Hesperian Health Guides

Nou ka evite anpil ka kansè

Genyen plizyè bagay ki kapab bay kansè ; jeneralman nou pa ka konnen aklè si se yon sèl bagay ki lakòz sa. Men 2 ka kansè kote nou konnen ki sa ki lakòz yo :

Sanble se yon konbinezon bagay ki nwizib ki lakòz pifò lòt ka kansè yo.


Malgre nou pa ka evite tout ka kansè yo, si nou evite bagay ki kapab lakòz yo, n ap diminye chans pou nou pran kansè.

a man and a woman smoking with a small child on the woman's lap.

Evite fimen ; evite lafimen

  • Nan lemonn antye, se fimen tabak ki gen plis danje ladann, ki lakòz anpil kansè. Fimen bay kansè nan poumon ; an plis, li antre nan koz ki bay kansè nan gwo trip, nan blad pipi, ak nan kou. Moun ki fimen gen plis chans pou fè kriz kè, konjesyon serebral, enfeksyon nan poumon, ak ilsè lestomak. Si fanm ki gwo vant fimen oubyen rete bò kote moun k ap fimen, pitit yo va soti pi piti, epi yo malad pi fasil. Si moun sispann fimen, nenpòt ki laj yo rete a, sa va diminye chans pou yo pran kansè. Sa ap pwoteje fanmi ak zanmi yo tou. Pou aprann ki jan pou nou kite fimen, al gade nan Dwòg, alkòl, ak tabak (chapit sa a poko ekri).
  • Si moun limen dife anndan kay la pou kwit manje, sa ap bay moun plis chans pou yo pran kansè ak lòt maladi nan poumon. Nou ka fabrike yon fou ki pa bay anpil lafimen oubyen ki pa bay lafimen menm. Oubyen nou ka mete yon tiyo soti nan tèt kay la pou degaje lafimen an anlè.
  • Lafimen faktori ak echapman machin voye salte nan lè a. Salte sa a bay kansè. Lè moun yo fè presyon epi lè gouvènman an fè lwa, yo ka oblije faktori ak machin bese kantite salte yo voye nan lè a. Konsa, ap genyen mwens moun ki pran kansè.
  • Genyen danje si nou travay kote ki gen anpil lafimen. Si nou menm ak moun ki travay ansanm ak nou, si nou reyisi fè chèf nou yo dakò pou fè lè a sikile pi byen, oubyen, pou pi piti, fè yo bay travayè yo mas (respiratè) pou yo pote, n ap jwenn pi bon sante.
a man drinking alcohol from a bottle.

Pa bwè anpil alkòl

Moun ki bwè plis pase youn oubyen de vè alkòl nan yon jou, yo pi fasil pou yo pran kèk kansè. Kansè nan tete, kansè nan fwa, kansè nan vant oubyen nan trip, nan bouch ak nan gòj, nou jwenn yo pi souvan kay moun ki bwè alkòl. Si moun pa bwè alkòl, y ap gen plis lajan pou yo achte manje ak lòt bagay fanmi yo bezwen. Pou aprann plis sou ki jan nou ka sispann bwè, al gade nan Dwòg, alkòl, ak tabak (chapit sa a poko ekri).

Evite epi trete enfeksyon

  • Si nou pa trete mikwòb ki lakòz ilsè nan lestomak (H pylori), li ka bay kansè nan lestomak. Si ou gen yon ilsè nan lestomak k ap tounen sou ou, trete l ak medikaman jan yo di ou nan Vant fè mal, dyare, ak vè.
  • Epatit B ak C (lajonis) toulede ka bay kansè nan fwa. Genyen yon vaksen kont epatit B. Moun ka evite epatit C si yo sèvi ak kapòt lè yo fè bagay, epi si yo pa sèvi ak zegwi ki pa esterilize. Aprann plis sou koze epatit.
  • Viris VPH bay kansè nan bouch matris. Moun trape viris sa a lè yo al nan kontak seksyèl ak moun ki enfekte. Genyen yon vaksen kont VPH.
  • VIH fè moun pran kèk kansè pi fasil, sitou sakòm Kapozi, yon kalite kansè nan glann (lymphome non hodgkinien), ak kansè nan bouch matris. Evite trape VIH. Sèvi ak kapòt lè n ap fè bagay ; pa sèvi ak zegwi ki pa esterilize.

