Hesperian Health Guides

Vitamin ak mineral

Gwosès ak akouchman : Medikaman

Fè, silfat fè, glikonat fè


(fer, sulfate ferreux, gluconate ferreux ; iron, ferrous sulfate, ferrous gluconate)
Fè se yon medikaman ki bon pou konbat pifò kalite anemi (manke san). Si nou sèvi ak grenn pou vale, trètman an ka pran twa mwa pou pi piti.

Grenn fè pi efikas lè yon moun pran li ansanm avèk vitamin C. Manje anpil fwi ak legim ; yo chaje ak vitamin C. Oubyen moun mèt pran grenn vitamin C.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Silfat fè konn deranje lestomak la. Se poutèt sa li pi bon pou pran li ansanm ak manje. Epitou, li ka fè moun sere, sitou granmoun. Li fè watè moun tounen koulè nwa. Pou konnen plis sou konstipasyon, al gade nan Vant fè mal, dyare ak vè.

Siro fè fè dan yon moun tounen koulè nwa. Se pou yo sèvi ak yon pay pou yo bwè li, oubyen brose dan yo apre yo fin bwè li.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Fè atansyon pou nou pa depase dòz la. Se yon pwazon li ye lè moun pran twòp. Moun ki fin mèg, ki malnouri, pa ba yo fè. Rete tann yo refè anvan nou ba yo fè.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpillspoon.png

Genyen kèk kalite grenn fè, chak gen pwòp dòz pa l. Pa egzanp, yon grenn 300 mg. silfat fè, li gen apeprè 60 mg. fè ladan li. Men yon grenn 325 mg. glikonat fè genyen 36 mg. fè. Fè atansyon pou nou li etikèt ki sou flakon medikaman yo, grenn oubyen siro, pou nou konnen byen ki kantite fè ki ladan li.

Pou nou EVITE anemi antre sou fanm ansent oubyen fanm kap bay tete
Bay 300 mg silfat fè (60 mg. fè) chak jou. Fanm ki vle fè pitit dwe pran li tou. Li ta pi bon toujou pou yo pran fè ansanm avèk asid folik. Sa ka evite kèk pwoblèm tibebe fèt ak yo.

Pou nou TRETE yon moun ki soufri anemi
Bay dòz silfat fè yon fwa pa jou. Si sa deranje lestomak li, separe li an 2 dòz pa jou.
DÒZ SIFAT FÈ A SELON LAJ
LAJ KONBYEN MG,
CHAK DÒZ
KONBYEN GRENN 300 MG.
POU NOU BAY
KONBYEN MG. FÈ
Timoun ki poko gen 2 ane 125 mg. silfat fè Sèvi ak siwo fè, oubyen kraze yon ka (¼) grenn 300 mg, mete li nan lèt manman an. Bay ase pou fè 25 mg. fè
Timoun 2 – 12 ane 300 mg. silfat fè 1 grenn 300 mg. silfat fè Bay ase pou fè 60 mg. fè.
Pi gran pase 12 ane 600 mg. silfat fè 2 grenn 300 mg. silfat fè Bay ase pou fè 120 mg. fè

Asid folik


(acide folique, folate ; folic acid, folate)
Asid folik se yon vitamin ki bon anpil pou fanm ansent. Li fè tibebe a devlope nòmalman nan kòmansman gwosès la.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Se pi fasil pou pran yon sèl grenn ki gen fè ak asid folik toulede ladan li. Men, kit se konbinezon fè ak asid folik, kit se asid folik san fè, se menm dòz asid folik la pou li pran.

Li pi bon pou fanm pran asid folik anvan yo vin gwo vant, pou yo gen ase asid folik nan premye senmenn lavi tibebe ki poko fèt la. Se pou yo pran asid folik pandan premye 3 mwa gwosès la.

Bay 400 rive 500 mikwogram chak jou.