Hesperian Health Guides
Chwazi yon metòd planin
Nan paj apre yo nou dekri plizyè kalite metòd planin. Anvan w sijere yon metòd, chèche konnen bezwen fi a.
- Èske li vle fin sèten li pap ansent si l sèvi ak metòd sa a?
- Èske li gen enkyetid sou efè segondè yo (malèz ak lòt efè sanzatann)?
- Èske li vle yon metòd li pa bezwen panse ak li chak jou, oswa èske l ka sèvi ak yon metòd ki mande pou l ap verifye nan yon dosye chak jou oswa pou l ap pran yon konprime chak jou?
- Èske mari l dakò pou yo mete tèt yo ansanm pou yo itilize planin?
- Konbyen kòb fi a ka depanse pou fè planin?
- Èske fi a vle yon metòd li ka kanpe lè l vle vin ansent, oswa èske li vle yon metòd pèmanan?
- Èske l bezwen yon metòd ki anpeche l trape maladi moun pran nan fè sèks?
Metòd yo dekri nan chapit sa a se metòd ki byen mache pou evite gwosès. Chak nan metòd sa yo gen dezavantaj tou. Fi a ak mari l ka bezwen enstriksyon sou fason pou yo sèvi ak metòd la. Metòd la ka koute lajan, li ka mande pou l al fè yon vizit medikal, oswa li ka mete sante fi a an danje. Anvan w sijere yon metòd, asire w ou konnen nivo konfò metòd la, danje l yo, konbyen l koute, ak konpleksite l. Asire w fi a konprann sa byen tou.
Anba a gen yon tablo ki montre nan ki pwen chak metòd anpeche gwosès ak maladi moun pran nan fè sèks. Tablo a montre tou efè segondè yo pou chak metòd, ak lòt enfòmasyon enpòtan sou fason pou sèvi ak metòd la. Chak metòd gen zetwal pou montre nan ki pwen li konn reyisi pou anpeche gwosès. Gen kèk metòd ki gen mwens zetwal menmsi yo efikas tou, men anpil fwa moun mal itilize yo. Lè yon fi ak yon gason sèvi ak yon metòd kòrèkteman, chak fwa y ap fè sèks, metòd la ap mache pi byen.
Metòd Planin Familyal | Pwoteksyon kont gwosès | Pwoteksyon kont maladi moun pran nan fè sèks | Efè segondè ki gendwa riv e | Lòt enfòmasyon enpòtan | |
---|---|---|---|---|---|
Kapòt pou gason |
★★ BON |
BON |
Li pi efikas lè l avèk librifyan ak espèmisid. | ||
Kapòt pou fi |
★★ BON |
BON |
|||
Dyafram (ak espèmisid) |
★★ BON |
KÈK |
Li pi efikas lè l avèk espèmisid. | ||
Metòd Òmòn konprime planin, patch, piki, enplant |
★★★ |
OKENN |
Noze, tèt fè mal, chanjman nan règ fi a | Metòd sa yo konn danjere pou fi ki gen sèten pwoblèm sante. | |
Esterilè (IUD) |
★★★★ PI BON |
OKENN |
Règ fi a ka vini fò e avèk anpil doulè | Metòd sa yo konn danjere pou fi ki gen sèten pwoblèm sante. | |
Fè lanmou san sèks (peni a pa janm antre nan vajen an) |
★★★★ PI BON |
KÈK |
Kèk koup, sitou jèn yo, ka gen difikilte ak metòd sa a. | ||
Alètman (pandan premye 6 mwa yo sèlman) |
★★★ TRÈ BON |
OKENN |
Pou itilize metòd sa, yon fi dwe bay pitit li tete sèlman, e fòk règ li poko tounen depi gwosès la. | ||
