Hesperian Health Guides

Medikaman kapab desann tansyon

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Pifò moun ki gen tansyon, yo pi anfòm si yo manje pi bon kalite manje epi fè plis egzèsis. An plis, genyen moun ki bezwen pran medikaman pou desann tansyon an, epi kenbe l nan yon bon nivo. Si nou gen tansyon wo epi nou gen lòt pwoblèm sante toujou, sa ka mande pou nou pran medikaman chak jou pou evite nou vin fè yon kriz maladi.

NWTND heart Page 13-1.png

Genyen plizyè kalite medikaman ki pou desann tansyon an. Yo tout fè pi bon travay lè moun pran yo chak jou. Si nou sispann pran yo, tansyon an konn monte ankò. Lè moun wè ke medikaman yo nesesè pou yo kapab viv ase lontan epi byen viv lavi yo, yo ka abitye pran remèd yo chak jou.

Genyen kèk medikaman ki pou trete tansyon ki ka bay konplikasyon tankou : toutan yon moun bezwen fè pipi, li gen dyare, kè plen, oubyen li touse. Olye pou ou sispann pran remèd la, mande ajan sante a si pa gen yon lòt medikaman ki ta pi bon pou ou. Men si ou gen yon gratèl ki leve sou po a oubyen anflamasyon, sispann bwè remèd la, epi al pale ak ajan sante a.

Moun ka bezwen pran plis ke you sèl kalite medikaman ki pou desann tansyon an. Pou moun ki pran plis ke yon sèl medikaman, li ka bon pou yo pran yo nan diferan moman nan jounen an.

NWTND heart Page 13-2.png Pou ede ou sonje pou ou bwè grenn ou yo chak jou, sèvi ak yon bwat grenn ki gen 7 konpatiman pou mete grenn ladann pou 7 jou. Nou ka fabrike youn nou menm. Replen li chak 8 jou. NWTND heart Page 13-3.png

Medikaman ki sèvi pi souvan pou trete tansyon se :

  • Diurétiques (dyiretik, grenn ki pou fè moun pipi anpil). Kèk egzanp : hydrochlorothiazide (idwoklòwotyazid) e chlorthalidone (klòtalidòn). Yo fè moun fè pipi pi souvan. Lè kantite dlo ki nan kò a desann, tansyon an ap desann tou.
  • Inhibiteurs du calcium (inibitè kalsyòm). Kèk egzanp : amlodipine (amlodipin), nifédipine (nifedipin), diltiazem (diltyazèm), e vérapamil (verapamil). Yo anpeche venn san yo sere, epi konsa yo desann tansyon an.
  • Inhibiteurs de l’enzyme de conversion (IEC) (inibitè anzim konvèsyon) e antagonistes de l’angiotensine II (ARB) (antagonis lanjyotansin) : Kèk egzanp : captopril (kaptopril), énalapril (enalapril), lisinopril (lizinopril) e losartan (losatan). Yo anpeche venn san yo sere, epi konsa yo desann tansyon an. Yo ka pwoteje ren yo. Yo bon pou trete moun ki fè sik epi ki bezwen trete tansyon an tou.
  • Bêta-bloquants (beta blokan). Kèk egzanp : aténolol (atenolòl), métoprolol (metopwolòl), bisoprolol (bizopwolòl) e carvédilol (kavedilòl). Yo fè kè a bat pi dousman, ki fè li ponpe ak mwens fòs; konsa yo ka desann tansyon an. Lè yo preskri yo pou trete tansyon, yo bay yo ansanm ak grenn ki fè moun pipi plis oubyen ak lòt medikaman.

Genyen kèk remèd fèy ki ka desann tansyon an

NWTND heart Page 15-1.png
Plant manman gèp (ortie ; stinging nettle) (non syantifik : urtica dioica). Manman gèp gen fòtifyan ladann tankou kalsyòm, vitamin K, asid folik, ak lòt fòtifyan ki enpòtan. Fanm ki gwo vant mèt sèvi avè l san danje. Men kouvri men ou yo lè w ap keyi yo ; sinon, y ap pike ou!

Ka genyen remèd fèy nan zòn pa nou ki ka sèvi pou desann tansyon an. Pa egzanp, fèy manman gèp fè moun pipi pi souvan, ki fè kantite dlo ki nan kò a desann. epi konsa li desann tansyon an tou. Choublak oubyen ibiskis (non syantifik : hibiscus sadariffa) kapab desann tansyon an, epi nou jwenn li anpil kote. Lay ak safran nan manje a ka ede desann tansyon an tou.

Souvan nou prepare remèd fèy nan fòm te oubyen esans. Konsa nou ka mande bò kote fanmsaj, doktè fèy, ak granmoun fanm nan zòn pa nou, pou si yo konnen ki plant ak remèd fèy ki bon pou trete tèl pwoblèm. Mande yo ki kote nou ka jwenn yo oubyen achte yo bon mache, ki jan pou nou prepare yo, epi ki jan pou nou sèvi ak yo san danje.

Menm jan ak lòt kalite medikaman, nou dwe fè atansyon lè nou sèvi ak remèd fèy. Aprann ki kantite pou yon moun pran, si lòt remèd fèy oubyen medikaman ka aji youn sou lòt si nou ta pran yo ansanm, epi si fanm ansent mèt sèvi ak yo san danje. Genyen remèd fèy ki bon pou trete lòt pwoblèm, men ki ka fè monte tansyon an ; tyeke pou wè si pa gen yon remèd fèy w ap sèvi deja ki te ka fè tansyon ou monte.

Pou pifò moun ki gen tansyon, pa genyen remèd fèy oubyen medikaman doktè ki ka byen trete yo si yo pa jwenn ase bon kalite manje, epi si yo pa fè egzèsis. Sa ki enpòtan se bon kalite manje, dlo ki pwòp, epi sekirite ; an plis, nou ta dwe viv kòm moun debyen.

NWTND heart Page 15-2.png Nan lemonn antye moun sèvi ak ibiskis (hibiscus) pou trete tansyon. Non yo konn bay flè wouj sa a se : la roselle, l'oseille rouge, la jamaïque, le chako, e le bossip.

Kite flè yo seche. Pou fè te, mete flè sèch yo tranpe nan dlo cho pandan 5 - 6 min. Bwè yon vè te sa a, li mèt cho, li mèt frèt, 3 fwa nan yon jou pandan 5 – 6 semenn. Pa gen pwoblèm pou nou kontinye bwè li toujou. Pa mete sik ditou, oubyen mete yon ti sik tou piti nan te a, paske sik ap anvlimen pwoblèm kè, dyabèt, ak lòt maladi.


Nou te mete paj sa a ajou: 01 jiy 2024