Hesperian Health Guides

Zouti aprantisaj

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Zouti aprantisaj

Nan chapit sa:

Pati sa a esplike kòman pou fè kèk zouti k ap ede w anseye lòt moun konsènan kò fanm, gwosès, ak akouchman. W ap ka itilize zouti sa yo pou anseye lòt fanmsaj, fanm ansent ak manm fanmi yo, avèk nenpòt moun nan kominote a ki vle aprann plis sou sante medam yo nan zafè fè pitit. Pifò moun aprann pi fasil lè yo sèvi ak kalite zouti sa yo pase lè yo aprann nan liv sèlman.

3 metòd senp pou fè zouti apranitisaj

Kopye yon chema

tracing a pattern from a book.

Kèk nan zouti aprantisaj sa yo gen chema ladan yo pou fè modèl. Pou kopye yon chema, mete yon moso papye fen sou li. Si se posib, kole papye a ak adezif pou l ka pa deplase. Apre sa, trase chema a sou moso papye fen an. Retire mose papye fen an, epi tache l oswa kole l sou twal oswa sou katon ou pral koupe a.

MW Ch25 Page 447-2.png

Sèvi ak dyapozitif (imaj nan pwojektè) pou fè yon postè

Mete yon gwo moso papye oswa yon gwo moso twal sou yon mi. Ansuit, mete yon imaj nan yon pwojektè, epi mete foto a klere sou papye a oubyen sou twal la. Trase foto a jan li ye a. Lè w fin gen desen an, ou ka kolore l.

Fè modèl yo sou papye mache

MW Ch25 Page 447-3.png

Papye mache se yon bon materyèl pou fè modèl pati ki nan kò moun. Pa egzanp, si w vle fè modèl tèt yon bebe, itilize yon blad oswa fè gwo boul avèk papye jounal sèch epi mete yon nan yon sachè.

MW Ch25 Page 447-4.png
MW Ch25 Page 447-5.png

Apre sa, brase dlo ak farin frans pou fè yon pat. Tranpe ti moso jounal oswa lòt kalite papye nan pat la, epi tann yo sou blad la. Mete plizyè kouch epi kite l sèch. L ap seche byen nan solèy. Pentire l pou l ka sanble ak tèt yon bebe.

Modèl yon sasen, matris, ak vajen

Yon basen ki fèt ak papye

Ou ka sèvi ak yon moso papye ki pwès oswa ak yon moso katon fen pou fè yon modèl basen ki senp.

    MW Ch25 Page 448-1.png
  1. Premyèman, trase fòm ki pi ba a sou yon papye fen.
  2. Pliye moso papye rèd la an 2.
    Apre sa, mete pati chema sa a kote ki pliye a.
    a pattern for tracing a paper pelvis.
    Zo janm fi a t ap kole la a
    Nwasi pati sa a nan etap 3 a
    Fè twou la a nan etap 3 a
  3. MW Ch25 Page 449-1.png
    Lè w ap gade l pa dèyè
  4. Koupe papye a nan tras chema a, apre sa depliye papye a. Fè yon mak nwa sou chak bò pou montre ki kote zo janm yo ale. Fè twou yo la a.


  5. MW Ch25 Page 449-2.png
    Zo ranch
    Zo basen
  6. Fè papye a fè won epi fè pwent yo kontre ansanm pou devan an vin fè devan zo basen an. Asire w mak nwa yo parèt sou deyò. Pou pati devan zo basen an ka rete won, mete yon moso katon fen sou anndan zo basen an. Repliye zo ranch yo (anlè chak bò) enpe sou deyò.



  7. MW Ch25 Page 449-3.png
    Lè w ap gade l sou kote




  8. Koube koupyon an (koksis) al dèyè.
  9. MW Ch25 Page 449-4.png



  10. Apre sa repliye l al devan.

  11. MW Ch25 Page 449-5.png
    Pwent
  12. Pliye ti pwent yo ale sou anndan.


Ou ka sèvi ak basen sa a ansanm ak yon poupe pou montre kòman yon bebe pase nan zo basen manman an pou l ka fèt.