Kalandriye |
★★ BON |
OKENN |
Pou yon fi itilize metòd sa, fòk li konnen ki lè l ap ovile. | ||
Operasyon esterilizasyon |
★★★★ PI BON |
OKENN |
Gason an oswa fi a pap janm kapab fè pitit ankò apre operasyon an. | ||
Ejakile deyò (rale soti) |
★ KÈK |
KÈK |
Li pi efikas si yo itilize l avèk yon lòt metòd tankou espèmisid oswa dyafram. |
Kontni yo
- 1 Kapòt pou gason (prezèvatif)
- 2 Kapòt pou fi
- 3 Dyafram
- 4 Espèmisid (jèl, krèm, oswa konprime, eponj)
- 5 Metòd òmòn
- 6 Aparèy esterilè (IUD)
- 7 Fè lanmou san fè sèks
- 8 Alètman (bay tete)
- 9 Siveye peryòd ovilasyon (planin natirèl)
- 10 Operasyon esterilizasyon
- 11 Konprime planin ann ijans
- 12 Esterilè ann ijans
- 13 Ejakile deyò
- 14 Eponj planin
- 15 Metòd eponj natirèl
- 16 Metod ki pas anpeche gwosès
Kapòt pou gason (prezèvatif)
Yon kapòt se yon ti sak etwat ki fèt ak kawoutchou yon gason mete sou peni l pandan l ap fè sèks. Sak sa a kenbe espèm gason an pou l pa ale nan vajen ak matris fi a. Kapòt efikas nan anpeche gwosès. Kapòt ede anpeche pwopaje maladi moun pran nan fè sèks, tou, tankou VIH.
Kapòt ki pi efikas yo fèt ak latèks oswa “polyuréthane”, nonpa avèk po mouton.
Chak fwa yon gason ak yon fi ap fè sèks, yo dwe sèvi ak yon kapòt tounèf.
Librifyan ka fè ni fi a ni gason an pi alèz pandan sèks. Librifyan ka anpehe kapòt la dechire tou. Itilize yon librifyan ki fèt ak dlo tankou krache, “K-Y Jelly”, oswa espèmisid. Pa sèvi ak ni luil, ni pomad (vazlin), ni krèm po, ni bè. Yo ka fè kapòt la chire. Yon ti gout librifyan anndan pwent kapòt la pèmèt li pi konfòtab sou peni a. Apre gason an fin mete kapòt la, li ka pase yon ti librifyan pa deyò kapòt la tou.
Kapòt pou fi
Kapòt pou fi antre anndan vajen an, epi li kouvri gwo lèv vajen an. Chak kapòt ta dwe sèvi yon sèl fwa, paske li ka chire si l resèvi. Men, si yon fi pa gen okenn lòt kapòt, li ka lave l, epi resèvi avè l jiska 5 fwa ankò. Kapòt pou fi pa dwe itilize ansanm ak kapòt pou gason.
Kapòt pou fi a se metòd fi konn fè ki pi efikas kont gwosès ak maladi moun pran nan fè sèks, tankou VIH.
Kapòt fi ka koute chè epi sa ka pran tan pou aprann ki jan pou itilize l. Kapòt fi pi efikas lè gason an rete anlè epi fi a anba lè y ap fè sèks. Gen 3 kalite kapòt pou fi kounye a. Sa ki pi resan yo mwens chè. Kapòt fi ki rele “VA” a kole ak kò fi a pi byen, konsa li fè mwens bri, e fi a pi alèz.
Ki jan pou itilize yon kapòt gason
Yon kapòt nèf ta dwe vini tou woule anndan yon ti sachè ki poko janm ouvri. Fè atansyon pou w pa chire kapòt la pandan w ap ouvri ti sachè a. Si kapòt la rèd, li di, oswa li kole, jete l. Li pa bon.
