Hesperian Health Guides

Ki pwoblèm ki ka lakoz esterilite?

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Men pwoblèm ki ka lakòz esterilite gason:

  1. Misye pa pwodui ase espèmatozoyid. Oubyen, jèm yo gen dwa pa ka naje pou yo antre nan twonp fanm nan, oubyen tou, jèm yo pa ka “fekonde” ovil.
  2. Lè misye t ap fòme, li te gen malmouton, epi maladi sa a te donmaje boul grenn li (testikil yo). Lè yon nèg gen pwoblèm sa a, li toujou ka voye, men dechay la pa gen espèmatozoyid ladan.
  3. Espèmatozoyid yo pa ka soti nan kòk nèg la, paske misye gen sikatris (mak blese) nan kanal li akòz yon MST li te trape lontan oubyen ki toujou sou li.
  4. Misye gen kèk venn anfle nan sak grenn li (eskrotòm). Maladi sa a rele varikosèl.
  5. Misye ka konn gen pwoblèm tou pandan l ap fè lanmou paske:
    • li pa ka byen bande.
    • misye bande, men bann nan pa ka rete.
    • misye voye twò vit anvan kòk la fin byen antre nan vajen fanm nan.
  6. Maladi tankou dyabèt, tibèkiloz ak malarya ka aji tou sou fekondite gason.


Men pwoblèm ki ka lakòz esterilite fanm:

  1. Fanm nan gen sikatris nan twonp Falòp yo oubyen nan matris li. Sikatris nan twonp ka oubyen anpeche ovil la deplase nan twonp la, oubyen anpeche espèmatozoyid la al jwenn ovil la. Sikatris nan matris ka anpeche yon ovil fekonde kole nan matris la. Pafwa, yon fanm gen dwa gen pwoblèm sa a san l pa konnen, paske li pa santi ankenn siy. Epi, kèk lane apre, li vin aprann li pa ka fè pitit.

    Men sa ki lakòz sikatris sa yo:
    twonp bouche
    WWHND10 Ch14 Page 231-1a.png
    WWHND10 Ch14 Page 231-1b.png
    fibwòm
    • yon enfeksyon fanm nan te trape nan yon MST ki pa t jwenn tretman. Enfeksyon sa a te monte jis nan matris li oubyen nan twonp Falòp yo (Maladi enflamasyon basen).
    • yon avòtman ki te fèt nan move kondisyon oubyen kèk pwoblèm ki te donmaje oubyen enfekte matris fanm nan, depi l te ti katkat.
    • yon esterilè fanm nan te mete nan move kondisyon lijyèn. Sa te lakòz yon enfeksyon.
    • pwoblèm apre yon operasyon nan vajen, nan matris, nan twonp falòp oubyen nan ovè.
  2. Fanm nan pa ka pwodui ovil (pa gen ovilasyon). Kapab se paske kò li pa pwodwi kantite òmòn li bezwen pousa yo, lè pou l pwodwi yo a. Si tan ki separe règ fanm nan se mwens pase 25 jou, oubyen plis pase 35 jou, li kapab gen yon pwoblèm ovilasyon. Pafwa, yon fanm gen dwa pa ka pwodui ovil, si l megri rapid rapid oubyen tou, si l twò gra.
  3. Fanm nan gen boul nan matris li (fibwòm). Fibwòm ka anpeche yon fanm ansent. Oubyen tou, fanm nan gen dwa gen pwoblèm pou l kenbe pitit la.
  4. Maladi tankou dyabèt, tibèkiloz ak malarya ka aji tou sou fekondite yon fanm (kapasite pou l fè pitit).

Nou kapab anpeche enfeksyon ki konn lakòz esterilite.




Nou te mete paj sa a ajou: 19 jen 2025