Hesperian Health Guides

Tranche ak akouchman

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Yon fanm kap soulaje yon fanm ansent. Lap ofri li yon gode dlo

Chak kominote gen mès ak koutim pa yo, sou ki jan yo okipe fanm kap akouche. Akouchman se yon bagay ki natirèl. Si ou pa wè rezon pou ou mete men, se plis chans pou tout bagay pase byen. Men fòk ou louvri je ou pou chache siy ki ka fè ou konnen gen danje. Sonje byen :

  • Pi fò akouchman pase san danje, san pwoblèm.
  • Ankouraje manman an. Ba li kouray. Pale jantiman avè l. Montre li ki jan pou li pran gwo souf dousman.
  • Ede manman an pou li fè kò a fè mouvman, fè ti mache, pou li chanje pozisyon li tanzantan, epi pou li fè ti plenn.

Si ou wè siy ki fè ou konnen manman an nan danje, pa pèdi tan—fè vit mennen li lopital.


  
Danger.png
 Siy ki fè ou konnen ka gen konplikasyon
  • Tranche a twò long: Sa vle di, yon fanm ki deja fè pitit, tranche a pi long pase 12 èdtan ; yon fanm ki fè premye pitit li, li pi long pase 24 èdtan (tout yon jou ak yon nwit). Tranche ki twò long ka fasil bay manman an ak tibebe a pwoblèm. Epitou, apre pòch dlo a kase, si douz èdtan pase (solèy kouche jis solèy leve) san li pa santi doulè tranche, enfeksyon ka mete pye.
  • Tansyon wo : Tansyon 160/110, oubyen pi wo, se ka ijan. Chache konkou doktè. Pandan ou nan wout, voye je ou sou li pou wè si li pap fè kriz.
  • Lafyèv : Si manman an fè lafyèv, si kè li bat vit, si kè tibebe a bat vit, se ka yon enfeksyon nan matris la. Chache konkou doktè. Pandan ou nan wout, ba li antibyotik.
  • Tibebe a kouche sou kote : Tibebe a pa ka fèt konsa. Fòk yo fè operasyon (sezaryen) touswit pou sove tibebe a. Chache konkou doktè.
  • Kòd lonbrit la soti anvan tibebe a : Sa pa rive fasil, men sa fè tèt tibebe a peze sou kòd lonbrit la, ki koupe san li. Konsa tibebe a pap jwenn san ankò. Sèl mwayen pou sove lavi tibebe a, se pou ou kouri al lopital pou yo fè sezaryen. Fanm lan dwe rete kouche sou 4 pat, men li, bra li ak tèt li plat atè a, dèyè li anlè. Konsa tèt la pap peze sou kòd lonbrit la.

Pare pou akouchman

Pou akouchman an ka pase byen, men sa ou dwe pare epi mete la anvan fanm lan akouche :

Ht NWTND pab Page 19-1.png
Ht NWTND pab Page 19-2.png
NWTND pab Page 19-3.png
Savon ak dlo pou ou lave men ou souvan, pou ou benyen manman an, ak pou lave zouti ou yo. Yon jilèt tou nèf oubyen esterilize, oubyen sizo esterilize pou koupe kòd lonbrit la.
NWTND pab Page 19-4.png
NWTND pab Page 19-5.png
NWTND pab Page 19-6.png
Medikaman ki pou fè san an kanpe: oksitosin, mizopwostòl. Gan pou jete, pou pwoteje sante manman an, tibebe a, ak fanmsaj la. 2 ti riban oubyen 2 ti lèz twal pwòp ki esterilize oubyen bouyi. Oubyen sèvi ak yon pens pou kòd lonbrit la.

