Hesperian Health Guides

Si w ansent san w pa vle

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Si w te nan fè bagay epi w pa wè règ ou, w ap pipi souvan oubyen w anvi vomi, ou ka ansent. Chèche wè yon travayè lasante oubyen yon fanm saj san pèdi tan, pou w ka konnen si se ansent ou ansent. Anpil ti demwazèl konn ansent san yo pa t vle. Gen kèk ladan yo ki ka jwenn èd bò kote fanmi yo oubyen zanmi yo. Men, pou kèk lòt, sa pa toujou fasil. a young woman crying
Plis enfòmasyon
avòtman san danje
a girl talking with an older woman
Pale ak yon moun ki pi gran pase w, yon moun ou fè konfyans. Lavi w twò enpòtan pou w pèdi l konsa.

Si w santi ou antrave ak yon gwosès ou pa t vle epi ou vle fini ak gwosès sa a, tanpri, reflechi anpil sou desizyon w ap pran yo. Toupatou sou latè, jenn demwazèl ak fanm konn pèdi lavi yo nan sèvi ak move mwayen pou yo jete yon pitit. Gen metòd san danje pou moun fè sa.

Nan anpil kominote, nou jwenn plis jenn fanm ak demwazèl pase nenpòt ki lòt gwoup moun, ki trape viris VIH/SIDA a. Gen plis danje pou demwazèl k ap kouche ak granmoun, men sa ka rive tou ak nenpòt ki gason.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025