Hesperian Health Guides
Kontak seksyèl sou presyon oubyen kadejak
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 5: Tèt chaje jenn demwazèl nan zafè lasante > Kontak seksyèl sou presyon oubyen kadejak
Kontni yo
Lè mennaj ou ap fè presyon pou l kouche w
![]() |
Lè yon moun fòse w fè bagay san w pa vle, sa rele kadejak. |
Toupatou sou latè, yo konn fòse jenn ti demwazèl tankou fanm antre nan kontak seksyèl san yo pa vle. Anpil fwa, se mennaj medam yo ki fè zak sa a. Menm nèg sa yo gen dwa ap mache pale jan yo renmen mennaj yo. Gen kèk kote, yo rele sa “kadejak randevou”. Se pa sèlman ak fòs fizik yo konn sèvi. Yo ka fè presyon ak pawòl nan bouch yo oubyen yo ka montre yo fache. Yo gen dwa fè figi yo fè “tè pwa, tè mayi” pou yo di “tanpri” oubyen yo ka fè yon jan pou yo fè w santi w koupab oubyen fè w santi w wont, si w pa vle. Tou sa, se vakabondaj toujou.
Prekosyon:
- Si nèg la vle fè lanmou epi ou menm ou pa vle, ou ka di l jan w santi w kontan paske l anvi w, men ou menm, ou poko pare. Si w pè rete ak moun nan pou kont ou, mache ak yon lòt moun oubyen ou ka mande yon lòt moun pale avè l.

- Di “NON” byen fò, si nèg la ap fè presyon sou ou. Kontinye di “NON”, si l ap ensiste. Se pou w di “NON” ak kò w tou. Si w di “NON” ak bouch ou sèlman epi w lage kò w ba li, li gen dwa panse ou vle byen pwòp.
- Deplase, si l ap manyen w yon jan ou pa renmen. Sansasyon w ap ba w avètisman, lè yon bagay pi grav ka rive.
- Fè gwo bri epi òganize w pou w ka kouri, si w pa ka fè lòt jan..
Plis enfòmasyon
Kadejak- 'Pa bwè gwòg, pa pran dwòg. Alkòl ak dwòg ka fè w gen mwens fòs pou w sèvi ak konprann ou epi pou w ka kontwole sa k ap rive w.
- Soti an gwoup: anpil kote, jenn demwazèl ak jenn gason soti an gwoup oubyen yo pran randevou an gwoup. Konsa, w ap toujou ka chèche konn yon nèg, san w pa ba l chans pou l fè dappiyanp sou ou, paske ou p ap pou kont ou.
- Toujou ale nan zòn ki pa gen danje, kote lòt moun ka wè w.
- Fè plan w davans. Se pou w konnen ki kantite karès ki ap twòp pou ou. Pa kite sansasyon w pote w ale.
Si yon moun nan fanmi w eseye fè dappiyanp sou ou (ensès)
Li pa janm nòmal pou yon moun manyen w san w pa vle. Moun nan fanmi ou tankou kouzen w, tonton w, frè w oubyen papa w pa gen dwa manyen pati siperyè w, oubyen nenpòt kote nan kò w kòm si se bagay li vle fè. Si sa rive, ou dwe chèche sekou. Menm si moun sa a fè w menas pou w pa pale, ou dwe kouri vit al pale ak yon granmoun ou ka fè konfyans. Kèk fwa, li ka pi bon pou w pale ak yon moun ki pa fanmi w, tankou yon fanm ki pwofesè oubyen lidè relijye nan kominote a.
Jenn demwazèl ak granmoun gason

Gen kèk demwazèl ki renmen gason ki granmoun. Renmen ak yon nèg ki granmoun ka sanble enteresan anpil, sitou si nèg sa a gen repitasyon ak enpòtans nan kominote a, oubyen si l gen lajan pou l achte kado. Gen kèk kote, yo rele tonton sa yo “tonton rilaks”. Souvan, lè yon demwazèl soti ak yon granmoun, rive yon lè, li konn santi se sèvi granmoun nan ap sèvi avè l pou l fè lanmou. Oubyen, li konn santi granmoun nan trete l mal, sitou si nèg sa a marye osinon si l gen lòt fanm. Kèk fwa, yon tonton ka fè presyon sou yon jenn fanm pou fòse l fè sèks, sitou si tonton an gen pouvwa sou jenn fanm nan.

Plis enfòmasyon
travayèz seksyèlKòmès jenn demwazèl pou lajan ak lòt avantaj
Gen kèk fwa, yon fanmi malere konn fè yon granmoun gason kado pitit fi li pou li peye yon dèt fanmi an te fè. Yo ka vann li pou lajan oubyen pou lòt avantaj fanmi an ka jwenn.

Kèk lòt fwa, yon malandren konn pati nan yon lòt bouk oubyen nan yon vil ak yon bann ti demwazèl. Ti medam yo panse se travay yo pral travay nan faktori oubyen kòm sèvant, men lè yo rive, yo wè se nan komès seksyèl malandren an lage yo.
Si w kwè yo pral vann ou ba yon nèg oubyen yo pral vann yon lòt demwazèl nan kominote a, oubyen y ap pati avè n pou n al travay, kouri chèche èd bò kote yon lòt granmoun. Petèt yon matant, yon tonton oubyen yon pwofesè fanm ka ede w.