Hesperian Health Guides
Kijan pou n viv lè n gen esterilite

Nan kè tout moun - fanm tankou gason - pwoblèm esterilite ka kreye tristès, enèvman, solitid, dekourajman oubyen kòlè.
Lè n gen yon pwoblèm konsa, li enpòtan pou n konnen n pa pou kont nou. Fòk nou eseye pale ak zanmi ki renmen nou. Nou ka gen posiblite tou pou n rankontre ak lòt fanmi ki gen menm pwoblèm nan. Konsa, youn ka pote kole ak lòt.
Ti istwa sila yo nou pral li kounye a ap montre n ki jan kèk moun fè devan pwoblèm esterilite:
Yon adopsyon: istwa manzè Lina
A 25 an, Lina te gen tan marye 3 fwa. Kè manmzèl pa t kontan menm paske, chak fwa, misye yo toujou kite l, poutèt li pa ka fè pitit. Medizan mal palan nan bouk la te konn plede ap ranse sou do manmzèl. Daprè yo, Lina te fè yon wanga pou l pa t ranmase yon gwosès san l pa marye. Konsa - toujou daprè medizan yo -, se dòz wanga a ki te twò fò ki fè manmzèl pat ka fè pitit ditou ankò. Tout sè Lina yo te gen pitit. Pafwa, li te konn pran swen pitit sè l yo. Pi gran sè a te vin trape tibèkiloz (TB) e se nan mitan gwo soufrans, li te rive fè 2 ti marasa.
Lè Lina te vle adopte youn nan marasa yo, manman an di: pa gen pwoblèm. Manzè Lina kouri al chèche enfòmasyon nan sant sante a, pou l te ka konnen ki jan pou l nouri tibebe a. Travayèz sante a montre manmzèl ki jan pou l degaje l avèk yon kiyè ak yon tas. Li chèche, nan bouk la, yon lòt fanm nouris an sante ki aksepte ba pitit la tete pandan lajounen. Aswè, Lina degaje l ak kiyè, tas ansanm ak lèt tete yon lòt sè te fè l kado.

Zanmi ak vwazen Lina yo pa t fin kwè tibebe a t ap rete an sante. Men lè yo te wè timoun nan ap byen grandi, yo te kontan anpil. Yo te bat bravo pou Lina. Se konsa tou, nan je tout moun, manmzèl te tounen yon espesyalis nan okipasyon timoun ki adopte. Chak fwa yon manman pitit mouri nan akouchman, se bay Lina yo pote tibebe a.
Jounen jodi a, ti marasa yo fin majè. Dapre sa moun nan bouk nan ap di toutan, pa Lina a pi wo epi li pi gwo nèg pase lòt la. Daprè moun yo, tou sa se rezilta afeksyon Lina.
Yo reyisi fè lavi yo san pitit: Istwa manzè Sara ak mouche Tito
Pandan plizyè ane, Sara ak Tito t ap chèche fè pitit. Malerezman, yo pa t kapab. Okòmansman, tristès te anvayi kè yo, paske, bò lakay yo, chak fanmi te konn fè valè pitit li vle. Men finalman, Sara ak Tito deside sispann kwè lavi yo ap toujou manke moso, si yo pa fè pitit. Konsa, yo pran desizyon pou yo prepare pwòp avni pa yo.
Yo kòmanse yon komès ki mennen yo toupatou, soti nan yon vil al nan yon lòt, soti nan yon mache al nan yon lòt. Yo vann chodyè, kastwòl ak lòt machandiz. Si yo te gen pitit, yo t ap gen anpil pwoblèm pou yo vwayaje konsa.

Jounen jodi a, Sara ak Tito kòmanse gen bon ti laj. Dapre sa tout moun di, yo sanble tankou sè ak frè, ni nan figi ni nan jès y ap fè. Youn renmen lòt. Tout lajounen, y ap ri. Yo plen zanmi. Yo pa gen pitit pitit menm jan ak vwazen yo, men yo gen anpil bèl ti istwa pou yo rakonte. Tout moun nan kominote a gen anpil respè pou yo.