Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou mete yon fen ak grangou

Kote nou rete a, nou ka prepare nou pou fè fas ak sezon grangou a. Nou ka fè jaden, sere rekòt la nan pi bon eta, epi pataje sa nou gen ak vwazen nou.

Fè jaden

Moun kap okipe legim yo plante nan yon jaden yo fè nan yon teren vid.Teren sa a bò kote gwo batiman kote yo rete a

Nenpòt kote moun abite, nou ka fè jaden. Lè nou fè jaden epi nou manje pwòp rekòt pa nou, se pi bon fason pou nou rete an sante. Konsa nou va jwenn dekwa manje lè nou pa genyen lajan pou achte manje.

Moun lavil ka fè ti jaden nan pwent tè ki vid. Yo ka plante nan po, osinon nan sak tè, epi mete yo nan yon fenèt. Si yo fè ti jaden nan kèk po, sa pa bay anpil rannman, men se yon ti pa annavan. Timoun renmen bay kout men nan fè jaden. Montre timoun ki jan pou yo fè plantasyon. Se yon abilte ki gen anpil valè. Mete men ansanm ak vwazen pou fè jaden nan yon teren vid. Lè konsa, nou ka plante plis ankò.

Si nou deja fè kilti latè, men nou fè kilti koton, kafe, diri, osinon tabak, rekòt la rapòte lajan. Men plante kèk legim pou fanmi nou tou, oubyen pou katye nou. Si sa nou plante pou vann pa donnen, oubyen li pa rapòte nou ase lajan, na toujou jwenn dekwa manje.

Ki jan pou nou jwenn pi bon ranmann

Yon bèf kap manje zèb. Bèf la bay fimye
  • Sèvi ak fimye bèt osinon konpòs pou rann tè a pi arab. Si moun achte angrè chimik pou yo mete nan tè a, sa bay pi bon rannman pandan de twa ane. Men alafen, tè a vin mèg, epi sous dlo yo vin kontamine. Si moun mete fimye osinon konpòs nan tè, sa rann tè a pi arab. Pou anrichi tè ti potajè a, fè konpòs, Mete tout fatra kizin nan yon bokit osinon doum ; kite l pouri la jis li tounen bon tè. Sèvi ak konpòs sa a pou anrichi tè a.
Yon fanm kap vide dlo nan yon bokit. Gen 2 tiyo ki soti bokit la pou rive wouze ti jaden li.
Si moun fè ti twou nan tiyo irigasyon yo, sa pèmèt dlo tonbe ti gout pa ti gout nan tè a.


  • Menaje dlo. Eseye ranmase dlo lapli. Si moun ka jwenn yon tiyo long, sèvi avè l pou wouze chak plant apa. Sa gaspiye anpil dlo lè nou fouye gwo rigòl pou fè dlo koule rive bò plant yo.
NWTND Nut Page 31-1.png
Ane sa a, plante mayi. Ane pwochen, plante pwa.


  • Chanje kilti apre chak rekòt (wotasyon). Apre chak rekòt, nou dwe plante yon lòt bagay ki pèmèt tè a reprann fòs. Sa ka evite maladi plant tou.
  • Plante pwa. Se bon kalite manje; an plis, yo fè tè a reprann fòs li.
Yon gason kap flite jaden li. Li pote yon rezèvwa sou do l, ak yon aparèy pou flite ki fikse sou li
Si nou gen yon boutèy ki pou flite, lave l byen lave. Mete yon ti luil kizin (ki sèvi pou fè manje) ladan l, plen li ak dlo. Souke l byen. Flite plant yo pou touye piswon ak lòt ti bèt kap nwi plant yo.
  • Pa sèvi ak pestisid, (pwazon ki pou touye ti bèt ak zèl). Se pwazon yo ye. Se vre, yo touye ti bèt, ki fè jaden yo pouse pi byen pandan yon ti tan. Men, yo fè moun mal, moun ki sèvi ak yo. Zwazo ak ti zannimo ki manje ti bèt ka tonbe malad tou. Si pa gen zwazo ak bèt ki pou touye ti bèt, lè konsa va toujou genyen plis ti bèt ak zèl kap manje rekòt la. Finalman, ti bèt ak zèl vin kenbe tèt ak pwazon an, epi pwazon pap ka touye yo. Pwodui chimik koute chè, epi yo ka fè moun mal. Si nou kapab, evite sèvi ak yo.


Nou ka sèvi ak savon dous pou anpeche ti bèt devore jaden an. Luil kizin li menm ka touye anpil ti bèt ak zèl.

Sere rekòt nou

Nou mèt plante jaden epi fè rekòt. Sa pa itil anyen si rekòt la gate oubyen si ti bèt manje l. Lè nou fin fè rekòt, nou ka seche l, konsève l nan vinèg, sale l, osinon fèmante l pou sere l pou l pa gate.

