Hesperian Health Guides
Maladi kè ak tansyon wo : Medikaman
Kontni yo
Medikaman ki pou trete tansyon
Medikaman ki pou trete tansyon pa aji menm jan nan kò tout moun, epi chak moun ka gen yon pwoblèm kè ki diferan. Lè ajan sante yo bay medikaman ki pou trete tansyon ak lòt pwoblèm kè, yo konn kòmanse ak yon ti dòz. Yo kontwole ki jan li mache pou moun sa a, epi yo kontwole pou wè si tansyon an desann ase. Konsa yo monte oubyen yo desann dòz la yon ti kras. Yo ka mete yon lòt medikaman sou premye a, oubyen yo ka sispann premye a epi eseye yon lòt. Lè tansyon ou nòmal, sa vle di medikaman an ak dòz la bon pou trete pwoblèm ou. Yo di tansyon ou anfòm. Lè yo kòmanse trete tansyon ou, fè yon kontwòl pou tansyon ou chak 15 - 22 jou.
An plis, ajan sante yo siveye pwoblèm medikaman yo ka bay, si genyen. Yo dwe konnen tou si moun ka jwenn medikaman an fasil, si yo gen mwayen peye l, oubyen si yo ka jwenn li gratis. Si yon moun sispann bwè remèd la paske li bay pwoblèm, oubyen paske li twò chè, ajan sante a ka chache rezoud pwoblèm nan.
Medikaman ki sèvi pi souvan pou trete tansyon kay granmoun se :
- Hydrochlorothiazide (HCTZ) oubyen yon lòt diurétique (grenn ki fè moun pipi anpil)
- Amlodipin oubyen yon lòt inhibiteur calcique (souvan non yo fini ak –dipine)
- Captopril oubyen yon lòt inhibiteur de l'enzyme de conversion de l'angiotensine (IEC) (souvan yo fini ak –pril)
- Losartan oubyen yon lòt antagoniste de l’angiotensine II souvan non yo fini ak –sartan)
- Aténolol oubyen yon lòt béta-bloquant (souvan non yo fini ak –lol)
Genyen medikaman kote yo konn mete 2 kalite medikaman pou kè a nan yon sèl grenn. Yo ka pi chè pase lè nou achte chak medikaman apa, men li ka pi senp.
Mande konsèy bò kote yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon sou ki medikaman nou ka mete ansanm. Lè yon moun soufri tansyon, chache konnen ki dòz nan chak medikaman ki ka bon lè li fèk kòmanse bwè yo, epi, mete sou pwoblèm tansyon an, chache konnen si li gen lòt pwoblèm sante tankou feblès kè a, kolestewòl wo, maladi sik, oubyen maladi ren.
Si yon moun gen plis ke laj 60 ane lè li kòmanse pran medikaman pou trete tansyon an, kòmanse ak dòz ki pi piti a.
Si medikaman yo sanble pa mache, kontwole pou wè si li pa gen maladi ren, si li pa twonpe l sou dòz la, si li pa gen pwoblèm tiwoyid, epi mande li ki lòt kalite medikaman oubyen remèd l ap pran.
Diurétiques
(dyiretik, grenn ki fè moun pipi anpil)
Kèk kalite grenn ki fè moun pipi anpil se hydrochlorothiazide (HCTZ) (idwoklowotyazid), chlorthalidone (klòtalidòn), spironolactone (spiwonolaktòn), bendrofluméthiazide (bandwoflimetyazid), triamtérène (triyamterèn), and furosémide (fiwozemid).
Medikaman ki fè moun pipi anpil yo fè ren yo voye plis dlo ak sodyòm jete. Lè kantite dlo ki nan kò a desann, tansyon an ap desann tou. Genyen medikaman pami yo ki louvri venn san yo pou fè tansyon an desann plis toujou.
Gen de fwa medikaman sa yo sèvi pou trete anflamasyon (edèm) feblès kè a ap bay la, men ajan sante a dwe gen posiblite pou l swiv tès laboratwa pou li ka konnen ki jan medikaman an aji sou kò a.
Efè segondè (efè ki pa ann afè ak trètman an epi ki ka bay traka)
Li ka gen tèt vire, li pipi anpil, li swaf ; li gen maltèt, lakranp nan vyann ak kè plen. Pifò moun pran grenn sa yo nan maten pou yo pa oblije fè pipi anpil nan nuit.