1. Gason an dwe mete kapòt la lè peni li di, anvan peni a touch vajen fi a. Yon gason ki pa sikonsi dwe kale peni l (rale po ki kouvri peni a desann). Gason an dwe peze pwent kapòt la epi mete l sou tèt peni a. |
|
2. Dewoule kapòt la jiskaske li kouvri tout peni a. Kontinye peze pwent kapòt la pandan l ap dewoule. Si pa gen espas sa a nan pwent kapòt la pou kenbe espèm nan, kapòt la ka pete. | |
3. Tousuit apre gason an ejakile, e anvan peni l vin mou, li dwe kenbe kapòt la arebò pandan l ap rale peni l soti nan vajen an. Ansuit li dwe retire kapòt la avèk prekosyon. | |
4. Fèmen kapòt la epi mare l. Apre sa, jete l nan poubèl oswa nan latrin. |
Ki jan pou itilize yon kapòt fi
1. Ouvri ti sachè a avèk prekosyon san w pa chire kapòt la. |
|
2. Chèche ti sèk anndan an ki pi piti, ki nan pwent kapòt ki fèmen an. |
sèk anndan
sèk deyò |
3. Peze sèk la, | |
4. Mete sèk sa a anndan vajen an. | |
5. Itilize dwèt ou pou pouse sèk la anndan vajen an rive nan kòl matris la. Sèk deyò a rete deyò vajen an. | |
6. Asire peni a antre nan sèk ki deyò a pandan w ap fè sèks. |
|
7. Retire kapòt fi a menm kote w fin fè sèks la, anvan w leve. Peze epi tòde sèk deyò a pou kite espèm nan anndan kapòt la. Rale kapòt la met deyò byen dousman, epi antere l oswa jete l nan latrin. Pa jete l nan twalèt ijyenik. |
Dyafram
Dyafram nan gen fòm yon ti bòl ki fèt ak kawoutchou mou fi a mete anndan vajen l pandan l ap fè sèks. Dyafram nan kouvri kòl matris la pou anpeche espèm gason an antre nan matris la. Dyafram nan dwe mache ak espèmisid. Lè yon moun sèvi ak dyafram nan kòrèkteman, li efikas pou evite gwosès; epitou li ka bay yon ti pwoteksyon kont maladi moun pran nan fè sèks, tankou VIH.
Dyafram konn gen plizyè gwosè. Yon pwofesyonèl lasante dwe ede yon fi jwenn gwosè k ap bon pou li a. Fanmsaj yo ka aprann mete dyafram pou medam yo. Li fasil lè w fin jwenn fòmasyon pou sa.
Ki jan pou itilize yon dyafram
1. Vide enpe espèmisid nan mitan dyafram nan. Ansuit, pase yon ti kras arebò dyafram nan avèk dwèt ou. Si w pa gen espèmisid, ou ka toujou itilize dyafram nan, men li ka pa tèlman efikas. | 2. Peze dyafram nan an mwatye. | ||
3. Pouse dyafram nan antre nan vajen an, ezakteman sou kòl matris la. | Si dyafram nan antre kòrèkteman, fi a ap santi kòl matris li ladan l. | ||
4. Kite dyafram nan anplas pou pi piti 6 èdtan apre w fin fè sèks. Si fi a fè sèks ankò anvan 6 èdtan an pase, li dwe mete plis espèmisid nan vajen l anvan. Apre fi a fin itilize dyafram nan, li dwe lave l ak dlo e ak savon ki pa twò fò. Ansuit li dwe seche l, epi si l gen lanmidon, pase l ladann l, epi mete l nan yon veso pwòp ki byen fèmen. |
Espèmisid (jèl, krèm, oswa konprime, eponj)
Espèmisid se yon pwodui chimik ki detwi espèm apre li fin soti nan peni gason an. Espèmisid la pa mal nan evite gwosès lè w sèvi avè l poukont li, e li pi efikas toujou lè w mete l ansanm ak yon kapòt oswa yon dyafram
ATANSYON! Yon fi dwe itilize espèmisid sèlman si l konnen mari l la pa gen VIH/SIDA. Pifò espèmisid fèt ak yon pwodui chimik ki rele “Nonoxynol 9”. “Nonoxynol 9” irite vajen an, ki lakòz ti blese toupiti. Tout ti blese sa yo pèmèt VIH pase pi fasil antre nan san an. Donk, lè w itilize espèmisid, sitou lè w itilize l souvan, gen plis chans pou w trape VIH.
