Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou trete kansè

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Trètman kansè a sèvi pou chache geri yon kansè ; epitou, li sèvi pou fè moun kapab viv pi lontan e pi byen ak kansè a.

Kalite trètman yo bay depann de kalite kansè yon moun genyen, si li chita yon sèl kote nan kò a, oubyen si li gen tan gaye, epitou, si moun nan anfòm oubyen non. Gen de fwa yo sèvi ak yon sèl kalite trètman ; lòt fwa yo sèvi ak yon konbinezon trètman. Si premye trètman an pa bay rezilta, yo ka eseye yon lòt trètman. Genyen 4 fason ki pou trete kansè.

  1. Operasyon, chiriji – yo koupe kansè a wete l nan kò a.
  2. Chimiyoterapi (chimiothérapie) – yo sèvi ak medikaman ki pou touye selil kansè yo.
  3. Radyoterapi, (radiothérapie) – yo sèvi ak reyon (ki sanble ak reyon radyografi) ki pou touye selil kansè yo.
  4. Òmòn – yo sèvi ak medikaman ki pou siprime òmòn yo ki fè kansè a anvlimen.


Trètman sa yo ka bay pwoblèm ki fè yon moun santi li pa bon menm. Men pi souvan, se sèl fason pou touye selil kansè yo. Se konsa trètman yo ka pèmèt yon moun jwenn gerizon.

Genyen trètman ki mande plis lajan pase lòt yo ; gen trètman nou pa ka jwenn yo tout kote. Paske moun manke separe richès yo youn ak lòt, konsa moun oblije degaje yo ak sa yo genyen ki disponib. Malerezman, se lenjistis k ap di ki kalite trètman yon moun ap jwenn.

Kansè pa aji menm jan sou tout moun. Konsa tou, trètman kansè yo pa aji menm jan sou tout moun nonplis. Pa egzanp, gen moun ki soufri anpil anba efè segondè yo, pwoblèm trètman an ap bay yo, pandan lòt moun pi alèz. Oubyen, yon kalite trètman bay bon rezilta kay yon moun, men li pa bay menm rezilta kay yon lòt moun. An plis, trètman yo aji sou santiman moun ak sou lespri moun, men se pa menm jan pou chak moun.

Lè nou pa wè siy kansè ankò kay yon moun ki fin swiv trètman an

Lè trètman kansè a bay bon rezilta, nou pa ka detekte kansè ankò nan kò yon moun. Nou pa ka di li geri, paske toujou gen ti chans pou maladi a tounen sou li. Men tou, gen de fwa kansè a ka sispann gwosi, men boul la toujou rete.

Lè yon moun fin fè trètman kansè a, fòk li al kay doktè tanzantan pou fè konsiltasyon. Espas tan li dwe pran pou li ale wè doktè a depann de ki kalite kansè li genyen.

a man with a bandage on his cheek.

Operasyon

Lè yon moun gen kansè yon sèl kote nan kò a, kèk fwa li posib pou yo fè operasyon pou wete l nèt ale. Gen de fwa yo ka wete ti boul kansè yo nan yon sant sante. Lòt kalite kansè ka mande pou malad la ale lopital pou yo fè pi gwo operasyon ; l ap pran plis tan pou li refè.

Gen de fwa, yo fè operasyon, men malgre sa yo sèvi ak chimiyoterapi oubyen ak radyoterapi. Konsa yo chache touye dènye selil kansè ki ka te rete nan kò malad la.

Chimiyoterapi (trètman ak medikaman)

Genyen kansè nou ka trete yo ak medikaman ; yo rele trètman sa a chimiyoterapi. Medikaman sa yo ka koute byen chè, men nou jwenn plizyè ki vin pi bon mache. Sèvis Sante Piblik dwe fè mwayen pou moun ka jwenn medikaman sa yo. Konsa ap gen plis moun k ap jwenn trètman, epi k ap geri anba maladi kansè. Medikaman yo ka sèvi pou :

  • anpeche kansè an gaye nan kò a.
  • fè boul kansè a sispann gwosi, oubyen yo fè li vin pi piti.
  • touye selil kansè yo.
a woman with receiving an IV while a man with a baby looks on.

Gen de fwa yo ka trete kansè ak medikaman sèlman, men pi souvan, yo sèvi avè l ansanm ak yon lòt kalite trètman. Pa egzanp, si yo bay medikaman pou fè boul la vin pi piti, konsa yo pi fasil ka fè operasyon pou wete l. Oubyen, lè yo fin fè operasyon an, yo sèvi avè l pou touye dènye selil kansè ki ka te rete.

Yo fè medikaman chimiyoterapi sou plizyè fòm. Genyen grenn oubyen siwo pou vale. Pi souvan, yo bay medikaman yo nan venn. Nòmalman, yo sèvi ak plis pase yon sèl medikaman.