Byen manje bay bon sante

Manje nou abitye manje kapab pwoteje nou kont kansè, oubyen li ka fè nou pran kansè pi fasil. N ap pwoteje tèt nou kont kansè ak lòt maladi si nou manje grenn ki gen pay sou li, epi legim ak fwi kri. Aprann ki jan pou nou byen manje menm si nou pa gen anpil lajan. Sere grenn sereyal ak pwa yon kote ki pèmèt lè a pase. Konsa n ap evite yo kanni, paske gen yon kalite kanni ki ka bay kansè nan fwa.

Swen sante

Kote moun jwenn bon swen sante, bon doktè, mis, ak ajan sante, yo gen pi bon sante epi yo ka evite kèk kansè antre sou yo. Epitou, si gen klinik ak lopital, yo ka detekte kansè pi bonè ; konsa trètman an va bay pi bon rezilta.

Evite kontak ak pwodui chimik

Genyen plizyè milye pwodui chimik yo fabrike chak ane ki sèvi nan faktori ak nan kilti tè a. Yo antre nan lè n ap respire a, nan dlo n ap bwè a, ak nan manje n ap manje a. Genyen kèk pwodui chimik ladan yo ki nwizib pou sante nou ; epitou, genyen ladan yo ki bay kansè oubyen ki antre nan kòz ki bay kansè yo. Se donmaj, men pa gen lwa ki oblije yo fè tès pou wè si yon pwodui chimik san danje anvan moun sèvi avè l. Sa fè nou pa ka konnen ki danje ki genyen anvan li twò ta. Nou wè gen plis moun toujou k ap pran kansè nan lemonn antye. Yon bagay ki lakòz sa sè ke moun sèvi plis toujou ak pwodui chimik. Ki jan pou nou pwoteje tèt nou kont pwodui chimik epi kont kansè :

  • Konsidere yon pwodui chimik gen danje ladann jis yo montre byen klè ke li san danje.
  • Pa sèvi ak pwazon ki pou touye ti bèt, pa sèvi ak pwodui chimik pou fè netwayaj, epi pa sèvi ak nenpòt veso oubyen bwat kote yo ka te sere pwodui chimik.
  • Pa boule bagay ki fèt nan plastik ; pa boule lòt fatra (sa fè vapè pwodui chimik antre nan lè n ap respire a).
  • Eseye konvenk chèf travay la pou yo sèvi ak pwodui chimik ki pa gen anpil danje ladan yo. Si nou pa reyisi, fè efò pou nou pa respire yo ni touche ak yo. Pòte gan, pote mas oubyen respiratè, pote rad ki pou kouvri tout kò a, epi lave men nou souvan. Konsa n ap evite pwodui chimik yo antre nan manje nou oubyen nan bouch nou.
  • Fè presyon sou gouvènman an pou yo egzije faktori ak sant elektrik pou yo okipe fatra yo yon jan ki san danje. epi ki pa p kontaminen kote n ap viv la. Pou aprann plis sou ki jan nou ka òganize kominote nou a pou li goumen ak pwoblèm pwodui chimik, al gade nan liv la : A Community Guide to Environmental Health ; se Hesperian ki pibliye liv la.
an illustration of the path of pollution entering a nursing woman's body. Salte ki sot nan faktori ap antre nan kò nou. Si nou met fen ak salte sa a, ap genyen mwens moun ki pran kansè.

Lè nou bay lavi moun plis valè pase richès lavi sa a, va genyen mwens moun ki pran kansè.



Nou te mete paj sa a ajou: 11 okt 2020