Hesperian Health Guides

Kansè ak manke gen jistis

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Kansè se yon gwo pwoblèm pou tout moun, men pwoblèm nan pi grav pou pòv malere yo. Moun malere yo pi fasil pou yo tonbe malad anba kansè, paske yo oblije rete nan katye kote pwoblèm salte a pi grav. Yo oblije al travay nan fè dyòb ki pi danje yo ; yo gen plis tèt chaje. Moun ki manje plizyè bon kalite manje (fwi ak legim kri, pwoteyin ak grenn sereyal ki gen pay sou li) yo gen plis chans pou yo pa fè kansè. Men gen moun ki manke mwayen pou yo byen manje. Epitou, ka pa genyen sèvis sante nan zòn pa yo. Plis pase sa, pòv malere yo ka manke mwayen pou yo al fè konsiltasyon medikal, fè tès, epi jwenn medikaman ak swen sante ki ta kapab trete kansè yo.

Akòz tout pwoblèm sa yo, nou di mizè ak manke gen jistis ka bay kansè tou.

Nou te mete paj sa a ajou: 11 okt 2020