Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou pran swen fanm ki gwo vant

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Koulye a nou pral pale sou sa fanmsaj ak ajan sante dwe konnen pou yo ka byen okipe fanm ansent ak tibebe yo. (Men manman yo gen dwa li sa tou, pou yo konprann ki jan pou yo rekonèt sa ki nòmal, epi pou yo rekonèt sa ki mete yo an danje.)

Fanmsaj ak ajan sante, nou menm dwe ankouraje fanm ki gwo vant yo pou yo vin fè vizit nan sant lan, anvan pitit la fèt, pou nou swiv gwosès la. Li ta bon pou wè yo kèk fwa pandan 8 premye mwa gwosès yo. Answit, se pou nou wè yo yon fwa chak 8 jou pandan dènye mwa a. Men ki koze nou ka fè nan moman vizit sa yo :

  • Ba li repons sou tout kesyon li poze.
  • Fè ti pale ak li sou sa li bezwen pou sante li, pa egzanp, ki sa pou li manje, oubyen ki jan pou li jwenn ase repo.
  • Kontwole sante manman an ak tibebe a, pou wè si yo an sante, oubyen si yo gen pwoblèm.
Yon ajan sante kap pale ak yon fanm ki gwo vant. Li gen yon lis kesyon sou yon papye

Chak vizit, ekri sou dosye li sa nou wè. Konsa nou ka konnen si manman an ap pran pwa jan li dwe, oubyen si tansyon li ap monte. Si tansyon li monte wo, se ka yon siy ki fè nou wè fanm lan ap soufri anpwazonnman gwosès.

  
Danger.png
 Siy ki fè nou konnen gen danje
Si nou wè nenpòt siy nan sa yo ki ekri anba, voye chache konkou doktè, oubyen mennen li lopital. Fanm nan ka mouri.
  • Li bay san nan vajen an (kannal fi) : Si yon fanm bay san pandan li gwo vant, ki sanble ak règ li, se ka yon foskouch lap fè (pèdi tibebe a). Si yon fanm gen 6 mwa gwosès deja lè li bay ti san, se ka mèt vant lan ki vin chita bloke twou kote pou pitit la soti a. Se pou nou mennen li lopital san pèdi tan.
  • Gwo doulè anba tivant pandan premye twa mwa gwosès li : Li posib ke tibebe a pap devlope nan matris la, men lap devlope nan kannal ze a, gwosès sou deyò matris la. Kouri mennen li lopital. Si li gen gwo doulè nan dènye mwa gwosès la, oubyen pandan akouchman an, se ka mèt vant lan ki detache li ak matris la. Se gwo danje. Kouri al jwenn doktè.
  • Gwo lafyèv : (pi wo pase 39 degre santigrad, 102 degre farennayt.) sa fè nou konnen li gen yon enfeksyon ki ka nwi ni manman an, ni tibebe a. Men bagay ki ka bay lafyèv kay fanm ki gwo vant: grip, malarya (al gade nan Kèk enfeksyon ki grav - chapit sa a poko ekri), enfeksyon nan aparèy pipi (al gade nan Pwoblèm aparèy pipi - chapit sa a poko ekri), enfeksyon nan matris la, oubyen nenpòt lòt enfeksyon ki bay lafyèv.
  • Tansyon twò wo : (140/90, oubyen pi wo) gwo maltèt, gwo anfleti—tout figi li anfle. Se siy ki fè nou konnen ke li gen anpwazonnman gwosès (toksemi).
  • Kriz : se anpwazonnman gwosès (eklanpsi) ki bay sa. Mennen li lopital san pèdi tan.
yon dosye pou fanm ansent

Kesyon pou nou poze yon fanm ki gwo vant

Anba se yon lis kesyon pou nou poze pandan premye vizit la. Nou mèt mete lòt kesyon sou lis la, si nou wè lòt pwoblèm nan kominote pa nou an.