Fanm ansent pa dwe sèvi ak grenn ki fè moun pipi anpil sòf si lòt medikaman pa p desann tansyon an.
Siy ki montre gen danje : gratèl sou po ki grav, pwoblèm pou pran souf, pwoblèm pou vale, gwo doulè nan jwenti sitou nan pye. Chache konkou san pèdi tan.
Grenn ki fè moun pipi anpil tankou hydrochlorothiazide, chlorthalidone, ak furosémide yo fè kò a pèdi potasyòm. Pou ranplase potasyòm nan, manje anpil bannann, fig mi, zoranj, sitwon, ak zaboka. Si tès san an fè konnen ke kantite potasyòm ki nan san an twò ba, gen de moun ki oblije pran grenn potasyòm. Spironolactone ak triamtérène pa p kite kò a pèdi potasyòm ; yo gade l andann. Gen de fwa yo sèvi ak youn nan yo ansanm ak yon lòt kalite grenn ki fè moun pipi anpil ; konsa kò a pa p pèdi sitèlman anpil potasyòm. Si nou ajoute yon inhibiteur de l’enzyme de conversion (IEC) oubyen yon antagoniste de l’angiotensine II (ARB, sartan), fè atansyon pou nou byen siveye nivo potasyòm ki nan san malad la.
An plis, grenn ki fè moun pipi anpil fè kò a pèdi manyezyòm. Pou ranplase manyezyòm nan, manje feyaj, yawout, ak grenn joumou.
Lè yon moun kòmanse swiv grenn ki fè moun pipi anpil, nou dwe fè yon tès san pou li chak 15 - 22 jou pou kontwole kantite potasyòm ki nan san an, epi pou kontwole ki jan ren yo ap mache. Aprè sa, si yon moun pran hydrochlorothiazide, nou dwe fè yon tès san pou li chak 6 - 12 mwa. Si yon moun pran furosémide, fè tès san an pou li pi souvan ; medikaman sa a pi fò, epi li fè moun pipi anpil anpil. Fòk ajan sante an veye moun nan de pre.
HYDROCHLOROTHIAZIDE (HCTZ)
(idwoklowotyazid)
Hydrochlorothiazide (HCTZ) : nou jwenn li an grenn 25 mg ak 50 mg.
Pou trete tansyon
Apre kèk senmenn, si dòz ki pi piti a pa t desann tansyon an ase, nou ka monte dòz la rive sou 25 mg.
Pa pran plis ke 25 mg nan yon jou. Si nou pran plis, li pa p desann tansyon an, men li ogmante efè segondè yo.
Inhibiteurs calciques
(inibitè kalsik)
Kèk inhibiteurs calciques se amlodipine (amlodipin), nifédipine (nifedipin), diltiazem (diltyazèm), ak vérapamil (verapamil).
Medikaman sa yo bloke kalsyòm pou li pa kapab antre nan venn san yo ak nan kè a. Konsa li louvri venn san yo ; epi se sa ki ka desann tansyon an.
An plis, yo sèvi pou trete lestomak fè mal (anjin).
Moun ki fè sik mèt sèvi ak inhibiteurs calciques.
Amlodipine ak nifédipine ka fè pye yo anfle. Pou evite pwoblèm sa a, evite manje ki sale, fè egzèsis, epi leve pye nou anlè lè nou chita. Si pye yo anfle toujou, sa ka mande nou chanje medikaman.
Medikaman yo ka bay ti pwoblèm tankou ti maltèt, dòmi nan je, oubyen kè plen. Pwoblèm sa yo konn pase nan 8 - 15 jou apre nou kòmanse pran medikaman an. Sinon, al pale ak ajan sante a pou konnen si ou gen pou pran yon lòt kalite medikaman.
Se pa tout kalite inhibiteurs calciques ki bon pou fanm ansent.
Genyen kèk kalite feblès kè ak kèk lòt pwoblèm kè kote malad la pa dwe pran inhibiteurs calciques.
Si yon moun ap pran yon inhibiteur calcique, epi mete sou sa, l ap pran yon statine (statin), se pou li pran yon dòz statin ki pi piti.
Siy ki montre gen danje : gratèl sou po ki grav, lestomak fè mal (anjin), dekonpozison, kè a pèdi konpa li, nenpòt bò figi, bouch, bra, oubyen janm yon moun vin anfle. Fè vit chache konkou.