Chak konbyen tan pou bay medikaman ? Pandan konbyen tan ? Sa depann de kalite kansè a, ak kalite medikaman yo bay. Sa depann tou de ki jan medikaman an reyaji nan kò malad la. Se pa menm bagay pou tout moun. Yo ka bay medikaman chak jou, chak 8 jou, oubyen chak mwa, men nòmalman y o fè ti pòz tanzantan nan trètman an pou malad la ka poze kò li epi rejwenn fòs li. Menm si medikaman yo ap touye selil kansè yo, y ap aji sou lòt selil ki an sante yo tou. Pifò selil nòmal yo ap geri, men malad la ka soufri anba efè chimiyoterapi a. Men pwoblèm ak malèz medikaman yo ka bay :

  • Anvi vomi, kè plen (aprann ki jan nou ka goumen ak anvi vomi).
  • Iritasyon po anndan nen ak bouch la. Po a ka vin wouj, li ka leve bouton, epi kèk fwa bouch ak gòj yo ka fè mal, tankou y ap boule. Manje ka pa gen bon gou nan bouch ou ; li ka pran gou metalik, li ka pran gou twò anmè oubyen twò sikre. Pou trete bouton nan bouch, rense bouch la kèk fwa nan yon jou avèk melanj sa a : 1 tas dlo tyèd ki bouyi oubyen trete, yon ka (¼) nan yon ti kiyè sodyòm bikab, ak yon uityèm (⅛) nan yon ti kiyè sèl. Lè fini, rense bouch la ak dlo pwòp.
  • Toutan ou bouke. Poze kò ou. Fè ti mache ; yon ti tan chak jou ka remonte ou. Li bon pou ou bwè anpil dlo ak lòt likid.
  • Cheve yo tonbe paske lè chimiyoterapi a ap touye selil kansè yo, l ap touye lòt selil nòmal k ap gwosi byen vit, tankou selil cheve yo. Yon fwa chimiyoterapi a fini, cheve yo va repouse.


Lè ou fini ak trètman an, pwoblèm sa yo ka vin pi rèd pou kèk jou, men lè fini, yo tout ap pase.

Pandan w ap swiv chimiyoterapi, pran swen tèt ou.

  • Pran ti repo lè li nesesè.
  • Manje manje ki nourisan.
  • Pa bwè alkòl. Alkòl ka aji sou chimiyoterapi ak sou fwa a.

Radyoterapi (trètman ak reyon)

Menm jan ak chimiyoterapi, radyoterapi touye selil kansè yo ansanm ak lòt selil k ap gwosi byen vit yo. Yo sèvi ak radyoterapi pou fini ak kansè a, oubyen pou anpeche boul la gwosi. Yo ka sèvi ak radyoterapi a pou kont li, oubyen yo ka sèvi avè l ansanm ak operasyon oubyen chimiyoterapi.

Aparèy ki pou fè radyoterapi voye reyon ki fò anpil sou boul kansè a pou touye selil kansè yo. Trètman an ka bon si yo detekte kansè a bonè, anvan li gaye lòt kote nan kò a. Gen de lè radyoterapi pi bon pase chimiyoterapi, paske chimiyoterapi aji sou tout kò a, men radyoterapi aji sèlman sou kote kansè a ye a. Sa fè li pa bay pwoblèm menm jan ak chimiyoterapi a. Gen de lè radyoterapi ka geri kansè a nèt, men gen de lè kansè a ka tounen sou moun nan.

a woman in a radiation treatment machine.


Trètman radyoterapi pa fè mal. Ya mete moun nan kouche sou yon tab, anba aparèy radyoterapi a. N ap pase 15 - 30 minit anba aparèy la. Kantite trètman n ap pran ak chak konbyen tan n ap pran yo, va depann de kalite kansè nou gen e gwosè boul kansè a ye.

Pwoblèm ki mache ak radyoterapi :

  • Toutan ou bouke. Poze kò ou. Fè ti mache ; yon ti tan chak jou ka remonte ou. Li bon pou ou bwè anpil dlo ak lòt likid.
  • Bouch ou pa gou. Li ka pi bon pou ou pran yon ti manje tanzantan, olye pou ou manje anpil yon sèl kou. Si bouch ou fè ou mal lè w ap manje, pran ti bouyon, labouyi, oubyen lòt manje ki byen kwit e ki byen kraze.
  • Po a pa nòmal. Kote reyon yo te bat po a, li ka tounen koulè woz oubyen pi fonse. Po a ka fè mal, l ap boule, li sèch, l ap grate, li yon ti jan anfle, oubyen li leve yon gratèl oswa zanpoud.
  • Ou gen anvi vomi, kè plen (aprann ki jan pou ou goumen ak anvi vomi).


Sa ap pran tan, men pwoblèm sa yo va al fè wout yo.

Pran swen tèt ou pandan w ap swiv radyoterapi :

Trètman ak òmòn

NWTND Can Page 7-1.png

Medikaman ki aji sou òmòn kò a, yo ka fè yon boul kansè vin pi piti, oubyen yo ka ralanti sou jan timè a ap gwosi. Yo rele sa trètman ak òmòn. Nòmalman, nou jwenn medikaman sa yo nan fòm grenn, men gen kèk se ak piki pou nou bay yo. Yo ka mete trètman òmòn sou lòt kalite trètman kansè : operasyon, chimiyoterapi, oubyen radyoterapi.

