Hesperian Health Guides

Si nou gen kansè

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Lè nou vin konnen nou gen kansè, sa ap ban nou kè sere menm. Men genyen kèk bagay nou ka fè pou ede kò a goumen ak kansè a, epi pou fè nou santi nou pa pi mal.

  • Si ou sispèk ou gen kansè, chache jwenn yon doktè oubyen yon klinik kote yo konn trete kansè. Sa ka mande plis pase yon sèl tès pou konnen san dout si se kansè oubyen non.
  • Si yo di ou ou gen kansè, poze doktè a kesyon sou maladi a. Ki sa ki rive pifò moun ki fè kalite kansè sa a ? Ki sa ou kapab fè pou ou viv pi lontan ? Ki chans ou gen pou ou chape anba kansè a ?
  • Fè vit chache trete kansè a. Si moun pran bonè ak maladi a, yo ka geri anpil kansè. Eske ou gen dwa chwazi ki trètman ou vle ? Ki pwoblèm, efè segondè, trètman yo konn bay ?
  • Pale ak lòt moun ki gen kansè. Yo ka byen ba ou bon konsèy, epi yo ka gen kè sansib, sitou si yo te soufri anba menm kansè a, epi yo ale byen koulye a.
  • Si fanmi ou oubyen zanmi ou yo vin ba ou yon pakèt istwa oubyen bri ki kouri, pa koute yo. Genyen anpil chans pou bri sa yo pa vre.
  • Manje manje ki nourisan ; sa ap remonte fòs ou.
  • Fè kò ou fè mouvman chak jou—fè ti mache. Poze kò ou, poze san ou ; fè yoga, fè meditasyon, oubyen pase yon moman trankil pou kont ou.
  • Chache jwenn moun ki pou ba ou yon kout men. Kansè ak trètman kansè yo konn fè moun bouke, ba yo kè plen ak doulè. Kansè ka andikape ou ; ou ka gen difikilte pou ou mache oubyen pou ou fè travay ou. Yon ajan sante nan kominote a gen dwa konnen ki kote ou ka jwenn yon kout men.


Pwomosyon pou sante e viv san pwoblem dwe plase nan mitan nenpòt kalite trètman k ap bay kont kansè

Lè ou vin konnen ou gen kansè, lè w ap swiv trètman, epi lè ou oblije sipòte maladi a, sa ka boulvèse kè ou anpil. Se nòmal pou ou anvi pèdi espwa, epi pou ou gen kè ou sou biskèt. Li enpòtan pou ou swiv medikaman ak lòt trètman yo ; men li enpòtan tou pou ou pran swen santiman ak lespri ou. Genyen plizyè fason pou ou jwenn sa ou bezwen.

NWTND Can Page 20-1.png
  • Pase yon moman ak moun ki renmen ou.
  • Al kote yon moun ou ka fè konfyans ; rakonte li ki jan ou santi ou, epi ki sa ki ba ou kè sote.
  • Priye, epi asiste reyinyon ak aktivite leglìz ou.
  • Kontinye fè sa ou renmen fè, sa ki ba ou kè kontan.
  • Poze san ou ; koute mizik ak chan, fè meditasyon, epi fè ti egzèsis.


Pou aprann plis sou ki jan pou ou boule ak kè sere oubyen kè sote, al gade nan Sante mantal (chapit sa poko ekri).


Nou te mete paj sa a ajou: 11 okt 2020