Hesperian Health Guides

Ti pwoblèm ki konn mache ak gwosès

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Fanm ki gwo vant ka rankontre kèk pwoblèm. Men pa bliye, pifò pwoblèm sa yo nòmal pandan gwosès la. Pa gen danje. Pa pran medikaman pou trete yo. Okontrè, nou ka trete yo lakay ak sa nou gen sou lanmen.

Kè plen, anvi vomi

Kè plen pi rèd si yon fanm pa gen anyen nan vant li. Se pou li manje yon ti manje tanzantan nan jounen an. Li bon pou pran yon manje ki gen pwoteyin ladan li, tankou pistach oubyen vyann, anvan li al kouche, pou vant li rete plen lannuit la. Li bon pou li pran yon ti manje, tankou diri chèch oubyen pen rasi, anvan li leve kite kabann li nan maten.

Fritay, epis, ak manje ki santi fò ka fè li anvi vomi pi rèd. Chache konnen si genyen de tizann nan zòn lan ki ka soulaje sa.

Yon fanm ki gwo vant ki gen asid kap monte nan lestomak li
Sa ki bay doulè anba kè se tibebe a kap devlope nan vant fanm lan, ki fè presyon sou lestomak li, ki fè asid la monte. An plis, òmòn fanm yo ap chanje. (Òmòn se yon kalite eleman chimik; se kèk pati nan kò moun ki fè yo. Yo kontwole divès aktivite nan kò a.)

Doulè anba kè

Anpil fanm ki gwo vant soufri ak doulè anba kè. Al gade nan Vant fè mal pou nou konnen ki jan pou evite oubyen trete li.

Konstipasyon (sere ; pa ka watè) ak emowoyid

Gwosès fè trip la travay pi dousman. Konsa watè a vin pi di. Sa ka bay yon fanm traka.

Si moun yo fòse pou yo watè, sa ka bay emowoyid. Emowoyid se lè venn ki nan twou dèyè a yo anfle. Sa bay gratèl, doulè, oubyen li ka bay san wouj vif. Aprann ki jan pou nou evite oubyen trete konstipasyon ak emowoyid.

Lè fanm bouke anpil

Fanm ki gwo vant bouke pi fasil, tou senpleman paske kò yo mande pou yo poze plis. Se toutafè nòmal. Se pou yo dòmi, epi pran ti repo chak fwa yo kapab.

Genyen yon kalite fatig ak feblès ke anemi konn bay. Sa rive souvan, men yon fanm ki manke san, se pa yon fanm ki an sante li ye. Se pou yo manje manje ki chaje ak fè, (tankou vyann, pwa, ak legim vèt), epi pou yo pran grenn fè.

Yon fanm kap lonje pye li anlè sou yon ti chèz pandan lap prepare manje

Men ak pye anfle

Tanzantan nan jounen an, se pou yo fè ti chita epi lonje pye yo anlè, sitou si yo oblije rete kanpe oubyen mache tout lajounen. Evite manje manje ki nan bwat yo. Yo gen twòp sèl, ki fè pwoblèm lan vin pi grav.

Pye, men ak figi yon fanm ka anfle, lè li kite kabann li nan maten. Se siy ki fè nou wè fanm lan ap soufri yon kalite maladi yo rele anpwazonnman gwosès (toksemi). Se yon maladi anfleti ki tonbe sou fanm ki gwo vant lan. Verifye tansyon li touswit. Menm si li bon, toujou verifye li chak 8 jou pou pi piti, pandan tout gwosès li.