Hesperian Health Guides
Kisa yo rele esterilite?
Untreated sexually transmitted infections (STIs) are a common cause of infertility
Nou ka di yon fanmi esteril, si madanm nan kouche ak mari l plizyè fwa chak mwa, pandan yon lane, san l pa janm ansent, malgre l pa swiv ankenn metòd planin. Fanmi an ka gen yon pwoblèm fekondite tou (kapasite pou fè pitit), si madanm nan fè 3 oubyen plis pase 3 fos kouch youn dèyè lòt.
testikil (boul gren) kok kanal eskwotòm (sak grenn nan) yon gason oubyen yon fanm ki deja gen pitit gen dwa vin esteril. Pwoblèm nan ka devlope kèk lane apre dènye timoun nan fin fèt.
Pafwa, se pa ni nèg la pou kont li, ni fanm nan pou kont li, ki reskonsab. Pwoblèm nan ka soti nan yo tou 2. Kèk fwa tou, mari a tankou madanm nan gen dwa parèt anfòm. Ankenn doktè ni analiz laboratwa pa ka dekouvri kisa k lakòz pwoblèm nan.
Move mès moun konn genyen, tankou paregzanp, lè yo bwè twòp tafya, lè yo fimen oubyen chike tabak, ak lè yo pran dwòg, ka aji sou kapasite fanm tankou gason genyen pou yo fè pitit.
Tout pati repwodiktif sa yo bezwen travay, epi travay ansanm, pou gwosès la rive. |
![]() kanal
kok
testikil (boul gren)
eskwotòm (sak grenn nan)
|
![]() ovil nòma
matris
twonp Falòp
ovè
vajen
espèma tozoyid nòmal
|
Fètilite nòmal lakay gason. Espèm ki an sante pwodui nan tèstikul yo epi yo mete l nan vajen fanm nan lè gason an ejakile pandan l ap fè sèks. | Espèmatozoyid ki nòmal travèse matris la san pwoblèm, al jwenn ovil ki nòmal tou. |