Hesperian Health Guides

Danje nan travay oubyen lakay ki ka mete kapasite nou pou n fè pitit an danje

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Danje sa yo ka aji plizyè fason sou fekondite nou - soti nan pwodiksyon espèmatozoyid ak ovil pou rive nan akouchman yon tibebe ki an sante:

  • Lè manje, dlo ak lè n ap respire a, kontamine akòz ensektisid oubyen pwazon chimik yo itilize nan faktori ak gwo plantasyon.
a man spraying plants with pesticide and then handing his shirt to a woman washing clothes
Ensektisid ak lòt pwodui chimik ki chaje danje ka aji sou jèm yon nèg, pandan misye ap travay ...
... epi lè fanm nan lave rad misye, pwazon sa yo tou antre nan kò manmzèl.
  • Fimen oubyen chike tabak/Bwè tafya oubyen kafe ki fò anpil. Fanm ki fimen oubyen chike tabak, fanm ki bwè anpil tafya oubyen kafe fò, mal pou ansent, epi yo fè fos kouch pi souvan. Nèg ki fimen oubyen ki bwè anpil tafya gen mwens jèm, epi tou, souvan, jèm sa yo pa kòdyòm tou.
a man sitting in the driver's seat of a truck
Lè yon nèg travay kote ki cho anpil, tankou, paregzanp, lè l oblije chita, pandan lontan, bò kote motè yon gwo kamyon, sa ka touye espèmatozoyid yo. Konsa, misye ka vin esteril.
  • Twòp chalè. Espèmatozoyid bezwen frechè. Se sa k fè testikil yo (boul grenn yo) rete pandye nan eskwotòm nan (sak grenn nan). Yo pa fèmen andedan kò nèg la. Lè testikil yo vin twò cho, yo gen dwa pa ka pwodui jèm ki nòmal. Sa ka rive, paregzanp, lè yon nèg mete rad ki twò sere ki peze testikil yo sou kò l. Sa ka rive tou, si misye benyen ak dlo ki cho anpil, oubyen si l travay bò kote aparèy ki bay chalè tankou chodyè izin, founo, motè gwo kamyon - sitou si misye ap kondi kamyon san rete pandan anpil tan. Depi testikil yo pran frechè, y ap rekòmanse pwodwi jèm ki bon kalite.
  • Medikaman. Gen kèk medikaman ki ka aji tou sou pouvwa n pou n fè pitit. Pi bon chwa nou menm ak mari n nou ka fè, se pa sèvi ankenn medikaman nan peryòd kote nou vle ansent lan. Si n oblije pran medikaman akòz yon maladi, pale sa ak yon travayè sante. Di li nou vle fè yon pitit.




Nou te mete paj sa a ajou: 19 jen 2025