Amlodipine : nou jwenn li an grenn 5 mg ak 10 mg.
Pou trete tansyon
Lè kèk senmenn fin pase, kontwole pou wè si tansyon an pa nòmal. Si nesesè, nou ka monte dòz la rive sou 10 mg.
Pa pran plis ke 10 mg nan yon jou.
Inhibiteurs de l’enzyme de conversion (IEC) epi antagonistes de l’angiotensine II (sartans)
(inibitè anzim konvèsyon ak antagonis anjyotansin 2
Medikaman sa yo se de (2) kalite medikaman ki sanble youn ak lòt nan jan yo travay. Yo tout sèvi pou desann tansyon an, pou trete feblès kè a, pou trete kèk lòt kalite pwoblèm kè, epi pou ede pwoteje ren kay moun ki fè sik.
Genyen yon anzim, yon likid nan san an ki ka fè venn san yo sere epi kòmanse bouche. IEC ak sartan yo bloke anzim lan pou l pa kapab sere venn yo. Lè venn san yo louvri, tansyon an ap desann.
Captopril (kaptopril), énalapril (enalapril), e lisinopril (lizinopil) se IEC. Losartan (losatan) se yon sartan.
IEC yo ka bay yon tous sèch. Si nou pran touse sèch, pito nou pran yon sartan tankou losartan , ki pa fè moun touse.
Lòt efè segondè ki ka rive : gratèl, tèt vire, fatig, maltèt, pwoblèm domi, oubyen kè a bat twò vit.
Fanm ansent oubyen fanm ki kapab ansent pa gen dwa pran IEC yo oubyen sartan yo. Se danje yo ye pou tibebe ki poko fèt la.
Moun ki gen maladi ren ki grav pa gen dwa pran yo.
Moun ki pran medikaman sa yo pa dwe sèvi ak ibuprofène e lòt medikaman ki pou desann anflamasyon an.
Siy ki montre gen danje : lestomak fè mal (anjin), pwoblèm pou pran souf, pwoblèm pou vale ; nenpòt bò figi, bouch, oubyen janm yon moun vin anfle. Fè vit chache konkou.
IEC ak sartan yo fè kantite potasyòm ki nan san an monte. Kèk senmenn apre yon moun kòmanse pran yon IEC, nou dwe fè yon tès san pou li pou kontwole ki jan ren li yo ap mache, epi pou kontwole kantite potasyòm ki nan san an. Li enpòtan anpil, sitou pou moun ki gen menm yon ti maladi ren. Lè yon moun ap pran spironolactone oubyen triamtérène ansanm ak yon IEC oubyen yon sartan , mache sou trèz pou pa pile katòz ; fè yon tès san ase souvan pou siveye kantite potasyòm ki nan san an.
CAPTOPRIL
(kaptopril)
Captopril : Nou jwenn li an grenn 25 mg ak 50 mg.
Pou trete tansyon wo
Granmoun : Lè nou bay li pou kont li, san lòt medikaman pou kè a, nòmalman nou kòmanse ak 25 mg nan yon jou, separe an 2 dòz ; bay li 2 fwa nan yon jou (12,5 mg chak dòz).Lè kèk senmenn fin pase, kontwole tansyon an pou wè si li pa bon. Si nou wè li nesesè, nou ka monte dòz la. Eseye ba li 50 mg nan yon jou, separe an 2 dòz. Bay li 2 fwa nan yon jou (25 mg chak dòz). Si nou wè li nesesè, monte dòz la rive sou 100 mg nan yon jou, separe an 2 dòz ; bay li 2 fwa nan yon jou (50 mg chak dòz).
Si nou bay medikaman sa a ansanm ak grenn ki fè moun pipi anpil, oubyen si moun nan gen 60 ane oubyen plis, kòmanse ak 12,5 mg chak jou, separe an 2 dòz ; bay li 2 fwa nan yon jou (6,25 mg chak dòz).
Pa bay plis ke 100 mg nan yon jou.
ENALAPRIL
(enalapril)
Enalapril : Nou jwenn li an grenn 2,5 mg, 5 mg, 10 mg, ak 20 mg.
