Hesperian Health Guides

Chapit 14: Esterilite (lè n pa ka fè pitit)

SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 14: Esterilite

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

a sad-looking couple sitting together by themselves
several happy-looking couples sitting in a circle, all with at least one child

Lè yon fanmi pa ka fè pitit, pwoblèm nan gen dwa soti swa nan mari a, swa nan madanm nan, oubyen nan tou 2 moun yo. Esterilite se yon pwoblèm moun prèske pa pale ditou.

Pifò fanm tankou pifò gason pa janm panse yo ta gen dwa pa ka fè pitit. Alaverite, sou chak 10 maryaj osinon plasay, genyen youn kote moun yo mal pou yo fè pitit. Gen de twa gason ak de twa fanm ki pa enterese fè pitit. Men pou fanmi sila yo ki vle fè pitit, esterilite gen dwa pote kè kase, kòlè ak dekourajman.

Gen anpil fwa, lè yon fanmi pa ka gen pitit, se fanm nan yo bay chay la pote. Men, nan prèske 50% ka yo, se gason an ki esteril. Pafwa, nèg la konn derefize kwè, lè se nan li menm menm pwoblèm nan soti, oubyen tou, lè gen chans pou pwoblèm nan soti nan tou 2 moun yo. Misye ka derefize al wè doktè, oubyen tou, li ka fè vye reyaksyon. Anpil fwa, se paske nan kèk zòn, plis yon nèg fè pitit, se plis yo konsidere l “gason”. Konsa, esterilite vin tounen yon gwo wont pou gason.

Plizyè pwoblèm ka lakòz esterilite. Gen nan yo ki ka jwenn tretman. Gen lòt ki pa gen tretman. Chapit sa a ap ede n konprann pwoblèm esterilite a. N ap wè tou kisa n ka fè pou sa.




Nou te mete paj sa a ajou: 19 jen 2025