Hesperian Health Guides

Kontwole sante manman an

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Nan chak vizit, kontwole pou wè ki jan sante li ye.

  • Pran pwa li, pran tansyon li.
  • Si li santi li pa twò byen, oubyen si nou wè li malad, verifye chalè kò li, batman kè li, ak ki jan lap respire. Aprann ki jan pou nou fè sa nan chapit Ki jan pou nou egzaminen yon malad (chapit sa a poko ekri).
  • Kontwole ki jan tibebe a ap grandi, ak nan ki pozisyon li ye nan vant manman an. Koute batman kè li.

Pran pwa manman an

Si nou gen balans, pran pwa manman an chak fwa li vin nan sant lan. Pandan tout gwosès li, se pou li ap pran pwa ti pa ti pa. Nòmalman, yon fanm ansent, ki an sante, dwe pran 12 rive 16 kilogram (25 rive 35 pwa) pandan tout gwosès li. Lè li rive sou katriyèm mwa a, li bon pou li pran pwa yon liv chak senmenn (prèske yon demi kilogram). Si li twò mèg, li ta bon pou li pran plis pwa; si li twò gra, li ta bon pou li pa pran valè pwa sa a.

Si fanm lan pa pran pwa jan li dwe, chache mwayen pou li jwenn plis manje.

Yon fanm ki fè dyabèt ka konmanse gwosi twòp (Al gade nan Maladi ki dire sou moun - chapit sa a poko ekri). Si yon fanm vin gwo yon grenn kou, nan dènye kèk semenn gwosès li, se ka marasa lap pote, oubyen se ka anpwazonnman gwosès (toksemi) lap fè.

Tansyon

Si nou wè tansyon yon fanm monte jis 140/90 oubyen pi wo, li pa bon. Si tansyon li monte chak fwa nou kontwole li, se yon siy ki fè nou konnen gen yon danje.

Si yon fanm ki gwo vant gen tansyon wo okòmansman gwosès li, se maladi tansyon wo li gen. Al gade nan Maladi ki dire sou moun (chapit sa a poko ekri). Si yon fanm deja gen tansyon wo, gwosès ak akouchman mete li nan danje. Fòk li swiv trètman kay doktè.

Yon ajan sante kap pran tansyon yon fanm ansent. Yon dosye ki fè nou konnen dat visit la ak tansyon an chak mwa
Nan chak vizit, make tansyon fanm lan sou dosye li. Eske tansyon li ap monte ?

Lè li rive sou 28èm senmenn gwosès li (6 mwa edmi), si tansyon li wo, se yon siy ki fè nou konnen konplikasyon ka rive. Li kapab soufri anpwazonnman gwosès. Sa se gwo danje. Li ka fè kriz; lavi li an danje. Fòk fanm lan chache konkou doktè.

Anpwazonnman gwosès

Anpwazonnman gwosès se yon maladi ki grav, ki ka mete pye lè yon fanm rive sou dènye de twa mwa gwosès li. Nou pa ka evite li. Men ki jan pou nou rekonèt li : tansyon fanm lan ap monte chak lè, jiskaske li fè kriz. Nou ka sove lavi li, si, pandan tout gwosès li, nou louvri je nou pou chache siy ki montre ke gen danje. Depi nou wè yo, fòk nou prese trete li.

Si tansyon li monte twò wo, oubyen si li fè kriz, nou ka soulaje pwoblèm sa yo ak medikaman. Men sèl fason pou mete fen ak maladi sa a, se pou pitit la soti.

Siy ki fè nou rekonèt anpwazonnman gwosès (toksemi)
  • Tansyon 140/90 oubyen pi wo, lè li depase 28èm senmenn gwosès li (dènye 3 mwa)
    ANSANM AVÈK
  • • Pwoteyin nan pipi li (al gade nan Ki jan pou egzaminen yon malad - chapit sa a poko ekri).

Si nou wè tansyon yon fanm ap monte nan dènye de twa mwa gwosès li, fè tès pou wè si li pa gen pwoteyin nan pipi li. Si li gen toulede, sa vle di tansyon ak pwoteyin nan pipi, ebyen sa se anpwazonnman gwosès. Fè fanm lan al wè doktè san pèdi tan. Sinon, lap vin pi malad toujou.

