Hesperian Health Guides
Medikaman ki pou trete kriz kè
Pwoblèm kè ak tansyon : Medikaman
Si nou sispèk yon moun ap fè yon kriz kè, ba li yon grenn aspirin touswit (300 – 325mg). Mande li kraze grenn nan nan bouch li epi vale l ak dlo. Nou mèt bay aspirin menm si nou pa byen konnen si l ap fè yon kriz kè tout bon. Sa pa p fè li mal. Pandan nou nan wout pou al lopital, ba li nitroglycérine si nou genyen li.
Nou mèt ba li morphine (mòfin) pou soulaje doulè ak laperèz li. Sa va bay kè a yon souf, pou aleje travay li.
Nitroglycérine (trinitrate de glycéryle)
(nitwogliserin)
Nitroglycérine bon pou trete doulè nan kòf lestomak (anjin) kriz kè konn bay la. Li louvri ti venn ki fè san an sikile nan vyann kè a. Konsa kè a jwenn plis fòs pou l ponpe san nan tout kò a.

Pa bay yon moun nitroglycérine si li gen tansyon ba, oubyen si li te bwè sildénafil (viagra) (sildenafil, vyagra) pandan 24 èdtan jis anvan kriz la pran li. Konbinezon medikaman sa yo ka desann tansyon an twòp. Se gwo danje ; li ka menm pote yon moun ale.

Li ka bay gwo maltèt, fè li santi cho, oubyen fè tèt li vire.

Fè moun nan chita oubyen kouche, paske medikaman an ka ba li tèt vire ; li pa gen dwa rete kanpe.

Pa kraze grenn nitroglycérine nan bouch, pa vale l. Lè l ap fonn, li ka pike oubyen boulè yon ti kras anba lang lan.