Ki jan pou itilize espèmisid
krèm oswa jèl |
aplikatè
kim |
tablèt |
Fi a mete espèmisid la nan vajen l. Sèvi ak yon aplikatè pou mete espèmisid ki tankou kim oswa ki jèl. Sèvi ak dwèt ou pou foure konprime (sipozitwa) a byen fon anndan vajen an.
Mete espèmisid la nan vajen an pa plis pase 30 minit anvan rapò seksyèl. Espèmisid la dwe rete nan vajen an pou omwen 6 èdtan apre sèks. Yon fi dwe mete plis espèmisid chak fwa l fè sèks.
Metòd òmòn
Konprime planin, piki, ak enplant gen òmòn. Òmòn se pwodui chimik kò medam yo toujou pwodui tou natirèlman. Òmòn kontwole anpil bagay nan kò yon fi, tankou règ li chak mwa ak kapasite pou l ansent. Metòd òmòn yo anpeche ovè fi a lage ze nan matris la. Men kèk fòm metòd òmòn:
konprime | piki | enplant |
Jiska prezan gen nouvo metòd òmòn y ap envante. Patch planin, bag (yo mete ozalantou kòl matris la), esterilè òmòn, tout se kèk metòd ki fèk parèt.
Metòd òmòn nan efikas anpil pou evite gwosès. Men, pa gen youn ladan yo ki pwoteje fi a kont maladi moun pran nan fè sèks tankou VIH/SIDA si yo pa itilize l ansanm ak yon lòt metòd.
Pifò konprime planin epi kèk piki gen 2 kalite òmòn: estwojèn (“estrogen”) ak pwojestin (“progestin”). Enplant, kèk konprime, ak kèk piki gen pwojestin sèlman.
Efè segondè
Gendelè metòd òmòn yo gen efè segondè. Efè segondè sa yo pa danjere, men yo ka fè fi a malalèz. Metòd òmòn yo ka fè yon fi gen:
noze | tèt fè mal | gwosi | tete anfle | chanjman nan règ | |
Souvan, efè segondè sa yo amelyore apre kèk mwa. Si yo pa amelyore, fi a dwe eseye yon lòt metòd planin.
Konprime planin (kontraseptif oral)
Lè yon fi pran konprime planin nan chak jou nan menm lè a, metòd sa a se youn nan mwayen ki pi efikas pou evite gwosès. Gen anpil konpayi diferan ki fè diferan konprime planin. Prefere konprime a “ti dòz”.
Sa vle di yo gen 35 mikwogram (mkg) estwojèn oswa pi piti, ak 1 miligram (mg) pwojestin oswa pi piti. Fi yo pa dwe janm itilize konprime ki gen plis pase 50 mikwogram estwojèn ladan l.
Ki jan pou pran konprime planin
Yon fi dwe pran premye konprime ki nan flakon an sou premye jou règ li. Si sa pa posib, li dwe pran premye konprime a nenpòt lè nan 7 premye jou apre règ li kòmanse.
Yon fi dwe pran premye konprime ki nan flakon an sou premye jou règ li. Si sa pa posib, li dwe pran premye konprime a nenpòt lè nan 7 premye jou apre règ li kòmanse.
Konprime yo vini nan flakon ki gen 21 oswa 28 konprime (grenn). Si yon fi ap itilize yon flakon ki gen 28 konprime, li dwe pran youn chak jou. Tousuit apre li fini yon flakon, li dwe kòmanse ak yon lòt.
(Dènye 7 konprime ki nan flakon 28 jou a fèt senpleman ak sik. Pa gen òmòn ladan yo. Fi a pran konprime sa yo jis pou l ka sonje pran konprime yo chak jou nan menm lè a.)
Si yon fi ap itilize yon flakon ki gen 21 konprime, li dwe pran yon konprime chak jou pandan 21 jou. Apre sa, li dwe tann 7 jou anvan l kòmanse yon lòt flakon. Jeneralman, yon fi gen règ li apre 21yèm jou a. Sepandan, menmsi li pa genyen l, li dwe kòmanse yon lòt flakon sou 7 jou.