NWTND bag question.png

Depi ki lè li gwo vant ? Ki dat pitit la ta sipoze fèt ?
Yon fanm kap kontwole ak dwèt li
NWTND bag arrow.png
Nan chak vizit, kalkile sou ki senmenn li ye nan gwosès li. Verifye yon fwa ankò sou ki dat li te wè dènye règ li. Kalkile konbyen senmenn ki pase depi dat sa a.
NWTND bag arrow.png
Si nou konnen sou ki mwa li ye, nou ka kalkile si tibebe ap devlope dapre jan li dwe ye a.

Si li deja fè pitit, ki jan sa te pase ?

NWTND bag question.png
Eske tansyon li te monte wo ? Eske li te fè kriz ?
Yon fanm ki gwo vant kap fè kriz
NWTND bag arrow.png
Si li te fè tansyon twò wo, si li te fè kriz pandan yon lòt gwosès, se ka anpwazonnman gwosès (toksemi) li te soufri. Lè li rive sou 28èm senmenn gwosès sa a, fè li tounen vin jwenn nou chak 8 jou, pou pi piti. Nan chak vizit, verifye tansyon li, epi verifye pipi li pou wè si pa gen pwoteyin ladan l. Fè plan pou li ale lopita si nou wè li nesesè.
NWTND bag question.png
Eske li te gen yon tibebe fèt tou mouri ? Pouki sa ?
Yon fanm ki gwo vant ki gen lè tris
NWTND bag arrow.png
Genyen plizyè bagay ki ka fè pitit la mouri nan dènye de twa mwa gwosès la. Se ka dyabèt (maladi sik). Alò, verifye manman an pou wè si li pa gen dyabèt (al gade nan Maladi ki dire sou moun - chapit sa a poko ekri). Men pi souvan, nou pa janm ka konnen pouki sa li te pèdi pitit la. Epi menm si nou ta konnen, sa pa vle di li va rive ankò. Kanmenm, sèvi ak jantiyès epi tande sa li rakonte ou.

Ki jan sa te pase ak lòt akouchman ?

NWTND bag question.png
Eske li te bay anpil san lè li fin akouche ?
Yon fanm ki fin akouche epi kap bay anpil san
NWTND bag arrow.png
Fè plan pou fanm lan akouche nan yon lopital byen ekipe. Si pa gen mwayen pou pote li lopital, epi lap akouche lakay, prepare medikaman ki pou fè san an kanpe.
NWTND bag question.png
Eske li konn genyen tranche byen kout — oubyen tranche ki twò long ?
NWTND bag arrow.png
Si li konn gen tranche kout, lè tranche li kòmanse, al jwenn li pi vit ke nou kapab. Oubyen fè plan pou li rive vit nan yon sant oubyen yon klinik.
NWTND bag arrow.png
Si tranche li konn long, se ka zo basen li (anba ti vant) ki piti, ki pa pèmèt tibebe a pase. Oubyen se ka yon lòt pwoblèm. Prepare tèt nou pou nou ale lopital ak li, si tranche a twò long.
NWTND bag question.png
Eske li te gen yon tibebe ki te twò piti lè li fèt ? Oubyen twò gwo ?
NWTND bag arrow.png
Tibebe ki twò piti konn gen mal pou yo respire byen. Yo pi fasil trape enfeksyon. Bay manman an yon kout men pou wè si li pa ka fè yon tibebe ki pi gwo. Si li manke jwenn ase manje, eske gen mwayen pou li ka jwenn plis?
NWTND bag arrow.png
Lafimen sigarèt ak lot kalite pwazon ka fè yon fanm fè yon pitit ki twò piti. Ki sa nou ka fè pou pwoteje manman an ak tibebe li ?
NWTND bag arrow.png
Maladi sik (dyabèt) ka lakòz li fè yon pitit ki twò gwo, ki peze plis pase 4 kilogram. Al gade nan Maladi ki dire sou moun (chapit sa a poko ekri).
NWTND bag question.png
Eske yo te fè operasyon pou fè tibebe a soti (sezaryèn) ? Eske yo te sèvi ak fòsèp (zouti ki pou ede pitit la soti) ? Eske li konnen pouki sa ?
Yon fanmsaj kap sèvi ak fòsèp pou ede yon fanm akouche.
NWTND bag arrow.png
Se ka tranche a ki te twò long ki lakòz yo fè operasyon, oubyen ki fè yo sèvi ak fòsèp. Sa ka rive ankò. Eske tranche li te twò long ? Sinon, petèt operasyon pa te vrèman nesesè