Lòt bagay fanmi an oubyen fanmsaj la dwe prepare:

NWTND pab Page 20-1.png
NWTND pab Page 20-2.png
Anpil twal oubyen sèvyèt byen pwòp, ki va sèvi pou vlope tibebe a, pou li pa frèt. Yon flash pou ou ka wè akouchman an ak tibebe a
Ht NWTND pab Page 20-1.png
NWTND pab Page 20-4.png
Dlo pou bwè, ak pou lave. Yon kivèt ki sèvi pou lave, yon lòt kivèt pou mete mèt vant lan.

Lòt bagay ki itil pou fanmsaj la ak ajan sante a :

  • Dosye sante manman an
NWTND pab Page 20-5.png
  • Yon ti ponp (aparèy pou aspire), ki tou nèf oubyen esterilize. Li sèvi pou rale flenm nan nen ak nan bouch tibebe a.
  • Yon fetoskòp (sonn), yon estetoskòp, ak yon tansyomèt (aparèy ki pou pran tansyon)
  • Zegwi esterilize, ak fil ki pa bezwen dekoud, pou koud manman an, si li chire pandan akouchman an.


Kòmansman akouchman an

Yon tibebe ki nan matris la ; pitit la kap foure tèt li pa anba
matris
(manman vant)
kòl matris
(bouch manman vant)

Tranche

Doulè tranche se lè matris la ap ranmase kò li, lap sere kò li pou li pouse pitit la deyò. Lè doulè a frèt, matris la lage kò li. Lè doulè a pran li ankò, vant lan ranmase kò li, lap sere. Chak fwa tranche a pran li, sa fè ti twou kote pou pitit la soti a louvri yon ti kras pi laj. Lè twou a louvri laj, tibebe a ka soti nan matris la ; answit li ka soti nan kannal vajen an.

Vant lan rete konsa, epi li mòde li, apre sa li lage li, se doulè tranche a kap ale vini. Yo ka kòmanse kèk jou anvan dat pou fanm lan akouche a. Lè fanm lan poze kò li, doulè yo ka ba li yon ti kanpo. Lè doulè yo kòmanse vin pi fò, pi dri, vrè tranche a kòmanse. Yo vini regilye, chak kèk minit. Menm si manman an poze kò li, yo pa ba li kanpo.

Yon fanm kap kase lezo

Pòch dlo a kase

Rive yon lè, ti pòch dlo ki kenbe pitit la nan vant manman an, li kase. Sa fè manman an rann yon pakèt dlo. Oubyen li ka rann li ti gout pa ti gout. Sa konn rive anvan tranche a kòmanse. Oubyen sa konn rive pandan li gen tranche a. Yon lè konsa, yon pitit ka fèt tou fèmen anndan pòch la ki pat kase ditou. Tout sitiyasyon sa yo nòmal.

Anndan matris la, pòch dlo a ap pwoteje pitit la pou mikwòb pa ka antre. Yon fwa pòch la kase, mikwòb ka monte rive nan matris la ak pitit la. Se poutèt sa, pi lontan li rete konsa, pi fasil enfeksyon ka mete pye. Depi pòch dlo a kase, pa met anyen nan kannal la. Si 12 èdtan fin pase (solèy kouche jis solèy leve) depi pòch la kase, fòk li al lopital kote yo ka ba li medikaman ki pou fè tranche a kòmanse.

Ki jan pou eseye fè tranche a kòmanse

Gen de fwa ou mèt eseye fè tranche a kòmanse, oubyen fè li fè pi vit si tranche a twò long. Men sitiyasyon kote ou mèt eseye :

  • Gwosès la twò long. Si gwosès la pi long pase 41 senmenn, sa ka bay pitit la pwoblèm.
  • Pòch dlo a kase. Depi li kase, pou evite enfeksyon, fòk tranche a kòmanse.
  • Tranche a twò long. Eseye fè li kòmanse oubyen fè li vin pi fò, pou manman an pa fin bouke nèt.


