Hesperian Health Guides

Ki sa sa ye, tansyon wo ?

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

NWTND heart Page 5-1.png

Lè nou kontwole tansyon yon moun, sa di nou konbyen fòs sa mande pou kè a fè san an sikile nan kò a, epi fè l tounen nan kè a. Se nòmal pou tansyon yon moun monte desann pandan jounen an. Sa depann de konbyen egzèsis l ap fè, ki sa li manje, kòman li santi li, eksetera. Men si tansyon an rete prèske toujou wo, li pa bon pou sante yon moun. Tansyon ki twò wo fè nou konnen kè a ap travay twòp.

Lè moun gen tansyon, si nou desann tansyon an, sa va ede nou viv pi lontan. Gen de fwa moun bezwen bwè medikaman ki pou desann tansyon an, men souvan nou ka desann li si nou manje pi bon kalite manje, si nou ralanti sou sèl n ap sèvi, epi si nou fè egzèsis. Li bon tou pou sispann fimen epi pa bwè alkòl. Mete sou sa, si nou trete maladi dyabèt la, sa ap ede kè a. Gen plizyè fason pou desann tansyon an.

Gen de fwa nou pa konnen aklè pouki sa yon moun soufri tansyon. Lè moun ap antre nan laj, tansyon yo ap monte ti kras pa ti kras paske atè (venn ki pote san wouj) yo redi avèk laj. Kay kèk fanm, tansyon yo monte lè yo gwo vant. Epitou, tansyon ka yon maladi ereditè, ki vle di, si nou gen paran oubyen fanmi ki pre ki gen tansyon, nou menm tou, nou ka byen soufri ak menm pwoblèm nan.

Lè tansyon an twò wo

Si chak fwa nou kontwole tansyon yon moun, epi li pi wo pase 140/90, nou di moun nan gen tansyon. Men si li gen lòt pwoblèm sante, yon tansyon ki bon pou li kapab pi wo oubyen pi ba. Pa egzanp, tansyon moun konn monte yon ti kras lè y ap avanse nan laj, men si moun nan pa gen lòt pwoblèm sante, se ka pa yon pwoblèm pou li. Si chak fwa nou kontwole tansyon yon moun, li toujou pi wo pase 130/80, oubyen si li monte toujou, eseye plizyè fason pou desann li. Kontwole tansyon li tanzantan pou wè ki sa ki bay rezilta.

Moun ki gen tansyon ki twò wo ka pa montre okenn siy ki ta fè yo konnen yo gen tansyon, esepte si tansyon an wo anpil. Malerezman, menm si nou pa wè siy, sa pa vle di pa gen donmaj. Sèl fason pou nou konnen si nou gen tansyon se pou fè yon kontwòl pou tansyon nou.

NWTND heart Page 7-1.png

Lè yon fanm ki gwo vant gen tansyon wo

Ajan sante ak fanmsaj yo konn kontwole tansyon yon fanm ki gwo vant chak fwa li vini nan sant lan. Pandan premye 6 mwa gwosès la, tansyon yon fanm ka yon ti kras pi ba pase nòmal li ; pa gen pwoblèm. Lè tansyon an kenbe ant 90/60 ak 140/ 90, epi li pa p monte anpil pandan gwosès la, li bon. Si tanyson an monte wo pandan gwosès la, san an ka pa sikile jan li dwe. Konsa, tibebe ki nan vant lan ka pa jwenn ase fòtifyan, ki ka fè li rete twò piti.

Si tansyon an soti 140 rive 150 pou chif ki anwo a, epi soti 90 rive 100 pou chif ki anba a, nou ka trete l san medikaman. Se pou li repoze plis, epi kouche sou bò goch li. Siy ki fè nou konnen ka a pi grav se : souf li kout, li gen lestomak fè mal, oubyen tansyon an monte pi wo toujou. Si yon fanm ansent gen tansyon wo, se ka yon siy ki fè nou rekonèt anpwazonnman gwosès (toksemi). Se yon ka ijan ki ka fè tibebe a fèt twò bonè, ki ka fè fanm nan senyen, fè li fè kriz, epi menm pote l ale.

Ki sa sa ye, yon tansyon ki twò ba ?

Lè tansyon an pi ba pase 90 (chif ki anwo) epi 60 (chif ki anba), nou konn di li twò ba. Genyen moun ki pa gen pwoblèm menm si tansyon an ba. Men si li gen tèt vire oubyen si li endispoze, nou ka oblije trete l. Lè yon moun gen tansyon ba, se ka petèt li manke dlo oubyen li ka genyen lòt pwoblèm. Pou nou ka trete l, li enpòtan pou nou chache konnen pouki sa li gen tansyon ba. Si tansyon yon moun desann yon sèl kou, epi nou wè lòt siy, tankou li bwouye, po li mouye, li frèt, kè a bat vit men men poul la fèb, se ka yon chòk k ap mete pye. Se yon ka ijan. Depi nou wè siy pou chòk, li ka anvlimen byen vit jis kò a sispann fonksyone nèt. Pou sove lavi moun nan, prese trete chòk la (al gade nan chapit Premye swen, chòk).

Li enpòtan pou nou fè yon kontwòl pou tansyon an tanzantan

Ht NWTND heart Page 8-1.png

Tout moun ki gen yon aparèy (tansyomèt) kapab kontwole tansyon yon moun. Ajan sante yo konn kontwole tansyon yon moun chak fwa yo wè li. Yon famasi kapab gen yon tansyonmèt, kote moun mèt sèvi avè l. Si yo fè pwomosyon sante nan kominote a oubyen kote moun travay la, nou ka gen posiblite pou fè yon kontwòl pou tansyon nou la. Kouche sou papye chak fwa nou kontwole tansyon nou, pou nou ka konnen si li chanje jou apre jou.

Si nou achte yon tansyomèt pa nou, nou ka aprann kontwole tansyon nou lakay. Pa gen pwoblèm pou plizyè moun sèvi ak menm aparèy la. Tansyon wo a fè nou konnen ke maladi kè kapab parèt, oubyen li deja mete pye. Rive yon lè, tansyon wo a andomaje ògan nan kò a, epi li ka koze yon kriz kè, feblès kè, konjesyon serebral (kout san), maladi ren, epi donmaj nan je. Si nou aprann kontwole tansyon nou, n ap wè ki jan tansyon an ap desann lè nou fè ase egzèsis epi lè nou manje pi bon kalite manje.


Nou te mete paj sa a ajou: 04 fev 2021