Hesperian Health Guides
Desizyon w ap pran sou kesyon ti mennaj ak relasyon seksyèl
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 5: Tèt chaje jenn demwazèl nan zafè lasante > Desizyon w ap pran sou kesyon ti mennaj ak relasyon seksyèl
Antre nan relasyon seksyèl sèlman lè w santi w pare epi lè w konnen jan pou w pwoteje tèt ou kont tout danje. Ni fanm, ni gason ka pran plezi nan relasyon seksyèl. Men, sa p ap posib, si gen laperèz oubyen lawonte, nan lespri a.
![]() |
![]() Ou kwè l renmen m vre?
|
Desizyon yon demwazèl gen pou l pran sou kesyon gason, difisil anpil. Depi y ap devlope, pi fò jenn fanm ak jenn gason kòmanse renmen epi anvi fè sèks. Refleksyon sou lanmou ou ka bay oubyen sou lanmou ou ka jwenn vini nòmalman nan tèt ou. (Ti medam yo ka menm rive santi atirans pou fanm parèy yo.) Men, anpil fwa, santiman ak sansasyon sa yo parèt anvan nou pare pou n koresponn ak yo. Jenn fanm antre nan relasyon seksyèl pou divès rezon. Kèk nan yo fè sa paske yo vle gen yon timoun. Kèk lòt, paske li dous Desizyon wap pran sou kesyon ti mennaj ak relasyon seksyèl epi sa fè yo santi nèg la anvi yo.
Gen kèk fanm tou ki panse yo pa ta ka fè lòt jan, paske se djòb yo kòm madanm. Gen yon seri fanm tou ki blije vann kò yo pou lajan oubyen pou yo satisfè lòt bezwen tankou manje oubyen jwenn rad pou pitit yo, oubyen pou yo peye loye kay yo. Gen lòt fanm ki kouche ak yon nèg paske yo kwè sa ap fè nèg la renmen yo plis. Pafwa, zanmi oubyen mennaj yon demwazèl ka rive fè l konprann yo dwe fè lanmou, menm si demwazèl la poko pare pou sa.
Pèsonn pa te dwe fè lanmou si li pa vle. Antre nan relasyon seksyèl sèlman lè w santi ou pare pou sa. Fanm tankou gason ka pran plezi nan relasyon seksyèl, men l ap difisil pou w pran plezi nan yon bagay ki fè w pè oubyen ki fè w wont.
Si w pare pou w fè lanmou, pa janm bliye pwoteje tèt ou kont yon gwosès, pa janm bliye pwoteje tèt ou kont maladi. Pou w jwenn plis enfòmasyon sou kesyon sa a, gade chapit sou “Planin familyal”, “Maladi ou ka pran lè w ap fè bagay”, “SIDA”, “Sante seksyèl”.
Lanmou san kontak seksyèl
![]() |
Sa pran tan pou moun gen bon jan relasyon lanmou. Fòk gen tandrès, respè ak konfyans tou 2 bò yo. Kontak seksyèl se pa sèl mwayen ki egziste pou w montre yon moun jan w renmen l. Fè lanmou pa vle di ou pral damou toutbon.
Plis enfòmasyon
presyon pou fè fi fè lanmouNou ka pase anpil tan ansanm san n pa antre nan kontak seksyèl. Nan pale ansanm, nan pataje eksperyans youn ak lòt, nou chak ka aprann kesyon ki pi enpòtan pou lòt la, jan nou konprann lavi a, desizyon nou ka gen pou n pran ansanm, kalte mennaj, kalte paran n ap tounen epi jan nou chak konprann rèv lòt la genyen nan lavi a. Lè n ap karese (san n pa antre nan relasyon seksyèl), nou ka jwenn anpil plezi. Pa gen ankenn danje nan sa, depi n pa pèdi kontwòl nou pou n tonbe fè bagay san n pa pare.
Pale ak mennaj ou. Si w kwè se nèg pa w la, men ou pa fin konnen si w vle fè bagay, chèche kijan nou ka fè pou n tann. Ou gen dwa wè li menm tou, li poko pare pou sa. Si youn respekte lòt, n ap ka pran bon jan desizyon ansanm.
Pale ak zanmi w. Ou ka wè gen kèk ti medam, pami zanmi w yo, ki rankontre menm pwoblèm avè w nan chwa y ap fè. Youn ka ede lòt chèche pi bon mwayen pou n gen relasyon lanmou san kontak seksyèl. Men reflechi 2 fwa sou konsèy w ap jwenn nan men yon zanmi ki fè bagay deja. Li ka vle fòse w fè sa pou li menm li santi l pi alèz. Yo rele sa “chèche konpay”.
![]() |
Si w pare pou fè bagay, pa bliye pwoteje tèt ou

Lè w santi w pare pou w antre nan kontak seksyèl, ou dwe pwoteje tèt ou kont gwosès ak maladi. Gen anpil fason pou moun mete plis sekirite nan kontak seksyèl yo. Sa vle di fòk ou fè kèk preparasyon anvan w kòmanse fè lanmou.
Pale ak mennaj ou anvan w fè lanmou avè l. Fè l konnen jan li enpòtan pou w pwoteje tèt ou. Si w santi ou pa alèz pou w pale klè, ou ka kòmanse pran egzanp yon lòt fanm ak yon lòt gason.
Plis enfòmasyon
Plis pwoteksyon nan kontak seksyèl yoNan anpil kominote, gen moun prepare ki la pou yo distribiye kapòt ak lòt metòd planin familyal. Pale avè yo oubyen mande yon travayè lasante ki jan w ka jwenn yon metòd pou w pwoteje tèt ou. Si w santi ou pa alèz pou w mande sa, chèche èd bò kote yon moun ou fè konfyans. Ou ka jwenn èd nan kèk klinik ki espesyalize nan planin familyal, nan kèk sèvis espesyal pou jenn ti demwazèl ak jenn ti bway. Sèvis sa yo ka menm fòme jenn moun kòm konseye.
Konsa, se jenn ti medam ak jenn ti mesye ki la pou bay parèy yo enfòmasyon. Kòm maladi seksyèlman transmisib ak Sida pa janm ekri sou figi moun, w ap gen sekirite nan kontak seksyèl yo, sèlman si w sèvi ak kapòt chak fwa. Si kòk yon nèg ap fè pi oubyen si l gen bouton sou li, sa vle di nèg sa a gen yon enfeksyon. Si w fè lanmou avè l, ou gen prèske san pou san (100%) chans pou w pran enfeksyon sa a!