Kòmanse ak premye bagay ki sou lis la. Si sa pa mache, pase sou dezyèm lan :

  1. Fè li fè ti mache ale vini, fè li danse, oubyen fè li monte ti mòn.
  2. Mande li pou li woule pwent tete li, kòm si lap tire lèt. Oubyen jwenn yon tibebe pou li souse yo. Sa dwe bay kèk tranche.
  3. Mete 4 gwo kiyè luil risen nan ji fwi. Fè fanm lan bwè li. Jeneralman, sa bay gwo dyare ak lakranp. Men li ka byen fè tranche a kòmanse.
Yo fanm ansent kap bwè luil risen melanje nan yon gode ji fwi
luil risen, yon ka gode (4 gwo kiyè)
yon gode ji fwi
NWTND pab Page 22-2.png

Petèt genyen remèd fèy nan zòn pa ou ki sèvi pou fè tranche kòmanse. Genyen sa ki bon, genyen ki pa bon. Anvan ou sèvi ak yo, poze tèt ou kesyon : eske remèd fèy sa yo konn fè tranche kòmanse kay lòt fanm ? Lè lòt fanm te pran yo, eske yo menm, oubyen tibebe yo, yo te konn gen pwoblèm sante ? Eske moun te konn sèvi ak yo depi lontan, oubyen èske se koulye a yo kòmanse pran yo ? Pou konnen plis sou ki jan pou ou sèvi ak remèd fèy, ak ki jan pou ou konnen si li bon, oubyen si li pa bon, al gade nan Medikaman, tès ak trètman (chapit sa a poko ekri).

  • Pa eseye fè tranche a kòmanse si tibebe a kouche sou kote nan matris la.
  • Si ou rete lwen lopital, pa pedi tan ap eseye fè tranche a kòmanse. Li pi bon pou ou degaje ou al lopital.
  • Pa janm bay yon fanm oksitosin, mizopwostòl, oubyen lòt medikaman ki pou fè doulè tranche yo kòmanse. Se nan lopital sèlman pou yo bay li. Medikaman sa yo si fò yo ka touye ni manman an, ni pitit li.

Lè nap ede yon fanm kap akouche

Pi bon bagay ou ka fè pou ede yon fanm kap akouche, se ba li kouray, sèvi ak jantiyès, ak respè. Si tout bagay ap pase byen, fanmsaj la pa dwe janm bezwen foure men li, oubyen dwèt li, andedan manman an. Se sa ki konn lakòz manman an trape enfeksyon. Se pa pou fanmsaj la bay masaj, ni pou li pouse sou vant lan. Pa gen anyen nan tout sa yo kap fè pitit la soti pi vit.

Nòmalman, pandan tranche a, li pi bon pou ou rete tann, pou ou veyatif, san mete men.


Yon fanm ansent kap fè ti mache"
Fè ti mache, oubyen chanje pozisyon an chak in èdtan konsa.

Lè tranche a kòmanse, pi bon travay yon fanmsaj ka fè, se bay manman an kouray. Fè li sonje pou li:

  • Lè li santi doulè a pran li, pran gwo souf dousman, pouse souf la deyò, oubyen fè ti plenn.
  • Bwè ti ji, ti te, ase souvan ; pran ti manje lejè.
  • Fè pipi souvan. Si blad pipi a plen, lap jennen pitit la pou soti.

Kontwole sante manman an ak tibebe a

Lè tranche a kòmanse, si ou konnen ki jan pou ou fè li, kontwole tansyon manman an, batman kè li, ak tanperati kò li. Kontwole pozisyon tibebe a, ak batman kè li. Kontwole yo tanzantan pandan tranche a. Konsa ou va wè si manman an trape yon enfeksyon, si li gen anpwazonnman gwosès, oubyen si tibebe a gen pwoblèm.

Yon ajan sante kap kontwole tansyon yon fanm ansent

Kontwole pou wè si manman an pa fè anpwazonnman gwosès : Kontwole tansyon li. Tansyon ki monte pi wo pase 160/110 grav anpil. Li ka fè kriz. Chache konkou.

