Hesperian Health Guides
Kisa n fè pou pwoblèm esterilite a
Si nou menm oubyen mari nou panse nou gen yon pwoblèm fekondite:
- Eseye antre nan kontak seksyèl nan peryòd kote n ka ansent. Yon gason pwodui plizyè milyon espèmatozoyid chak jou, men, chak mwa se yon sèl ovil, yon fanm ka pwodui. Sa rive pandan peryòd ki rele “peryòd ovilasyon” fanm nan. Chak mwa, se sèl nan peryòd sa a, manmzèl ka ansent. Pou pifò fanm, peryòd sa a kòmanse anviwon 10 jou apre premye jou règ la. Li dire 6 jou konsa.
Kò nou bay anpil siyal ki ka fè n wè lè nou nan peryòd ovilasyon nou. Siyal nou ka wè pi fasil, se chanjman ki fèt nan glè ki soti nan vajen nou.
Plis enfòmasyon
kijan pou n konsevePa fatige tèt nou, si n wè nou pa ansent. Anpil moun k ap eseye fè pitit konn rive jwenn nan yon lane, lè yo kontinye fè lanmou pandan peryòd ovilasyon fanm nan.
Men pozisyon ki pi vit voye jèm yo monte tou pre ouvèti matris nou, lè n ap fè lanmou:
- nou kouche sou do epi nèg la monte sou nou.
- nou kouche sou kote
Prekosyon sa yo ka ede n tou:
- Pa sèvi ak ni lwil, ni krèm, lè n ap fè lanmou. Pwodui sa yo ka touye jèm yo oubyen yo ka anpeche yo rive jwenn ovil la.
- Pa lave andedan vajen nou. Yon douch vajinal anvan oubyen apre kontak seksyèl la ka deranje imidite nòmal vajen nou genyen. Konsa, jèm gason an ka gen pwoblèm pou l rete vivan.
- Nèg la dwe evite benyen ak dlo ki cho anpil anvan lanmou an. Lè testikil yo pran twòp chalè, espèmatozoyid yo mouri.
- Chèche tretman pou tout pwoblèm sante nou genyen. Doktè dwe konsilte ni nou menm ni mari nou pou wè si n pa gen kèk MST. Si se yon sèl nan nou 2 a ki malad, fòk ni youn ni lòt pran medikaman. Degaje n pou n pran tout medikaman yo preskri nou.
- Bay tèt nou bon abitid ki bon pou lasante:
- Manje bon manje ki bon pou lasante. Si nou mèg anpil epi n pa wè règ nou, chèche mwayen pou n gwosi. Si nou gra anpil epi n pa wè règ nou, chèche mwayen pou n megri.

Nou te mete paj sa a ajou: 19 jen 2025