Yon matris ak yon vajen ki fèt ak twal

Matris la
1. Pou fè chema matris yon fi ki pa ansent, koupe 2 moso twal ki gwosè sa a. Li pi bon pou sèvi ak twal ki ka detire. (Si w pa gen twal ki detire, koupe twal la yon ti kras pi laj pase foto a).
a pattern in the shape of a womb.
2. Mete moso matris yo ansanm epi koud yo sou liy pwentiye a. Kite anlè a ouvè.
illustration of the above and below: sewing the pieces together.
Kite anlè a ouvè; bò yo pral wè a sou anndan
3. Vire matris la lanvè. 4. Boure anndan matris la avèk twal mou jiskaske l prèske plen.
MW Ch25 Page 451-1.png
MW Ch25 Page 451-2.png
Boure l rive la a.
5. Mete yon chalimo plastik oswa yon tib ki fèt ak twal sou chak kote anlè matris la konsa: 6. Boure anndan matris la ak plis materyèl mou.
MW Ch25 Page 451-3.png
MW Ch25 Page 451-4.png
7. Koud anlè a pou fèmen l, epi fè yon franj nan pwent 2 tib yo konsa:
8. Fè 2 ti boul twal nan fòm sa a pou montre ovè yo, kote ze yo fèt nan vant manman an. Boure yo ak twal mou.
MW Ch25 Page 451-5.png
2 oval-shaped cloth balls.
9. Si w te sèvi avèk yon chalimo plastik pou montre twonp yo, koud yon fil ki solid nan youn nan ovè yo. 10. Men ki jan matris la dwe ye lè l fini:
MW Ch25 Page 451-7.png
the cloth womb with tubes and ovaries attached; the bottom is the cervix.
Ovè
Kòl Matris
Pase fil la anndan chalimo a epi tache l nan lòt ovè a. Si w te sèvi ak tib ki fèt.

Vajen an
1. Koupe yon moso twal ki gen menm gwosè epi menm fòm ak sa a:
a pattern that, when folded, will make a tube shape.
2. Koud yon ti moso fil fè mou oswa yon moso plastik nan bò twal la ki dwat la.
MW Ch25 Page 452-2.png
3. Pliye twal la yon jan pou l vin tounen yon tib. Koud li, men kite yon ti ouvèti jis pou kòl matris la ka antre. 4. Koud yon moso twal la a.
a small piece of cloth covering the upper part of the opening.
the tube with a small opening near the bottom.
5. Vire tib la lanvè pou pati moun dwe wè a parèt sou deyò. Fè yon ne la a pou montre klitoris la. Fè yon mak oswa yon ti twou pou montre irèt la (pasaj kote pipi soti a). 6. Pou w ka kole matris la ak vajen an, mete pati anba matris la anndan pasaj ki nan vajen an.
MW Ch25 Page 453-4.png
the small piece of cloth with a knot above a hole.
Klitoris
Irèt



Ki jan pou itilize modèl la

Men kèk fason w ka itilize modèl sa a lè w ap anseye:

1. Elèv yo ka mete dwèt yo anndan vajen an pou yo ka touche kòl matris la.
MW Ch25 Page 453-5.png
2. Ou ka kenbe matris la devan vant ou pou moun yo ka konprann ki kote matris la ye nan kò yo.
MW Ch25 Page 453-6.png
3. Ou ka montre ki jan pou rete yon emoraji apre yon akouchman. Pliye matris la sou yon planch oswa yon baton pou montre kòman pou peze matris la sou zo basen an.
MW Ch25 Page 453-7.png

Modèl gwosès: matris la, plasenta a, kòd lonbrik la, ak bebe a

Yon matris ki fèt ak kalbas



1. Chèche yon kalbas ki gen fòm sa a: 2. Fè yon twou nan dèyè l epi debouche tèt la
a gourd that is wide at the bottom and narrow at the top
MW Ch25 Page 454-2.png
Twou
3. Fè yon poupe senp ak twal. Fè poupe a ase piti pou l ka antre anndan kalbas la. Itilize yon ti moso kòd oswa fisèl pou reprezante kòd lonbrik la, epi yon ti zòrye pou plasenta a. 4. Mete poupe a anndan kalbas la. Ou ka kole plasent a anndan kalbas la.
MW Ch25 Page 454-4.png
MW Ch25 Page 454-3.png
Plasenta
Kòd lonbrik
5. Fè yon vajen ak yon tib ki fèt ak kui, katon di, kawotchou, oswa yon lòt materyèl. Fè yon twou nan tèt la. Kite yon pwent ouvri epi koud lòt pwent lan pou fèmen l.
6. Mete pati anba matris la anndan twou ki anlè vajen an. Petèt ou ka jwenn yon fason pou kore l.
MW Ch25 Page 454-6.png
a a tube with a hole near the end that is closed.
Kite bò sa ouvri.
Fè yon twou isit.
Koud pwent sa pou fèmen l.
7. Si w vle montre yon kòl matris ki ouvri, fè yon lòt matris kalbas ki ouvri pa anba a, konsa:
MW Ch25 Page 454-7.png



