Hesperian Health Guides

Ki jan pou yon fanm rete an sante pandan moman gwosès li

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Pou manman an ak tibebe a ka rete an sante, se pou li :

  • Jwenn ase bon kalite manje.
  • Dòmi epi poze kò li, pou li pa twò bouke.
  • Evite sèvi ak pwodui chimik ; pa bwè tafya ; pa fimen ; pa pran medikaman ki pa vrèman nesesè.
  • Al fè konsiltasyon kay yon fanmsaj, oubyen yon ajan sante, pou yo trete pwoblèm sante li ka genyen.
  • Jwenn lanmou ak jantiyès.

Manje ase bon kalite manje

Premye bagay pou li fè se pou li manje divès bon kalite manje. Se konsa fi a va jwenn fòs pou li kapab akouche, epi, lè li fin akouche, pou li pran swen tibebe a. Men sa ki ka fè yon fanm ki gwo vant manke jwenn ase manje : se ka li menm ki responsab sere manje pou lòt moun nan fanmi li. Se ka yon bèlmè, oubyen yon zanmi, ki te di li pou li pa pran tèl ou tèl kalite manje. Se ka paske yo te di li, si li rete piti, si li pa pran pwa, li ka akouche pi fasil. Men sonje byen, fòk fi a manje ase pou li nouri ni li menm, ni tibebe a. Olye pou li manje mwens pase lòt granmoun, se pou li manje pi plis. Fanm ki gwo vant, menm jan ak tout lòt moun, yo dwe manje legim, fwi, ak manje ki gen pwoteyin e ki bay fòs ak kouray. Epi yo bezwen manje pi souvan. Pou konnen plis sou ki jan nou ka byen manje, al gade nan Byen manje bay bon sante.

Divès kalite manje ki fè nou rete an sante: manje ki bay fòs ak kouray, manje ki pou bati kò a, ak fwi e legim ki chaje ak vitamin.

Manje divès bon kalite manje ap ede manman an ak tibebe a rete an sante.


Ki jan pou evite anemi

Anpil fanm soufri anba anemi (manke fè, manke san), pandan moman gwosès yo. Konsa yo bouke fasil, e yo fèb. Anemi se gwo danje pou fanm ki gwo vant, paske yap pèdi san lè yo akouche. Konsa, sa bay gwo anemi ki ka menm pote yon fanm ale. Pou anemi pa mete pye, se pou fanm yo manje manje ki gen pwoteyin ak manje ki gen fè ladan yo, epi pou yo pran grenn fè.

Men maladi nou dwe trete san pèdi tan : malarya, ankilostòm. Maladi sa yo bay anemi.


Manje ki chaje ak fè, tankou melas, fwa, pwason, ze ak legim vèt.
Fanm ki gwo vant dwe manje manje ki gen anpil fè ladan yo.

Asid folik

Si yon fanm manke asid folik, tibebe a ka fèt difòm e andikape. Ba li yon renmèd fè ki gen asid folik ladan li tou. Oubyen, nou mèt ba li grenn asid folik mete sou grenn fè.

Vitamin A

fwi ak legim; kawòt ak tomat chaje ki ak vitamin A” Nou jwenn vitamin A nan legim ki gen koulè jòn abriko, nan fèy vèt, ak nan fwi. Vitamin A pwoteje je nou. Yon fanm ansent dwe manje pi plis legim sa yo. Vitamin A, ki nan manje a, va dabò nouri ti pitit ki poko fèt la. Si moun manke vitamin A, sa fè yo pa wè lannuit, oubyen sa ka rann yo toutafè avèg.

Dòmi epi pran repo

Lè yon fanm ansent, nou dwe ankouraje fanmi li ak vwazen li pou yo ba li yon kout men nan travay ak responsabilite li. Tanzantan nan jounen an, se pou li fè ti chita, epi lonje pye li anlè, sitou si dat akouchman an pre rive. Oubyen, se pou li kouche pou pran ti repo apremidi. Se yon gwo travay li ye pou kò a, lè yon fanm ap fè pitit. Fòk li poze kò li ase.

yon gason kap pale ak yon lòt gason kap lime yon sigarè

Pa fimen lakay mwen, papa! Sè mwen gwo vant!

Bagay pou evite

Fimen ak tabak

Fimen bay anpil maladi grav nan poumon moun. Moun ki fimen pi fasil pran kansè nan poumon, ki ka lakòz yo mouri. Si manman an fimen pandan gwosès li, pitit li ka fèt anvan lè, epi li ka fèt twò piti, oubyen li ka fèt tou mouri. Lè moun fimen bò kote yon fanm ki gwo vant, sa ka bay menm pwoblèm. Fè tout moun sonje pou yo pa fimen kote ki gen timoun ak fanm ki gwo vant.

Tafya ak dwòg

Lè yon fanm ki gwo vant bwè tafya, sa pase nan san tibebe a. Sa ka fè tibebe a soti donmaje nan kò li ak nan sèvo li. Pwoblèm sa yo ka dire pou tout lavi li. Plis li bwè, plis pitit la donmaje. Se menm bagay ak lòt dwòg tankou kokayin, dwòg ki fè moun pa dòmi, ewoyin, ak lòt dwòg. Pou jwenn bon konsèy, al gade nan Dwòg, alkòl ak fimen (chapit sa a poko ekri).