NWTND bag arrow.png
Sa ka mache pou yon fanm akouche nòmalman apre yo te fè operasyon pou fè pitit la soti. Men sa ka bay pwoblèm. Se poutèt sa, li ta pi bon pou li akouche nan lopital.
NWTND bag question.png
Eske li te pèdi yon tibebe tou piti ?
NWTND bag arrow.png
Genyen anpil bagay ki ka fè tibebe ki fèk fèt mouri, tankou tetanòs (maladi kò rèd), nemoni, dyare, ak lòt enfeksyon ki grav. Nou ka evite maladi sa yo. Pou aprann ki jan pou nou evite ak pou trete yo, al gade nan Ti bebe ki fèk fèt ak bay ti bebe tete.
NWTND bag question.png
Eske li konn gen pwoblèm pou li bay tete ?
NWTND bag arrow.png
Al gade nan Bay tete pou ede yon fanm kap bay tete.

Ki jan sante li ye koulye a ?

NWTND bag question.png
Eske li gen yon enfeksyon ki grav, tankou malarya, tibèkilòz (maladi pwatrin), VIH/SIDA, oubyen lòt maladi ?


Voye je nou sou li pou wè si li pa gen pwoblèm sante ki pa geri, tankou si lap touse toutan, si li gen lafyèv, si lap pèdi pwa.

NWTND bag arrow.png
Fòk nou trete yon enfeksyon ki grav. Al gade nan lis mo nan dènye pati liv sa a pou nou jwenn kote yo di nou ki jan pou nou trete yo.
Yon fanm kap touse fò"
NWTND bag question.png
Eske li gen gratèl, maleng, li santi fò, vajen an bay yon likid jòn ? Eske sa fè mal nan vajen li, oubyen anba tivant li, lè lap fè lanmou ?
NWTND bag arrow.png
Li nòmal pou yon fanm ki gwo vant bay plis likid nan vajen li. Men si likid la santi fò, oubyen vajen li ap fè li mal, sa fè nou konnen ke li gen yon enfeksyon. Al gade nan Pwoblèm nan aparèy ki pou fè pitit (chapit sa a poko ekri).
NWTND bag question.png
Eske sa boule, oubyen fè mal, lè li fè pipi ? Eske sa fè mal sou de bò ren li ?
Yon fanm ki soufri, kap sere ren li"
NWTND bag arrow.png
Fè tès pou wè si li pa gen enfeksyon nan aparèy pipi. Al gade nan Pwoblèm aparèy pipi (chapit sa a poko ekri).
NWTND bag question.png
Yon fanm kap bay san nan vajen li.
Eske vajen li ap bay san ?
NWTND bag arrow.png
Si yon fanm bay san pandan premye 20 senmenn gwosès li, jeneralman lap pèdi pitit la. Nòmalman, se pa gwo danje. Si li pase 20 senmenn, (4 mwa edmi), se grav. Chache konkou doktè san pèdi tan.
NWTND bag question.png
Eske li gen maladi sik (dyabèt)?
NWTND pab Page 12-4.png
Bandlèt pou fè analiz pipi
NWTND bag arrow.png
Yo bay esplikasyon sou maladi sik nan Maladi ki dire sou moun (chapit sa a poko ekri). Yon fanm ki gen dyabèt dwe kontinye pran ensilin pandan tout gwosès li. Si gen posibilite, se pou li fè tès chak fwa li fin manje, pou konnen valè sik ki nan san li. Fòk li swiv trètman kay doktè pou li ka akouche an sekirite.
NWTND bag arrow.png
Gen yon lòt kalite dyabèt ki mete pye lè yon fanm ansent. Se pandan gwosès li sèlman nou wè maladi a. Si nou fè tès pipi li, epi gen sik ladan l, se pou nou fè tes san pou li tou.
NWTND bag question.png
Eske li pran medikaman ?