Yon matris ki fèt ak twal

1. Koupe 2 moso twal ki menm fòm ak sa a. Twal la dwe gen yon longè anviwon 33 santimèt (33 sm oswa 13 pous). Lajè a dwe anviwon 27 santimèt (27 sm oswa 10.5 pous) anlè, epi anviwon 15 santimèt (15 sm oswa 6 pous) nan lajè anba. Li pi bon pou sèvi ak twal ki ka detire.
width of womb shape at top and bottom.
27 sm
15 sm
length of womb shape.
33 sm
2. Koupe yon moso twal wouj ki won ki menm gwosè ak plasenta a. Koud li sou matris la. Wonn sa a montre kote plasenta a kole a.
3. Mete moso ki konpoze matris la ansanm epi koud yo konsa:
illustration of the above: where to attach the placenta.
the 2 sides sewn together with the bottom open.
Kite pwent sa ouvè.
4. Double kote ki ouvri a epi koud li. Kite ase espas pou w ka pase yon ti kòd ladan l. Se kòl matris la l ap ye. 5. Vire matris la lanvè pou bò ki kòrèk la sou deyò. Mete yon ti kòd oswa yon moso elastik kote ki double a anba.
MW Ch25 Page 455-5.png
Double
MW Ch25 Page 455-6.png
Plasenta a
1. Pou fè plasenta a, koupe 2 moso twal tou won. Yo dwe mezire 22 santimèt (22 sm oswa 8.5 pous) lajè. Yo pa oblije fin won nèt.
MW Ch25 Page 456-1.png
22 sm
2. Pou fè sak dlo a, sèvi ak yon twal fen ki pèmèt ou wè anndan l. Koupe twal la anviwon 30 santimèt (30 sm oswa 12 pous) lajè, ak anviwon 72 santimèt (72 sm oswa 28 pous) longè.
illustration of the above, showing width and length of membranes.
30 sm
72 sm
3. Depoze youn nan sèk yo fas anba nan mitan twal fen an. Koud sèk la sou twal fen an, men pa koud li jis nan bò a nèt. 4. Vire l tèt anba. Pliye twal fen an ale sou anndan, epi tache l ak yon zepeng pou l ka rete anplas. Kite bò sèk la parèt byen klè.
MW Ch25 Page 456-4.png
MW Ch25 Page 456-3.png
5. Mete lòt sèk la fas anba sou premye sèk la, tou sou twal fen ki pliye a. Koud li, men pa koud li nèt; kite yon ti ouvèti.
illustration of the above: 2 circles sewn together.
Ouvèti


6. Vire sèk la lanvè. Retire zepeng nan, epi sak dlo a ap ouvri. 7. Koud ouvèti a pou l fèmen.
the placenta being stuffed before it is sewn closed.
MW Ch25 Page 457-2.png
Boure plasenta a ak kèk moso materyèl lejè, tankou epong, ranyon, oswa zèb sèch.
8. Vire plasenta a sou bò ki pa kouvri ak twal fen an. Sa se anba plasenta a, pati ki kole ak matris la.
Si w vle, koud pati anba avèk yon kouti pike yon fason pou ti boul ki gen nan plasenta a ka parèt. Pa kite kouti pike a parèt anlè plasenta a. Anlè a dwe lis.
illustration of the above: the quilted placenta.
Kouti pike
MW Ch25 Page 457-4.png
Anlè a lis
9. Kite twal fen an pandye, epi koud sou kote yo ansanm pou fè yon tib. 10. Double anba tib la epi koud li, men kite yon espas pou pase yon ti kòd.
MW Ch25 Page 457-5.png
Plasenta
Sak dlo
MW Ch25 Page 457-6.png

File yon ti kòd ladan l.



Kòd lonbrik la

1. Koupe yon moso twal long ki gen anviwon 52 santimèt (52 sm oswa 20 pous) longè ak 8 santimèt (8 sm oswa 3 pous) lajè.
illustration of the above, showing length and width of cloth.
52sm
8sm
2. Pliye twal la nan sans longè, epi koud sou kote a.
MW Ch25 Page 458-2.png
3. Vire twal la lanvè. Boure l avèk yon bagay ki mou, menm jan w te boure plasenta a.
MW Ch25 Page 458-3.png
Boure ln
Koud pwent yo pou fèmen yo.
4. Pou montre venn ak atè ki nan kòd lonbrik la, vire 3 fisèl ki pwès oswa 3 moso fil tektil toutotou kòd lonbrik la, epi koud yo sou li pou yo pa mele. De nan fisèl yo dwe gen menm koulè. Si se posib, kouvri kòd lonbrik la ak yon moso twal fen, menm jan ak twal ou te itilize pou sak dlo a, pou l ka parèt konsa:
illustration of the above: the cord with strings around it.

the cord with thin cloth covering the strings.



