Hesperian Health Guides

Lamizè ak inegalite pa bon pou kè a

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Maladi kè, tansyon, ak dyabèt ap rann lavi a pi difisil, epi ap fè plis moun mouri ; sa rive ni moun nan peyi pòv ni moun nan peyi pi rich yo. Bagay sa yo rive paske sistèm ekonomik la fè moun ki rich vin pi rich, epi rann moun ki pòv yo pi malere toujou. Li oblije malere yo depanse plis lajan toujou pou yo ka viv. Mete sou sa, li pèmèt gwo biznis fabrike manje ak bwason sikre ki pa bon pou sante moun. Konsa manje sa yo ki sot nan faktori vin pi kouran pase manje peyi ki sot nan jaden oubyen ki kwit lakay. Souvan lamizè fòse moun viv youn sou lòt, lè y ap respire a epi dlo y ap sèvi a sal, epi pa gen bon plas pou moun fè ti mache oubyen pou yo al jwe. Tout sa yo mennen plis maladi kè ak maladi sik. Maladi sa yo pi mal pou malere yo ki pa ka jwenn ni swen sante ni medikaman ki nesesè.

Ht nwtnd heart p24-1.png

Li pa jis pou nou pa kapab jwenn jistis, oubyen pou nou pa ka amelyore kondisyon lavi nou ; an plis, li pa bon ditou pou sante nou. Li ka anpeche nou byen manje. Li ka oblije nou deside sa pou n fè : fè yon djòb ki danjere, oubyen rete san djòb ditou ; kouri kite lakay nou, oubyen rete kote moun fè vyolans sou nou. Si nou chache chanje sitiyasyon an, lapolis ka vin fè vyolans sou nou. Gwo pwoblèm sa yo bay moun gwo tèt chaje. Yo aji sou santiman nou — nou tris, kè nou sou biskèt, nou pè — anplis, yo aji sou ki jan kò a reyaji lè nou fè fas ak sityasyon ki difisil.

Sitiyasyon ki difisil mete moun sou tansyon

Lè nou kontre ak yon pwoblèm ki difisil, li ban nou tèt chaje. Li aji sou kò a, tankou li fè kè a bat pi fò, li fè men nou yo swe, oubyen nou santi nou fay. Lè gen yon bagay ki fè nou pè oubyen ki anbete nou, kò a libere kèk òmòn (òmòn se yon kalite eliman chimik kò a fè pou kontwole aktivite kò a). Omòn sa yo sèvi pou fè kò a kanpe sou pye pou nou ka kouri sove tèt nou, oubyen pou nou ka defann tèt nou. Si pwoblèm ki fè nou pè a ap pase vit, òmòn yo ak efè yo ap pase vit tou. Men si yon moun toutan sou tansyon, kò a pa p janm kapab reprann li. Plis tèt chaje a aji sou yon moun, se pi souvan tou li va malad. Menm si nou vin abitye viv nan kondisyon ki difisil epi nou pa tèlman remake l, li ka toujou donmaje kò nou.

Sanble pwoblem yo nan lavi pap janm fini, epi yo ka malmennen nou. Pwoblèm ki rive lè moun viv nan zòn kote ki gen lagè, pwoblèm ki rive lè moun fè yon deplase kote yo pa konn ni lang ni koutim pèp la, pwoblèm nan fanmi nou, pwoblèm nan jan nou boule youn ak lòt, pwoblèm jwenn kay ak djòb, pwoblèm laperèz, pwoblèm gade moun pi ba pase (rasis), pwoblèm paspouki — yo tout aji sou lespri a epi yo minen moun. Kò a kòmanse pèdi posiblite li te gen pou defann tèt li kont maladi, epi moun sa yo pi souvan vin gen pwoblèm sante. Fanm ak gason ki toujou sou tansyon pi fasil soufri maladi kè ak maladi sik, pa rapò ak sa yo ki pa gen si tèlman anpil difikilte nan lavi yo.

Pwoblèm lavi e tèt chaje — ak maladi li bay — rive paske manke gen lajistis, epi paske byen latè pa separe egal ego. Pou ede moun jwenn pi bon sante, li enpòtan pou nou chache rezoud pwoblèm sa yo.