Sereyal ak pwa

  • Lè nou fin fè rekòt, mete l seche, epi sere l nan yon bon kote. Depi sereyal la mi, moun dwe rekòlte l san pèdi tan. Si nou pa fè sa, nou ka pèdi anpil grenn
  • Sere sereyal nan yon kote ki chèch, ki anwo tè a, kote ki byen fèmen. Si rekòt nou gran, nou ka bati yon depo. Rekòt ki pi piti, nou ka sere yo nan doum osinon lòt veso ki byen fèmen.
Bout metal sou pye depo
Bout metal sou pye
Rakle tè a pou wete tout zèb ak lòt bagay kote ti bèt tankou rat ka kache e niche. Sant rès manje rale yo vini. Wete tout.



Gade tout depo, doum, ak veso byen fèmen. Fè vit bouche nenpòt ti twou. Rat ak sourit ka glise nan twou tou piti.
Sere sereyal yon kote ki anwo tè.



Sourit ak rat konn grenpe. Wete tout bagay ki kole ak depo a. Mete bout metal sou pye depo a.

Gade chen osinon chat pou chase ti bèt.
  • Nan peyi Inde (Enn), peyisan yo melanje fèy nim ak sereyal yo sere. Luil nim, ki nan fèy pye nim, se yon pestisid natirèl san danje, ki chase ti bèt ak zèl. Nan peyi Cameroun (Kamroun), peyizan yo antase sann dife bwa ak pwa ki seche nan kannari. Sann dife chase yon kalite ti bèt yo gen la. Gen lòt kote yo sere pwa ki seche nan luil kizin (luil nap sèvi pou fè manje). Konsa yo konsève manje yo ase lontan, sereyal ak pwa, nan tout sekirite.
  • Sereyal ki kanni gen pwazon ladan l. Fòk nou jete l.
Pwason ki fikse sou yon kòd. Yap seche yo anwo dife

Drying

Pwason, fwi, vyann ak legim ki seche ka ban nou vitamin, mineral ak pwoteyin, lè pa gen anyen nou ka keyi nan jaden nou. Pou nou ka seche manje pi vit, epi evite pousyè tonbe sou li, pa mete yo atè. Sèvi ak yon laye, griyay, oubyen moustikè. Sa pèmèt lè a pase pa anba. Konsa manje a ap seche pi vit. Kouvri manje a ak yon twal fen, osinon yon lòt moustikè, pou pa kite ti bèt vin poze sou li, e pou salte pa tonbe sou li.

Nòmalman, se pou moun kwit legim de twa minit anvan yo mete yo seche. Kite yo seche jis yo prèske fin chèch, men yo dwe gen ase dlo rete ladan yo pou yo gen bon gou. Nou ka seche vyann ak pwason sou dife.

Sere manje ki seche kote li fènwa ak kote l fè fre. Fèmen yo nan sak, bwat osinon bokal.

Separe manje bay vwazen nou

Yap bay yon fanmi manje, pandan lòt yo chita a tab ap manje

Gen de kominote kote moun gen koutim separe manje bay lòt moun ki nan nesesite. Pa egzanp, lè fanmi yo al legliz, chak pote yon ponyèn sereyal. Si chak fanmi pote yon ponyèn, tout ti mezi sa yo mete ansanm fè anpil sereyal. Konsa, lè gen yon fanmi ki pèdi rekòt la, yo bay fanmi sa a nan sereyal yo te ranmase. Gen de gwoup ki gen tan etabli de ‘bank diri’. Nan tan rekòt, moun pote diri yo mete l nan bank la. Nan tan sèk, yo separe l bay moun ki malere diri sa a.

Ki jan yon kominote fè fas ak grangou

Lavil Belo Horizonte (Bèl Orizon), nan peyi Brésil (Brézil), tap chache rezoud pwoblèm grangou ak lamizè, pou moun lavil ak pou ti kiltivatè ki abite toupre. Nan lane 1990 konsa, konsèy minisipal la te deklare : tout moun gen dwa jwenn manje. Yo lanse kèk pwojè pou yo ka bay tout moun sa yo gen dwa genyen. Pa egzanp :

  • Yo prepare bay tout timoun bon kalite manje nan lekòl
  • Chak senmenm yo bay pòv malere yo yon panye plen ak bon kalite manje.
  • Genyen twa restoran ki prepare bon jan manje. Yo vann li a pri ba. Pratik yo gen dwa bay chèf restoran yo lide sou ki jan yo ka fè l pi byen.
Moun kap vann epi kap achte fwi ak legim nan mache
  • Pou kontinye pwojè bay moun bon kalite manje, lavil la achte fwi ak legim nan men kiltivatè ki abite tou pre lavil la. Genyen mache kote kiltivatè yo ka vann manje a bon pri. Sa ankouraje kiltivatè yo rete abite sou tè yo, ap fè jaden. Yo pa oblije deplase al lavil. An plis, sa vle di yo va toujou genyen fwi ak legim fre pou moun lavil ka achte yo.
  • Yo kontwole pri manje prensipal nan mache. Yo ekri pri yo sou pankat nan plas piblik, yo fè reklam sou radyo ak tele, yo fè tout moun konnen ki bò yo ka achte manje pi bon mache. Mache prive yo oblije vann machandiz yo a pri ki jis.


Pwojè sa yo te amelyore lasante moun Belo Horizonte (Bèl Orizon) yo byen vit. Kantite timoun kap mouri diminye a mwatye ke sa l te ye anvan yo lanse pwojè sa yo.