5. Koud yon pwent nan kòd la sou bò anlè plasenta a (bò ki kouvri ak twal fen an). Desine kèk venn sou bò sa a nan plasenta a ak yon fèt oswa yon plim. 6. Kole lòt pwent kòd la sou yon poupe. Ou kapab koud kòd lonbrik la sou poupe a oswa tache l ak yon zepeng.
the cord attached to the placenta.
Venn
Plasenta
Kòd lonbrik
MW Ch25 Page 458-7.png
MW Ch25 Page 459-1.png
Pou w ka montre bebe a anndan sak dlo a, mete poupe a anndan sak la epi fèmen l ak ti kòd la. Pou w ka montre lè manman an pase likid, ouvri ti kòd la.
MW Ch25 Page 459-2.png

Bebe a

Menmsi nenpòt poupe ka sèvi pou yon bebe, poupe ki pi bon an se sa ki gen yon tèt ki di epi yon kò ki mou. Si se fè w ap fè yon poupe, suiv enstriksyon sa yo:

1. Fè yon tèt ki vid anndan avèk papye mache. Fè desen yon figi nan tèt la, epi pentire pati mou yo ak liy kouti yo.
illustration of the above: baby's head.
Pati ki mou
Liy kouti
2. Koud yon kò ki gen menm gwosè ak yon tibebe toutbon, epi fè yon tèt won ki yon ti kras pi piti pase tèt di ou sot fè a. Boure twal kò a avèk eponj, ranyon, oswa zèb sèch, pou l ka sanble ak kò yon tibebe. Apre sa, foure tèt ki fèt ak twal la anndan tèt di a.
MW Ch25 Page 459-4.png
Si l pa fasil pou sèvi ak papye mache, gen yon lòt fason w ka fè yon tèt ki di. Boure ni kò a ni figi a avèk moso twal mou, apre sa boure anlè tèt la ak youn nan sa yo: yon ti kalbas, yon ti boul di, yon moso bwa won ki lis, oswa yon wòch won.
sewing the head closed after stuffing it with a round stone.

Ki jan pou itilize modèl yo pou w anseye

Pou montre kòman bebe a, plasenta a, ak sak dlo a chita anndan matris la, mete bebe a anndan sak dlo a ak plasenta a, epi mete sak dlo a anndan matris la. Mete pati anba plasenta a kole sou sèk wouj ki anndan matris la epi tache l ak yon zepeng.

1. Rale ti kòd la pou fèmen kòl matris la.
2. Ouvri ti kòd la pou bebe a ka “fèt”. (Si w vle montre li pase likid, ouvri ti kòd ki sou sak dlo a.)
MW Ch25 Page 460-1.png
MW Ch25 Page 460-2.png
MW Ch25 Page 460-3.png
3. Retire zepeng nan epi peze plasenta a soti pou montre jan plasenta a dwe soti 4. Esplike sèk wouj anndan matris la se yon blese ki ouvri k ap senyen. Peze matris la pou montre kòman li dwe ratresi pou san an ka rete.
MW Ch25 Page 460-4.png
MW Ch25 Page 460-5.png
MW Ch25 Page 461-1.png

Yon modèl ki demonte akouchman: bwat akouchman ak pantalon akouchman

Bwat akouchman

Pou montre ki jan yon akouchman fèt, koupe yon bwat katon epi pentire l pou l sanble ak kò yon fi. Fè yon twou pou poupe a ka pase. Fè yon vant avèk moso kouvèti ki devan bwat la epi fè 2 tete yo avèk moso kouvèti ki dèyè bwat la.

Pou fè bwat la parèt pi reyèl, ou ka mete l sou yon kabann anba yon twal oswa yon lenn. Mete yon poupe anlè bwat ki sou kabann nan pou l ka sanble ak yon fi, epi fè yon moun kouche anba kabann nan. Moun nan ka pouse bwat la monte pou l sanble ak kontraksyon epi li ka plenn tankou moun k ap akouche.

MW Ch25 Page 461-2.png
MW Ch25 Page 461-3.png

Oswa ou ka mete matris ak vajen ou te fè a nan bwat akouchman an pou moun yo ka wè kòman matris la ak vajen an chita nan kò a.



Pantalon akouchman

MW Ch25 Page 461-4.png

Pantalon akouchman an montre pi byen kòman akouchman an fèt. Koupe yon gwo twou nan yon gwo pantalon ize pou l ka sanble ouvèti vajen an. Apre sa, fè yon fi mete pantalon an anwo rad li, epi fè l fè kòmsi li gen tranche. Fi a ap pouse bebe ki kache anndan rad li a soti deyò twou ki nan pantalon an.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024