Hesperian Health Guides

Ajan sante yo ka ede moun ki gen kansè

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Ajan sante yo nan kominote a ka aprann moun sou ki jan pou evite ak pou trete kansè. Yo ka separe konnesans yo ak lòt moun.

Ede moun ki gen kansè epi ede fanmi yo:

  • Fè yo konnen nou la pou soutni yo.
  • Ede yo fè konnesans ak lòt moun k ap viv menm moman difisil yo.
  • Ede yo jwenn bon kalite manje. Si yo bezwen deplase, ede yo jwenn mwayen, machin, oubyen transpò. Ede yo okipe timoun yo; ede yo okipe kay yo. Petèt gen kèk gwoup nan kominote a ki ka ba yo yon kout men, tankou legliz, oubyen Sèvis Sante Piblik.
  • Fè konnesans ak tout klinik, doktè, ak òganizasyon nan kominote a ki kapab ede moun nan zòn nan ki gen kansè.
  • Bay malad la yon kout men, pou li goumen ak doulè e malèz la; ankouraje li pou li pa pè.
  • Veye moun k ap pwofite soufrans lòt moun pou yo pran lajan yo. Fè malad yo ak fanmi yo konprann pou yo pa fè nenpòt moun konfyans ki vin di li ka geri kansè a. Li ka byen fè lwanj trètman li bay, men se pawòl van, paske remèd la pa p fè anyen pou malad la, epi li ka menm rann li pi malad.
health worker talking to a woman.

Degaje nou pou fè moun konnen ki jan pou yo rekonèt kansè epi ki sa yo ka fè pou anpeche kansè vin sou yo :

  • Ankouraje moun yo rekonèt siy kansè yo lè li fèk mete pye. Di yo pou yo pa pè fè tès pou kansè oubyen pou yo trete l, paske si nou pran bonè ak kansè a, gen plis chans pou nou geri.
  • Fè klas pou ede moun sispann fimen.
  • Vaksinen tout moun kont epatit B e VPH.
  • Fè tès pou kansè nan bouch matris pou tout fanm. Si gen pwogram ki fè tès pou lòt kalite kansè, se pou moun vin fè tès sa yo.
  • Pa kite okenn chans pase pou mete sou sa nou konnen deja sou koze kansè a. Aprann ajan sante yo trete kèk kalite kansè. Fanmsaj yo ka aprann fè tès pou kansè nan bouch matris, ak ki jan pou yo trete l.
  • Òganize moun nan kominote a pou pa kite pwodui chimik ak lòt salte vin kontamine dlo, tè, ak lè a kote n ap viv la.
  • Chofe moun nan kominote a pou yo bay moun malad yo bon jan, pou yo gen kè sansib. Se pa fòt yon moun si li pran kansè.


Nou te mete paj sa a ajou: 11 okt 2020