 23: Pwoblèm nan sistèm irinè
Nou gen 2 ren. Se yo ki fè lapwòptay nan san nou e se pandan travay sa a, ren yo fabrike pipi.
Vesi a (blad pipi a) se yon ti sak. Li elastik tankou yon blad. Lè l plen ak pipi, li gonfle. Lè n fin pipi, li vin pi piti.
Lè l fin desann nan kanal ki anba vesi a, pipi a soti nan ti twou ki anlè ouvèti vajen an.
Pipi a pase nan 2 kanal sa yo: li soti nan ren yo e l rive nan vesi a.
Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025