Hesperian Health Guides

Ki jan nou ka fè tansyon an desann, epi soulaje travay kè nou

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Manje anpil legim, fwi, feyaj, epi sereyal ki gen tout pay sou li ; evite manje tyaw tankou manje ki sòt nan faktori, fritay, manje sale, manje sikre, oubyen lòt kalite tyaw. Chapit Byen manje bay bon sante montre nou ki jan nou ka manje plizyè kalite manje ki bon pou sante nou, epi ki jan nou ka byen manje lè nou pa gen anpil lajan.

NWTND heart Page 9-1.png

Ralanti sou kantite sèl n ap sèvi. Anvan nou achte manje nan bwat, li etikèt la pou konnen konbyen sèl ki ladann. Manje nan bwat, ki fèt nan faktori, ka gen twòp sèl ladan yo menm si yo pa gen gou sale. Kwit pwòp manje pa nou ; sèvi ak manje fre, epi pa mete sèl. Pou bay manje a gou, sèvi ak sitwon, lay, zonyon, epi fèy e zèb. Lwil soya, magi, sòs pou vyann, kètchòp, konfi, sèl zonyon, sèl lay, tout sa yo konn gen twòp sèl anpil ladan yo ; yo pa bon pou sante nou.

Makawoni, soup nan bwat, konsomé, yo chaje ak pwodui chimik e sèl (yo rele l sodyòm nan anpil etikèt). Tout sa yo pa bon pou sante nou.
Ht NWTND heart Page 9-2.png
Yon sèl kib magi gen sodyòm 2000 mg ladann, plis ke pifò moun bezwen nan tout yon jounen !

Veye pou nou pa pran twòp pwa. Si nou twò gra epi nou pèdi kèk kilo oubyen kèk pwa, sa ka desann tansyon nou. Si chak fwa nou manje nou ralanti sou kantite viv nou manje (diri, mayi, kasav), si nou kwit manje yon fason pou pa sèvi ak anpil luil, oubyen si nou ta sispann bwè bwason sikre tankou kola, nou ka pèdi pwa san n pa fè gwo efò. Si chak 8 jou nou ralanti yon ti jan plis sou kantite sik nou mete nan te ak kafe a, n ap abitye ak gou bwason ki pa twò sikre.

NWTND heart Page 10-1.png
Moun k ap antre nan laj dwe fè ti mache chak jou, epi, depi li posib, yo dwe kontinye fè aktivite yo abitye fè. Sa konn fè yo santi yo pi anfòm epi yo pi an sante.

Sispann fimen. Moun ki fimen pi fasil fè yon kriz kè oubyen yon konjesyon serebral. Menm si nou gen lontan depi n ap fimen, si nou sispann, n a jwenn pi bon sante. Pou ede nou sispann fimen, al gade nan Dwòp, alkòl, ak tabak (chapit la poko ekri).

Pa bwè anpil alkòl. Si nou bwè alkòl, nou kouri plis chans pou nou gen maladi kè. Si nou bwè plis ke youn oubyen 2 vè chak jou, se twòp.

Fè kò nou fè mouvman — fè egzèsis chak jou Fè bon ti mach vit pou 30 minit chak jou ; li bon pou pifò moun. Anpil moun pran plis plezi nan fè aktivite ansanm ak lòt moun, epi yo pi an sekirite. Genyen lòt travay ak aktivite moun gen pou fè kanmenm ki bon pou kò a, tankou travay tè, fè jaden, pwòpte kay, epi al jwe deyò ak timoun yo.

Pa kite pwoblèm lavi okipe tèt nou twòp. Aprann poze san nou. Eseye wè ki sa ki pi bon pou nou. Genyen moun ki kalme tèt yo ak meditasyon, yoga, lapriyè, oubyen ak lòt koutim lontan. Lòt moun reprann yo lè yo fè gwo travay fizik oubyen anpil egzèsis. Souvan, si nou jwenn yon moun oubyen yon gwoup moun nou ka fè konfyans, epi nou ka pataje santiman nou ak yo, sa ap soulaje nou.

Mete men ansanm ak lòt moun pou amelyore sante nou ak sante kominote a. Mete sou pye yon gwoup moun kote nou ka pataje lide nou, epi kote nou ka planifye aktivite ki ta rann moun nan kominote a pi anfòm. Si nou vle goumen ak tansyon e maladi kè nan kominote a, adapte lide yo bay sou Ki jan yon kominote ka fè fas ak dyabèt. Pa egzanp, si moun plante jaden, oubyen si yo pataje ki jan pou yo prepare manje yon jan ki pi bon pou sante nou, sa ka anpeche anpil ka maladi kè. Epitou, sa ap rapwoche moun youn ak lòt yon jan pou moun ka mete tèt ansanm pou yo fè lòt avansman nan kominote a.

NWTND heart Page 10-2.png

Ajan sante yo gen dwa mande moun ki sa yo kapab fè epi pouki sa yo vle fè l, olye pou yo plede di moun ki sa yo dwe fè. Moun pa renmen yon moun ki toujou ap pase lòd.
Esplike mwen pi byen pouki sa ou vle lite ak tansyon ou.
M pè tonbe malad oubyen mouri tandiske timoun yo piti toujou. Men li difisil pou nou chanje jan nou konn manje. An plis, legim koute nou chè anpil.
Jiska prezan, ki sa ou resi chanje ?
Ebyen, koulye a m mache pi plis anpil.

Si nou gen tansyon oubyen si nou gen maladi kè

Si nou vin konnen nou gen tansyon oubyen nou gen lòt pwoblèm kè, se tèt chaje. Menm jan ak maladi dyabèt la, nou ka degaje nou fè tout jan pou pwoblèm kè ak pwoblèm tansyon yo pa abouti nan maladi oubyen nan yon kriz maladi. An plis, nou kapab santi nou pi anfòm. Nou te mèt pran medikaman pou trete maladi kè oubyen nou te mèt pa pran li, men si nou fè plis egzèsis epi si nou manje pi bon kalite manje, nou kapab santi nou pi byen. Genyen moun ki deside, lè yo vin konnen yo gen tansyon, yo gen maladi kè, oubyen dyabèt — epi yo okipe yo — pwoblèm sa yo bay yo yon dezyèm chans (al gade nan chapit Dyabèt).

Moun pi fasil aksepte nouvo kalite manje ak nouvo sitiyasyon yo lè tout moun nan fanmi an pote lamenfòt, epi yo fè menm chanjman tou. An plis, li pi fasil epi pi agreyab pou fè egzèsis epi souke kò nou lè nou fè l ansanm ak fanmi e zanmi nou yo, tankou danse, oubyen lè nou fè ti mache a pye pou nou al fè kèk konmisyon. Si li posib, se pou nou mete men ansanm pou aleje sitiyasyon ki difisil yo.

NWTND heart Page 11-1.png NWTND heart Page 11-2.png
M gen yon ti galri kote m kiltive legim. M jwe ak timoun mwen yo chak swa.

Moun jwenn anpil fason entèresan pou yo fè plis egzèsis epi pou yo manje pi bon kalite manje. Ki sa ou pral fè ?


Nou te mete paj sa a ajou: 04 fev 2021