Si nou pa jwenn pwoteyin nan pipi li, voye je nou sou li. Kontwole tansyon li chak 8 jou, pou pi piti. Chache konkou doktè depi nou wè siy anpwazonnman gwosès ki grav.

Siy anpwazonnman gwosès ki grave (eklanpsi)
  • Gwo mal tèt
  • Tansyon li 160/110, oubyen pi wo
  • Li wè twoub
Yon fanm kap fè kriz, ki te tonba atè.
  • Li gen gwo doulè nan bout anwo lestomak li
  • Li anfle anpil, men li ak figi li anfle
  • Lespri li bwouye
  • Li fè kriz
Ki jan pou nou trete li

Depi nou wè siy sa yo, fè fanm lan al wè doktè san pèdi tan. Lavi li an danje. Fòk nou fè tout sa ki posib pou li ka akouche san pèdi tan.

Flèch yo kap montre nou kote pou nou bay piki nan fès, anwo e sou kote nan chak fès
Bay piki 5 gram chak kote bò dèyè li, isit ak isit.
  • Poze san nou.
  • Si manman an ap fè kriz, vire li sou kote, pou li pa toufe si li vomi.
  • Si nou gen li sou lanmen, ba li oksijèn.
  • Pou kanpe kriz la, ba li piki silfat mayezyòm, 5 gram nan chak bò dèyè li (nan vyann dèyè a). Ba li yon dòz nan 4 èdtan ankò, si nou wè li nesesè. Si li pa pran, pou pi piti, 12 souf pandan tout yon minit, pa ba li silfat mayezyòm. (Tout preparasyon silfat mayezyòm pa gen menm konsantrasyon, sa vle di : yo tout pa gen menm valè medikaman nan yon mililit likid. Verifye dòz la byen pou nou pa twonpe nou.

Kontwole ki jan tibebe a ap grandi

Desen vant yon fanm ansent; flèch yo montre nou lonbrit la ak zo devan fanm lan, pa anba tivant.
Sou 5 mwa konsa, tèt matris la dwe rive bò lonbrit la.

Lè manman an rive sou 3 mwa gwosès li, nou dwe kapab manyen tèt matris la jis anwo zo devan fanm lan (anba tivant lan). Bò 5 mwa konsa, tèt vant lan rive wotè lonbrit la. Vant la dwe monte yon dwèt konsa pi wo chak 8 jou.

Si vant lan parèt twò gwo, petèt gwosès la pi avanse pase sa nou te kwè. Oubyen, se ka marasa lap fè. Oubyen, li ka soufri dyabèt, oubyen lòt pwoblèm sante.

Si vant lan parèt twò piti, se byen petèt fanm lan ka poko rive sou senmenn nou kwè li ye nan gwosès li. Men lòt bagay ki ka fè pitit la pa grandi jan li ta dwe : swa manman an pa jwenn ase manje, oubyen li rete oubyen li travay nan yon pozisyon kote li respire lafimen, oubyen li touche ak pwodui chimik ki se pwazon.

Fè kontwòl pou wè si tibebe a nan bon pozisyon

Okòmansman gwosès la, pitit la ap souke kò li nan vant manman an. Lè lap mache sou dènye jou li yo, pitit la pran pozisyon pou li fèt la.

Lè nou vin abitye fè li, nou ka manyen li pou wè si tèt tibebe a bay sou anba (ki se pi bon posizyon pou li fèt la); oubyen si dèyè li bay sou anba, (lap fèt de pye devan; akouchman an pap fasil).

Sèvi ak de men nou, epi peze fò. Fè manman an pouse tout lè ki anndan lestomak li soti. Konsa, nou ka peze pi fon, pou nou jwenn tibebe a.