Pou trete tansyon
Granmoun : Lè nou bay enalapril pou kont li, san lòt medikaman pou kè a, jeneralman nou kòmanse ak 5 mg nan yon jou.Lè kèk senmenn fin pase, kontwole tansyon an pou wè si li pa bon. Si nou wè li nesesè, nou ka monte dòz la. Yon dòz 10 – 20 mg nan yon jou bon pou pifò moun. Lè dòz la rive sou 10 mg oubyen plis, li pi bon pou separe l nan 2 dòz, epi bay li 2 fwa nan yon jou.
Si nou bay enalapril ansanm ak grenn ki fè moun pipi anpil, si moun nan rive nan laj 60 ane oubyen plis, oubyen si li gen maladi ren ki pa twò grav, kòmanse ak 2,5 mg chak jou.
Pa bay plis ke 40 mg nan yon jou.
LOSARTAN
(losatan)
Losartan : Nou jwenn li an grenn 25 mg, 50 mg, ak 100 mg.
Pou trete tansyon
Apre kèk senmenn, kontwole tansyon an pou wè si li pa bon. Si nou wè li nesesè, nou ka monte dòz la rive sou 100 mg nan yon jou. Nou mèt bay li yon fwa nan yon jou, oubyen separe l an 2 dòz, epi bay li 2 fwa nan yon jou (50 mg chak dòz).
Si nou bay li ansanm ak grenn ki fè moun pipi anpil, kòmanse avèk 25 mg yon fwa nan yon jou.
Pa bay plis ke 100 mg nan yon jou.
Béta-bloquants
(betablokan)
Béta-bloquants fè kè a bat pi dousman, ki fè li pa ponpe si fò, epi konsa yo desann tansyon an. Si yon moun pran yo chak jou, medikaman sa yo ka desann tansyon an epi soulaje lestomak fè mal (anjin). Lè yo sèvi ak yo pou desann tansyon an, yo konn bay yo ansanm ak grenn ki fè moun pipi anpil oubyen ak lòt medikaman. Kèk béta-bloquants sèvi pou trete feblès kè a tou.
Aténolol (atenolòl), metoprolol (metopwolòl), bisoprolol (bizopwolòl), ak carvédilol (kavedilòl) se béta-bloquants.
Fatig, kè plen, maltèt, tèt vire ; li sere, li gen dyare, li santi li fay.
Si pwoblèm sa yo pa twò grav, apre yon moun gen tan swiv medikaman an pou kèk senmenn, yo ka al fè wout yo.
Se pa tout kalite béta-bloquants bon pou fanm ansent.
Moun ki gen maladi sik dwe pran yo ak pridans si yo konn fè kriz sik ba.
Medikaman sa yo ka anvlimen opresyon ; konsa moun ki soufri opresyon dwe sèvi ak yo ak pridans.
Yo ka fè kè a bat pi dousman. Desann dòz la si kè a pa rive bat 60 fwa nan yon minit.
Siy ki montre gen danje : lestomak fè mal (anjin), difikilte pou pran souf ; kè a bat twò dousman, men, pye, oubyen janm yo anfle.
Nou dwe kòmanse ak yon ti dòz medikaman, epi monte dòz la ti kras pa ti kras chak 8 oubyen 15 jou. Si yon moun ap pran yon gwò dòz epi li oblije sispann pran li, desann dòz la ti kras pa ti kras pandan kèk senmenn.
ATÉNOLOL
(atenolòl)
Aténolol : Nou jwenn li an grenn 25 mg ak 50 mg
Pou trete tansyon
Granmoun : Nòmalman nou kòmanse ak 25 mg yon fwa nan yon jou.Lè kèk senmenn fin pase, kontwole tansyon an pou wè si li pa bon. Si nou wè li nesesè, nou ka monte dòz la. Ajoute 25 mg pou bay yon dòz 50 mg nan yon jou. Nan 15 jou, kontwole tansyon an yon lòt fwa. Si li nesesè, monte dòz la ; mete 25 mg an plis sou dòz 50 mg nan yon jou (ki fè 75 mg nan yon jou). Fè l yon lòt fwa nan 4 senmenn (100 mg yon fwa nan yon jou).
Pa bay plis ke 100 mg nan yon jou.
MÉTOPROLOL TARTRATE
(metopwolòl tatrat)
Métoprolol tartrate se yon medikaman ki travay yon ti tan nan kò a ; nou bay li 2 fwa nan yon jou. Se pa menm medikaman ak métoprolol succinate ki travay yon tan ki pi long nan kò a.