NWTND pab Page 13-1.png

NWTND bag arrow.png
Sèvi ak Lis medikaman (ki poko ekri), oubyen yon lòt liv ki bay enfòmasyon sou medikaman, pou konprann sa lap pran. Mande tèt nou, ‘Eske li dwe pran medikaman sa a ?’ epi, ‘Eske li bon pou fanm ansent ?’ Si nou wè medikaman an vrèman nesesè, men li ka bay pwoblèm, chache yon lòt medikaman pou nou ba li.
NWTND bag question.png
Eske li konn fè yon reyaksyon alèji ak nenpòt medikaman ?
Yon fanm kap grate chofi li gen nan lestomak li
NWTND bag arrow.png
Ekri sou dosye li, si li konn fè reyaksyon alèji ak yon medikaman. Pa ba li kalite medikaman sa a. Si nou gen pou trete li ak medikaman, chache jwenn yon lòt.
NWTND bag question.png
Eske li konn sèvi ak remèd fèy ?
NWTND pab Page 13-3.png
NWTND bag arrow.png
Genyen de remèd fèy ki gen danje ladan yo. Al gade nan Medikaman, tès, ak trètman (chapit sa a poko ekri), pou ede nou deside ki medikaman ki ta bon
NWTND bag question.png
Eske li konn sèvi ak pwodui chimik ki ka anpwazonnen moun, lakay, oubyen nan travay li ? Pi gran danje se pwazon ki pou touye ti bèt, pwodui ki sèvi pou netwayaj, epi pwodui chimik ak lòt bagay ki sèvi nan faktori.
NWTND bag arrow.png
Genyen danje pou tout moun ki sèvi ak pwodui chimik sa yo. Genyen sa ki konn donmaje oubyen ki konn menm touye tibebe ki poko fèt la. Ki sa nou ka fè pou pwoteje manman an ?
Veso ki gen pwodui chimik ki fò ladan yo, tankou klowòks, tinè ak pwazon ki pou ti touye ti bèt.
NWTND bag question.png
Dabitid, ki sa li manje pandan yon jounen ?
NWTND pab Page 13-5.png
NWTND bag arrow.png
Al gade nan Byen manje bay bon sante. Sèvi ak chapit sa a pou nou fè ti koze ak manman an sou ki jan li ka manje byen chak jou.
NWTND bag question.png
Eske gen moun ki ba li kout men ak lòt pitit li yo, ak travay lakay la ? Eske gen moun ki pou pòte manje ba li, al nan dlo, oubyen chache bwa pou fè dife, lè li bezwen yo ?
Yon fanm ansent ki chita ap fè kouti pandan yon lòt fanm ap fè manje
NWTND bag arrow.png
Pale ak fanmi fanm lan pou wè si yo pa ka ba li kout men ak travay lakay la. Si fanmi li pa kapab, nou ka ankouraje vwazin li yo, moun legliz pa l, oubyen zanmi travay li, pou yo pote li lanmen fòt.
NWTND bag question.png
Ki kote li vle akouche ?
Kèk moun kap ede yon fanm ansent monte nan machin
NWTND bag arrow.png
NWTND bag arrow.png
Si li vle akouche nan yon sant, oubyen nan yon lopital, fè plan davans pou konnen ki jan li va rive la. Fè plan pou gen kòb pou peye machin ak lopital la.