Kontwole pou wè si li pa gen enfeksyon : Kontwole tanperati kò manman an. Li konn monte yon ti kras pandan tranche a, men si li monte pi wo pase 38 degre santigrad, pi souvan se enfeksyon li trape. Gen de lè yon fanm ka soufri anba lòt enfeksyon (tankou malarya, oubyen enfeksyon nan aparèy pipi), men pi gwo pwoblèm lan se enfeksyon nan matris la. Men siy ki ka fè ou rekonèt enfeksyon sa a :

  • Batman kè tibebe a pi vit pase 180 pandan yon minit
  • Batman kè manman an pi vit pase 100 pandan yon minit.
  • Vajen manman an santi fò.
  • Vant manman an fè li mal, oubyen li sansib lè ou manyen li.

Trete enfeksyon nan matris la trapde ak anpisilin ansanm ak jantamisin. Lè li fin akouche, toujou ba li medikaman sa yo. Si li malad grav, bay metwonidazòl an plis. Chache konkou.

Kontwole sante tibebe a : Si batman kè tibebe a rete pi ba pase 120, oubyen si li te konn desann pi ba pase 100, sa fè ou konnen tibebe a manke oksijèn. Se gwo danje. Tibebe a ka mouri, men sèl bagay ou ka fè se ede li fèt.

Konbyen tan yon fanm ka pase ak tranche

Pou chak fanm se bagay diferan. Se nòmal. Si yon fanm pase plizyè èdtan ak doulè tranche yo, oubyen si li pase yon ti tan sèlman, tout bagay ka pase byen. Men, gen de tibebe ki pa desann ; yo pa ka fèt san medikaman, oubyen san yo pa fè operasyon. Kalkile sou konbyen tan nap fè sou wout pou ou rive lopital la. Si ou rete lwen, epi tranche a dire kèk èdtan deja, ou gen dwa derape pou al lopital.

Pouse

Depi manman an santi tout bon vre li bezwen pouse, li met fè sa san pwoblèm. Tout manman konnen ki jan pou yo pouse yon tibebe soti, san li pa bezwen èd. Pa rele abò li. Pa montre ou otoritè sou li.

Yon fanm ak tranche kap chita akwoupi ; yon lòt fanm kap soutni li ak bra li
Yon fanm ak tranche ki sou kat pat
Yon fanm ak tranche ki kage kò li sou yon zòrye"
Kite manman an chwazi pozisyon ki pi bon pou li: akwoupi, sou 4 pat, do apiye ak 2 jarèt anlè. Yo tout bon. Si tibebe a pa vle soti, fè li eseye yon lòt pozisyon.

Depi li kòmanse pouse, li ka santi yon ti soulajman, epi li konnen touswit pitit la pral soti. Si tranche a te long, lè doulè a lage li, li ka tankou yon moun ki bouke anpil, epi kap kabicha. Doulè tranche a fè li reveye pou li pouse ankò.

Si li fè lontan ap pouse :

  • Ankouraje li chanje pozisyon.
  • Fè li fè pipi. Si blad pipi a plen, sa ka jennen pitit la pou soti.
  • Lè doulè a ba li yon ti kanpo, ankouraje li pou pran ti repo. Lè doulè a pran li, se pou li pran yon gwo souf, kenbe souf la, epi pouse ak tout fòs li.

Si li pase dezèdtan ap pouse dri, chache konkou doktè. Yo ka oblije fè operasyon pou pran tibebe a.

Lè dèyè tibebe a bay sou anba : Lè ou manyen vant manman an, ou ka petèt vin konnen si dèyè pitit la bay sou anba. Si ou wè vajen manman an ap bay yon pakèt tata mawon fonse (mekonyòm, tata tibebe a), se byen posib tibebe a ap parèt de pye devan. Pou konnen ki jan pou ou akouche yon tibebe konsa, l gade nan Akouchman.