Hesperian Health Guides
Kò w ap transfòme (pibète)
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 5: Tèt chaje jenn demwazèl nan zafè lasante > Kò w ap transfòme
Kò tout demwazèl transfòme, men chanjman yo pa fèt menm jan pou yo tout. Konsa, ou pa bezwen pè, si w wè kò w pa sanble kou 2 gout dlo ak kò sè w oubyen kò zanmi w.
W ap grandi. Premye chanjman w ap wè san mank, w ap grandi byen vit. Pandan yon tan, ou ka vin pi wo pase tout ti gason ki gen menm laj avè w. An jeneral, w ap sispann grandi, pandan 1 lane, 2 lane oubyen 3 lane, apre premye règ ou.
Chanjman nan kò w. Mete sou kesyon grandi vit la, kò w ap kòmanse transfòme. Òmòn yo bay plizyè pwodui chimik natirèl, lòd pou ede kò a grandi epi pou l transfòme tou.
Lè yon demwazèl ap fòme, tout chanjman yo gen dwa pa fèt ni menm lè, ni nan menm lòd la.
Chanjman nan kò w. Gen lòt chanjman ou p ap ka wè ak je w. Matris (Iteris) ou, twonp falòp yo, ovè yo ansanm ak vajen an ap vin pi gwo. Y ap chanje pozisyon tou.
Kisa w santi. Depi chanjman sa yo ap fèt, w ap vin konn kò w pi byen. Ou ka kòmanse pi enterese nan kò ti gason ak nan kò zanmi w yo tou. Kèk fwa, ou ka gen pwoblèm pou w kontwole sansasyon w. Kèk jou anvan règ ou, tout kalte santiman ak sansasyon ka chipote w - kontantman, kòlè ak enkyetid. Sa ka rive w anpil fwa.
Règ (peryòd, manstryiyasyon)
Règ la se yon siy ki montre w ka ansent. Ankenn demwazèl pa fin konnen nèt ki lè l ap kòmanse gen règ li. Sa rive, an jeneral, lè tete yo kòmanse vin gwo, lè pwèl kòmanse pouse sou kò yo. Kèk mwa anvan premye règ la, yon demwazèl ka santi pati siperyè l kòmanse mouye. Li ka wè tach nan kilòt li. Tout bagay sa yo nòmal.
Gen kèk demwazèl ki kontan lè yo gen premye règ yo, sitou lè yo deja konnen ki sa k ap rive yo. Souvan, demwazèl ki pa janm jwenn enfòmasyon sou kesyon sa yo konn pè, lè yo gen règ premye fwa nan vi yo. Se yon fenomèn ki rive nan lavi tout fanm. Ou dwe aksepte l, ou dwe menm santi w kontan. Pa kite ankenn moun fè w konprann se yon bagay sal, yon bagay ki ta dwe fè w wont.
Ki jan pou w pran swen tèt ou, lè w gen règ ou
Plis enfòmasyon
Kesyon règ laPwòpte. Anpil demwazèl pito mete twal (vlope) oubyen kotèks (ki fèt ak koton) pou ranmase san ki ap soti nan pati siperyè yo. Yo kapab sèvi ak yon senti, ak yon zepeng oubyen ak kilòt la pou yo kenbe twal la osinon kotèks la. Chak jou, yo dwe chanje twal la oubyen kotèks la plizyè fwa. Si se ak twal yo sèvi e si yo vle sèvi avè l yon lòt fwa, yo dwe lave l byen lave nan dlo ak savon.
![]() |
kotèks |
![]() |
tanpon |
Gen kèk fanm ki pi pito sèvi ak tanpon. Tanpon an, se andedan vajen an yo mete l. Tanpon sa a, yo ka achte l tou fèt, oubyen yo ka fè l ak koton, twal oubyen eponj. Si se ak tanpon ou sèvi, pa bliye chanje l, 2 fwa pa jou pou pi piti. Ou ka trape yon move enfeksyon, si w kite yon tanpon fè plis pase yon jou andedan w.
Lave devan w byen lave, chak jou, pou w wete tout kras san. Sèvi ak yon savon ki pa gen danje tankou savon ti bebe, si w kapab.
Aktivite. Ou ka kontinye fè tout aktivite w abitye fè san pwoblèm.
Benyen nòmalman, lè w gen règ ou. Sa ap bon pou sante w. |
![]() Egzèsis ka ede kèk demwazèl jwenn yon soulajman ak doulè yo konn genyen nan epòk règ yo. |