Métoprolol tartrate : nou jwenn li an grenn 50 mg ak 100 mg.
Pou trete tansyon
Granmoun : Nòmalman nou kòmanse ak 50 mg rive 100 mg nan yon jou, separe an 2 dòz ; bay li 2 fwa nan yon jou (25 mg oubyen 50 mg chak dòz).Lè kèk senmenn fin pase, kontwole tansyon an pou wè si li pa bon. Si nou wè li nesesè, nou ka monte dòz la ; ajoute 50 mg sou dòz pou nou bay nan yon jou. Nan 15 jou, kontwole tansyon an yon lòt fwa. Si li nesesè, monte dòz la yon lòt fwa. Nòmalman nou bay soti 200 mg rive 400 mg nan yon jou, separe an 2 dòz ; bay li 2 fwa nan yon jou (100 mg - 200 mg chak dòz).
Pa bay plis ke 400 mg nan yon jou.
Statines
(statin)
Simvastatine (simvastatin), lovastatine (lovastatin), atorvastatine (atòvastatin), ak pravastatine (pravastatin) se statines.
Medikaman sa yo fè fwa yon moun ralanti sou kantite kolestewòl l ap fè. Si gen twòp kolestewòl nan kò a, li anpeche san an sikile, epi sa fè kè a travay plis.
Nou sèvi ak yo pou evite kriz kè ak konjesyon serebral kay moun ki gen tan soufri youn. Yo sèvi tou pou evite kriz kè kay moun ki gen maladi sik oubyen lòt pwoblèm sante ki sanzatann ka bay yon kriz kè oubyen yon konjesyon serebral.
Statines bon pou moun ki soufri ak gwo pwoblèm sa yo. Yo bay yo tou pou desann kantite kolestewòl ki nan san yon moun ki gen twòp kolèstewòl.
Genyen statines ki pa twò fò (tankou simvastatine), epi gen statines ki pi fò (tankou atorvastatine). Yo sèvi ak youn ki pi fò pou trete moun ki gen pi gwo chans pou yo fè yon kriz kè.
Statines ka bay doulè nan vyann. Si se yon ti doulè epi se pa tout kò a ki fè mal, nou gen dwa desann dòz la pou soulaje mal la. Men si yon moun gen gwo doulè nan vyann, oubyen si tout kò a fè li mal (tankou lè li gripe), se pou li sispann pran medikaman an, epi al wè yon ajan sante.
Ti pwoblèm, tankou maltèt, kè plen, oubyen konstipasyon (sere) konn rive, epi yo konn al fè wout yo lè kò a abitye ak medikaman an.
Fanm ki ansent pa dwe pran statines. Si yon fanm kapab ansent, li pi bon pou li pa pran yo.
Genyen de kalite medikaman ki pa fèt pou nou bay yo ansanm ak lòt medikaman. Gen de fwa, si nou mete medikaman ansanm, sa kapab chanje youn oubyen toulede dòz yo. Pa egzanp, moun ki pran amlodipine pa dwe pran plis ke 20 mg simvastatine. Fè atansyon pou ajan sante a konnen tout medikaman n ap pran pou l ka verifye si yo pa aji youn sou lòt.
Siy ki montre gen danje : gwo doulè nan vyann, oubyen doulè nan vyann ki aji sou tout kò a. Sispann pran medikaman an epi al wè yon ajan sante.
Dabitid, lè moun pran yon statine, yo kòmanse ak yon dòz nòmal epi desann li si gen pwoblèm. Se pa menm jan ak kèk medikaman ki pou trete tansyon, kote nou kòmanse ak yon ti dòz epi monte li ti kras pa ti kras.
Medikaman sa yo mache pi byen si nou pran yo lè nou monte kabann nou.
SIMVASTATINE
(simvastatin)
Simvastatine : nou jwenn li an grenn 5 mg, 10 mg, 20 mg, ak 40 mg.
Pou desann kantite kolestewòl ki nan san an kay moun ki kouri gwo chans pou yo fè yon kriz kè:
Pifò moun ap pran soti 10 mg rive 40 mg. Lè moun pran li ansanm ak kèk kalite medikaman, nou dwe desann dòz simvastatine nan. Anvan nou bay yon moun li, li enpòtan pou nou konnen tout medikaman l ap pran.
Pa pran plis ke 40 mg nan yon jou.