Moun ki chache chanje sa ki merite chanje, yo ede lòt moun, epi yo

Pou byen boule ak tèt chaje e pwoblèm lavi, nou gen dwa òganize gwoup nan kominote a ki gen bon dispozisyon pou rezoud pwoblèm vyolans fanm ap soufri nan men lòt, pou bay timoun nou pi bon edikasyon, pou gouvènman an bay tout moun sèvis egal ego, oubyen pou nou fè fas ak nenpòt gwo pwoblèm nan kominote a. Sa pa fèt fasil. Men ak pasyans e gwo efò, yon kominote ka fè refòm epi amelyore lavi moun ki abite la. Pou aprann ki jan nou ka lite ak pwoblèm kominote a pou moun ka jwenn pi bon sante, al gade nan Health Actions for Women: Practical Strategies to Mobilize for Change, A Community Guide to Environmental Health, Workers’ Guide to Health and Safety, ak lòt liv Hesperian.

Ht nwtnd heart 25-1.png
Annou goumen ak lamizè, paspouki, vyolans, epi pwoblèm moun ki fèmen kò yo nan kwen ; konsa nou ka ede moun viv pi byen, epi ranje djòb yo pou pa gen anpil danje kote moun travay. Si nou mete men ansanm pou eseye amelyore sitiyasyon nou, n ap santi nou pi fò ; yon ekip moun pi fò pase yon sèl moun, epi youn ap soutni lòt la. Konsa nou kapab soulaje tèt chaje nou.

Mete yon fen ak tyaw ; sa ki kouran se byen manje epi fè egzèsis

Fòk kominote ak gouvènman yo okipe sa moun ap di : pouki sa yo mal pou yo fè egzèsis ase, pouki sa yo mal pou jwenn manje ki fre ak manje ki bon kalite, epi pouki sa se tyaw yo jwenn toupatou e se li ki bon mache. Men kèk jan yon kominote kapab goumen ak pwoblèm sa yo :

Ht nwtnd heart p26-1.png
Menaje lajan nou pou n ka achte bon kalite manje. Genyen manje ki bati kò a, men gen lòt kalite manje, sèl avantaj yo bay se anrichi yo anrichi gwo konpayi kapitalis.
  • Monte taks moun peye sou sigarèt ak bwason sikre tankou Coca-Cola, se sa ki va dekouraje moun achte yo. Konsa pa p gen sitèlman anpil moun ki pran pwa epi ki gen pwoblèm maladi sik ak maladi kè.
  • Ankouraje lekòl ak timoun yo plante jaden kote yo ka jwenn bon kalite manje. Pa kite ti machann vin vann tyaw bò kote lekòl yo. Konsa n ap ankouraje timoun yo manje pi bon kalite manje, epitou, n ap chanje jan yo abitye manje.
  • Eseye apeze sikilasyon an pou moun ka al lekòl, al travay, epi al nan mache a pye. Konsa yo pi fasil fè plis egzèsis san yo pa kouri danje.
  • Fè pak ak lòt teren lib kote moun ka al danse, fè espò, fè ti mache, oubyen fè egzèsis ansanm ak lòt moun.

Lè nou kole zepòl pou bati yon demen ki pi byen, nou konnen nou pa pou kont nou sou latè, epi nou ka poze san nou. An plis, li bon pou kè a.

NWTND heart Page 26-2.png
M kontan anpil lè m wè komite katye nou an te fè yon twotwa (beton). Koulye a nou ka fè wonn bouk la a pye epi fè kò a fè mouvman. Ala bon sa bon pou kè ak pou janm nou yo !

Chanje sa ki ekri !

Ht nwtnd heart p27-3.png

Sèvi ak tèt nou. Fè moun pale epi reflechi sou jan bagay ki nwizib pou sante moun ka fè nou mal. Mande tèt nou ki moun ki pwofite lè y ap vann yo. Pa egzanp, nou ka chanje yon reklam nan yon jounal oubyen sou yon pankat pou fè moun reflechi. Nou ka pataje yon nouvo lide, nou ka mete laverite lèd sou tanbou lè y ap fè reklam sou pwodui yo, oubyen nou ka fè moun kwè lekontrè sou sa reklam lan ap di. Nou ka fè yon bagay ase senp tankou kole yon lòt ribrik nan reklam lan. Fè foto li pou nou ka montre lòt moun li, oubyen poste l sou entènèt la. Nou mèt sèvi ak entènèt la pou fè pwomosyon sante ak pwomosyon jistis sosyal. Hesperian pibliye yon liv : Health Actions for Women: Practical Strategies to Mobilize for Change. Li bay lide sou ki jan yon gwoup moun ka planifye anpil aktivite ki sèvi nan plizyè peyi. Nou gen dwa adapte yo yon jan pou nou fè fas ak pwoblèm sante ki konsekan nan kominote pa nou an.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024