Medikaman

Lè yon fanm ki gwo vant pran medikaman, jeneralman medikaman an pase nan san tibebe a. Paske tibebe ki nan vant lan si tèlman piti, epi lap devlope toujou, dòz medikaman an, ki bon pou yon granmoun, ka yon danje pou tibebe a. Li ka soti donmaje. Konsa lè yon fanm ansent, se pa tout kalite remèd pou li pran. Pi bon remèd pou trete ti pwoblèm gwosès la, tankou maltèt, vant fè mal ak rim, se pran ti repo e bwè anpil likid.

boutèy medikaman an siwo ak an grenn
Toutotan yon fanm ansent pa ta pran medikaman ditou, li pi bon pou li.

Men, genyen enfeksyon ki mande trete. Gwo maladi kay manman an ka yon danje pou tibebe a tou. Men maladi ki mande trete :

  • Malarya.
  • VIH ak SIDA. Al gade nan VIH ak SIDA (chapit sa a poko ekri).
  • Enfeksyon nan aparèy pipi. Al gade nan Pwoblèm aparèy pipi (chapit sa a poko ekri).
  • Maladi seksyèlman transmisib (MST) (maladi moun trape nan fè bagay), tankou klamidya, ekoulman (blenoraji), ak sifilis. Al gade nan Pwoblèm nan aparèy ki pou fè pitit (chapit sa a poko ekri).

Pou konnen ki medikaman ki ka sèvi pou trete fanm ki gwo vant ak fanm kap bay tete, se pou yo mande konsèy nan men yon ajan sante ki gen esperyans nan domèn lan. Al gade nan Medikaman, dènye paj yo nan chapit sa a ; chache wè si tèl medikaman ka sèvi pou fanm ki gwo vant. Al konsilte lòt liv ki bay konsèy sou ki medikaman ki ka sèvi. Si yon medikaman gen danje pou fanm ki gwo vant, petèt nou ka jwenn yon lòt ki ka sèvi.

Genyen remèd fèy tou, olye pou yo trete yon maladi, yo ka fè plis donmaj toujou. Al gade nan Medikaman, tès ak trètman (chapit sa a poko ekri) pou ede nou deside si li ta bon pou sèvi ak tèl remèd fèy, oubyen non.

Rete lwen moun malad

yon tifi ki gen gratèl nan figi li ak sou kò li

Lè yon fanm ki gwo vant tonbe malad, se mizè. Se ka petèt paske li manke lapeti, li pa manje ase, ki fè li pèdi kouray li. Se poutèt sa li dwe rete lwen moun ki malad, pou li pa pran maladi a li menm.

Ribeyòl pa yon maladi grav. Men, si yon fanm ki gwo vant trape ribeyòl, li ka fè yon pitit ki donmaje oubyen difòm. Se poutèt sa, yon fanm ki gwo vant, ki poko gen ribeyòl, oubyen ki pa asire ke li poko genyen li, dwe rete lwen moun ki gen gratèl, sitou timoun, ki ka fasil trape ribeyòl. Lè yon fanm ki gwo vant gen pitit li yo malad, si posib se pou lòt moun, fanmi oubyen zanmi, okipe yo. Pi bon fason pou evite pwoblèm maladi sa a, se pou nou asire ke tout timoun pran vaksen.

Ki jan pou fanmsaj ak ajan sante okipe fanm ki gwo vant

Nou menm, ajan sante ak fanmsaj ki gen esperyans nan domèn sa a, nou ka ankouraje fanm ki gwo vant pou konnen ki sa yo dwe fè pou rete an sante. Nou ka fè ti pale ak yo sou sa yo bezwen pou sante yo. Nou ka aprann yo anpil bagay ki pèmèt yo trete ti pwoblèm fanm ki gwo vant ka genyen. Se pou nou rekonèt siy ki montre gen danje, epi konnen ki lè pou nou chache konkou doktè. Tout fanm, lè yo gwo vant, lè yo akouche, ak lè yo tinouris, gen dwa pran swenyay nan men ajan sante oubyen fanmsaj ki gen kè sansib, epi ki konnen metye yo byen.

Vaksen

Tout fanm ki gwo vant dwe pran vaksen kont tetanòs, pi bonè ke li kapab, nan gwosès li. Si li pa gen tan pran tout vaksen kont tetanòs, se pou li pran vaksen an nan 4 semenn ankò. Sa va pwoteje li menm ansanm ak tibebe a. Pou konnen plis sou sa, al gade nan Vaksen (chapit sa a poko ekri).

Tès ki fèt nan laboratwa

Genyen de tès (egzamen) ki senp nou ka fè pou nou rekonèt maladi ki ka donmaje manman an ak tibebe a. Tès sa yo fè nou konnen ki pwoblèm li genyen. Konsa nou ka kòmanse trete li san pèdi tan, e sa ka ede nou evite gwo pwoblèm tou lè li akouche. Men tès nou dwe fè :

  • Tès san pou anemi (manke san, feblès)
  • Sifilis (MST, maladi seksyèlman transmisib)
  • Malarya

Tout fànm ki gwo vant gen dwa fè tès pou VIH/SIDA. Si yon fanm gen VIH/SIDA nan san li, li ka pran medikaman. Konsa li menm ak tibebe li ka rete an sante. VIH ak SIDA (chapit sa a poko ekri), fè nou konnen ki jan pou nou fè tès la, ak ki medikaman ki bon pou fanm ansent.

NWTND pab Page 6-1.png

Genyen de nouvo kalite tès ki pa mande laboratwa. Nou ka fasil fè yo lè nou pase yon tanpon espesyal andan bouch la oubyen nan vajen an (kannal fi). Oubyen, gen de tès ki mande yon ti gout san ; se pou nou pike dwèt li pou jwenn gout san sa a. Mande konsèy nan yon sant sante pou wè si Sèvis Sante Piblik oubyen lòt òganizasyon bay tès sa yo.