Hesperian Health Guides

Ann travay pou chanjman

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Kijan n ka ede moun ki gen pwoblèm esterilite:
  • fòk nou byenn elve epi gen bon konprann. Se yon moman ki difisil. Tou 2 moun yo bezwen solidarite ak konpreyansyon. Fanmi ki pa ka fè pitit pa merite ankenn repwòch.
  • montre mari a ki jan madanm li merite respè tankou tout bon konpay. Fòk misye bay madanm li valè. Montre madanm nan ki jan mari l merite respè tankou tout bon konpayon. Fòk manmzèl bay mari l valè.
  • ede moun yo chèche lòt mwayen pou yo jwenn ak timoun oubyen tou, pou yo viv lavi yo san pwoblèm.
Men lòt bagay travayè sante yo ka fè tou:
a man showing other men a condom, in front of a sign that says 'Condoms help prevent STIs which can cause infertility'
Gen anpil pwoblèm ki ka lakòz esterilite. Men nan tout pwoblèm sa yo, se MST yo n ap pi vit ka bloke (Prevansyon)
  • bay enfòmasyon sou posiblite adopsyon.
  • fè seminè pou jenn fanm ak jenn gason sou MST yo ak prevansyon kont MST.
  • chèche genyen nan kominote a yon travayè sante ki gen bon jan preparasyon pou l dekouvri epi trete MST. Fòk travayè sante sa a pran sa trè oserye, lè medam yo ap plenyen doulè nan basen. Twò souvan, medam yo konn tounen lakay san tretman. Zòt fè yo konprann yo pa gen ankenn pwoblèm.
  • montre medam yo ki jan pou yo rekonèt siy enfeksyon nan basen. Montre yo tou, enpòtans sa genyen pou yo chèche tretman definitif san pèdi tan.
  • montre gason tankou fanm ki jan pou yo rekonèt siy MST yo. Eksplike yo tou, enpòtans sa genyen pou yo chèche tretman touswit pou maladi sa yo. Fòk tou 2 moun yo - fanm ansanm ak nonm - suiv tretman.



Nou te mete paj sa a ajou: 19 jen 2025