Pwobèm trètman òmòn ka bay :

  • Ou bouke toutan.
  • W ap pran pwa.
  • Ou bliye fasil, ou gen memwa poul
  • Tanperaman ou chanje, ou kagou.
  • Yon ti moman ou rete ou santi ou cho, w ap swe.
  • Ou pa entèrese nan fè lanmou

Ki jan pou nou goumen ak kè plen, anvi vomi

Chimiyoterapi ak radyoterapi toulede konn bay moun anvi vomi. Li fè nou santi nou pa bon menm, men plis pase sa, si li fè nou pa manje, sa ap fe nou pa nouri byen. Sant lan ka gen medikaman ki pou konbat anvi vomi an. Gen de fwa moun oblije eseye kèk medikaman anvan yo jwenn youn ki mache byen. Lè nou sou jou oubyen senmenn kote n ap pran trètman, men kèk jan pou nou goumen ak malèz e anvi vomi an :

  • Manje ti krakèz, pen rasi, oubyen lòt manje ki fèt ak grenn sereyal ; sa ka kalme vant ou. Evite manje manje ki ka rann ou pi malad, sitou fritay ak manje ki gen anpil epis ladan yo.
  • Pase yon ti manje nan bouch ou tanzantan olye pou ou pran yon gwo repa. Bwè ti dlo pi souvan. Si ou bwè plis dlo nan jounen an, sa ka bay ti soulajman.
  • Lè ou fin manje, rete chita yon moman olye pou ou al kouche.
NWTND Can Page 8-1.png
  • Sèvi ak akipresyon (acupression) pou soulaje kè plen an. Peze sou kote ki distans lajè 3 dwèt anwo ponyèt la, sou andan, kote flèch la montre ou (arrow) ; se nan mitan 2 venn ki sou chak kote ponyèt la. Fè ti wonn ak dwèt ou. Peze fò, men pa jis li fè ou mal. Si akipresyon an ap bay soulajman, w ap wè sa nan kèk minit.
NWTND Can Page 8-2.png
  • Bwè te ki fèt ak mant oubyen jenjanm. Pou fè te mant (ti bonm), mete yon ti kiyè fèy nan yon tas dlo bouyi. Kite yo tranpe nan dlo cho a pou kèk minit anvan ou bwè li. Pou fè te jenjanm, pile oubyen tranche rasin jenjanm nan. Bouyi l nan dlo pou 15 minit pou pi piti.
  • Kote moun gen dwa sèvi ak mariwana, gen moun ki sèvi avè l pou soulaje kè plen an, epi pou ba yo bouch gou.


Sou jou kote y ap pran trètman an, gen moun ki pase yon ti manje nan bouch yo anvan trètman an. Gen lòt moun ki pa ka sipòte ni manje ni bwè anvan oubyen aprè trètman an. Si anvi vomi an pran ou nan moman trètman an, eseye mache yon bout rasin jenjanm nan bouch ou. Lè ou fin pran trètman an, tann inèdtan pou pi piti anvan ou manje oubyen bwè.

Lòt jan pou nou trete kansè

Genyen anpil lòt jan moun chache trete kansè oubyen chache soulaje soufrans kansè a ap bay la. Men kèk ladan yo : gerizon pa mwayen lapriyè, ipnòz (hypnose), meditasyon, remèd fèy, rejim espesyal, egzèsis, masaj, ak akiponkti (acupuncture - trètman ki soti peyi Chin ; yo pike kò malad la nan kèk pozisyon egzak ak plizyè zegwi ki fen fen). Souvan trètman sa yo bay ti soulajman paske yo ede kò a refè pi vit, epi yo soulaje pwoblèm chimiyoterapi oubyen radyoterapi ap ba yo. Al mande konsèy nan men yon ajan sante pou konnen ki trètman ki mache byen ansanm. Epitou, trètman sa yo ka soulaje kè kase ak kè sere a ki konn bat moun ki gen kansè ; konsa malad la ap santi li pi byen. Yo ka soulaje malad la si se mouri l ap mouri, si li pa p chache lòt trètman, oubyen si li deside sispann trètman an. Si yon moun swiv youn nan trètman nou sot pale la yo, san yo pa mete lòt trètman sou li, pa gen youn ladan yo ki konn geri kansè.

Se donmaj, genyen moun, menm doktè, ki pwofite soufrans ak dezespwa moun k ap soufri anba kansè, pou fè yo swiv yon trètman ki pa vo anyen. Yo fè moun konprann yo gen yon trètman ke lòt doktè pa konnen. Donmaj ki fè donmaj ! Konsa moun yo pèdi lajan yo, oubyen yo pran reta olye pou yo kòmanse ak yon trètman ki ta pi bon pou yo.


Nou te mete paj sa a ajou: 11 okt 2020