Manyen tèt matris la ak de men nou. Eske nou santi tèt li, ki di, epi ki won ? Eske nou ka deplase li ? Oubyen eske se dèyè li, ki mou, ki anwo ?
Yon ajan sante kap sèvi ak de men li pou jwenn tèt tibebe a nan matris la; lap deplase li.
Chache konnen ki pati ki bay sou anba. Eske li di, oubyen mou ? Lè nou kenbe li fiks, eske nou ka deplase rès kò a ?
Yon ajan sante kap sèvi ak de men li pou jwenn tèt tibebe a anba tivant lan’
Desen ki montre nou vant yon fanm ansent. Tibebe a ap kouche sou kote

Si lè pou li akouche a rive, epi tibebe a toujou bay dèyè li sou anba, li ta pi bon pou li akouche nan lopital. Si nap ede yon fanm ki va akouche yon tibebe ki bay dèyè li sou anba, al gade nan Akouchman.

Si tibebe a kouche sou kote, fòk manman an al lopital pou akouchman an, paske ni pou li menm, ni pou pitit la, lavi yo an danje. Tibebe konsa pa ka fèt nòmalman. Se operasyon pou yo fè (sezaryen).

Batman kè tibebe a

Apre 20 senmenn (4 mwa edmi konsa), nou ka tande batman kè tibebe a ak yon sonn (fetoskòp, sa vle di yon aparèy espesyal ki fèt pou sa). Kèk senmenn pi ta, nou ka tande li ak yon estetoskòp nòmal. Kè yon tibebe bat kèk fwa vit, kèk fwa pa twò vit, men nou dwe jwenn 120 rive 160 batman nan yon minit, de fwa pi vit pase batman kè yon granmoun. Lè tibebe ap dòmi, li ka ralanti. (Si nou tande 60 rive 80 batman kè, li byen posib se batman kè manman an nou tande, pa batman kè tibebe a.) Sèvi ak yon mont ki gen ti zegwi kap bay segonn yo, oubyen yon kwonomèt (ki bay segonn ak minit).

Yon fanm kap sèvi ak yon fetoskop .Yon bout fetoskop kole ak zòrèy li, lòt la kole ak vant manman an
Yon tibebe ki nan vant manman an.Yon flèch kap montre kote nou ka tande batman kè tibebe a, sou anwo do li.
Tèt li bay sou anba.
Nou tande batman an pi fò isit
Yon tibebe ki nan vant manman an; tèt li baysou anwo. Yon flèch kap montre kote nou ka tande batman kè a, sou anwo do li
Tèt li bay sou anwo
Yon sonn (fetoskòp) ki sèvi pou koute batman kè tibebe a nan vant manman an. Rive sou 20èm senmenn nan, kote nou tande batman kè tibebe a ap montre nou nan ki pozisyon tibebe a ye.

Si batman kè a pa rive sou 120 nan yon minit, oubyen si li pi vit pase 160, oubyen si lap bat toujou a menm vitès la, tibebe a ka gen pwoblèm. Chache konkou.

Lè fini, si nou remake de batman kè, sa vle di li ka fè marasa.

Annou fè plan sou sa nou va fè si gen pwoblèm pandan akouchman an

Gen bon trètman pou pifò pwoblèm ki konn rive pandan yon akouchman : pèdi san, fè kriz, enfeksyon, tranche ki twò long. Nou ka trete tout pwoblèm sa yo ak medikaman, oubyen yo ka fè operasyon nan yon bon lopital. Sa ki pi gwo pwoblèm nan, se pou nou rive jwenn trètman sa a nan ka ijan. Sonje byen : nou pap fasil konnen anvan, si sitiyasyon an va tounen mal. Se anvan akouchman an pou nou regle pwoblèm kòb, machin, ak jwenn vwazen ak zanmi ki pou prete nou lamenfòt.

Kèk moun kap pote yon fanm; yap kite kay la pou fè li monte machin pou yo al lopital. Ajan sante a ale ak yo

Reyini manman an ak moun kap pran swen li: mari li, bèlmè li, oubyen nenpòt lòt moun. Se pou yo deside ki sa yo va bezwen si pwoblèm ta rive. Men sa ki enpòtan :

  • Regle pwoblèm machin; ki jan nou ka mennen li lopital.
  • Jwenn kòb pou peye machin, doktè ak lopital.
  • Moun ki responsab dwe mete yo dakò sou plan an.

Si fanm lan rete lwen doktè ak lopital la, lè lap mache sou dènye senmenn li yo, petèt li ka al rete lakay yon moun nan fanmi li, ki pa twò lwen ak yon lopital.