Konprime yo pap anpeche fi a ansent tousuit lè fi a fèk kòmanse pran yo. Pandan 7 premye jou li kòmanse pran konprime yo, li dwe sèvi ak kapòt oswa yon lòt metòd planin.
Li pi bon pou pran konprime a chak jou nan menm lè a. Anpil fi pran l ansanm ak manje, sitou si l ba yo noze pandan premye mwa yo.
E si yon fi bliye pran konprime a
Si yon fi bliye pran youn oswa 1 konprime, li dwe pran youn menm kote li sonje a; apre sa li dwe pran lòt la nan menm lè li konn abitye pran l, menmsi li oblije pran 2 konprime nan yon sèl jou.
Si yon fanm bliye pran 2 oswa plis tablèt pandan 3 jou afile, li dwe pran youn nan menm kote li sonje. Apre sa, li dwe pran yon grenn chak jou nan menm lè li abitye pran li.
Pou l ka pa ansent, li dwe itilize kapòt chak fwa l ap fè sèks pandan 7 premye jou apre li te bliye konprime a.
ATANSYON! Si yon fi ki ap pran konprime planin nan gen nenpòt nan siy sa yo, li dwe chèche konsèy medikal tousuit:
- Doulè lestomak ak souf kout
- Gwo tèt fè mal
- Bra oswa janm angoudi
- Gwo doulè nan yon janm
Gade plis enfòmasyon konsènan diferan konprime planin yo.
Piki planin
Ak metòd sa a, yon pwofesyonèl lasante bay yon fi yon piki òmòn pou anpeche fi a ansent. Yon piki dire 1 a 3 mwa.
Piki efikas anpil. Li trè difisil pou yon fi ki itilize metòd sa a rive ansent. Yon lòt avantaj ki gen nan metòd sa sèke fi a pa bezwen fè anyen anvan l fè sèks. Epi, apre moun ki ba l piki a, pa gen moun ki konnen li itilize planin.
Dezavantaj yo menm avèk dezavantaj konprime planin yo: gen fi ki gwosi, ki gen doulè nan tete, ki gen noze, oswa règ yo pa regilye. Anpil fi ki pran piki pa gen règ ditou. Dezavantaj sa yo pa danjere, men yo ka fè fi a malalèz. Lòt dezavantaj ki genyen sèke fi a oblije al wè yon pwofesyonèl lasante yon fwa chak 1 a 3 mwa pou l pran piki a. Epi, menm jan ak lòt metòd òmòn yo, piki pa pwoteje kont VIH ak lòt maladi moun pran nan fè sèks.
Pifò piki gen pwojestin sèlman. Kalite ki pi popilè yo se Depo Provera ak Noristerat. Piki sa yo pa danjere pou fi k ap bay tete, epi yo pa danjere pou lòt fi ki pa dwe pran estwojèn.
Gen kèk piki ki gen estwojèn, men yo koute pi chè epi yo difisil pou jwenn. Piki sa yo dwe pran yon fwa chak mwa. Souvan, yon fi k ap pran piki sa yo gen règ li nòmalman chak mwa.
Lè yon fi sispann pran piki sa yo, sa ka pran l plis tan (menm yon ane oswa plis) anvan li vin ansent. Yo dwe toujou di fi a sa anvan yo ba l piki planin. Pou rezon sa a, piki pi bon pou fi ki sèten yo pa vle ansent nan ane k ap vini an oswa plis tan.
Enplant
Ak metòd sa a, yon pwofesyonèl lasante ki eksperimante mete yon ti tib mòl ki gen pwojestin ladan l nan bra yon fi, anba po l. Enplant sa a anpeche l ansent pandan 3 a 5 an, selon kalite enplant la. Apre 3 a 5 an sa yo pase, yo dwe ranplase enplant lan. Si yon fi vle ansent anvan sa, yon pwofesyonèl lasante ka retire enplant la.
Yon fi ki itilize enplant pa bezwen fè anyen anvan l fè sèks yon fason pou l evite gwosès. Enplant efikas anpil, byenke fi ki gra anpil yo ka pa jwenn menm pwoteksyon kont gwosès avèk fi ki mens. Enplant gen pwojestin sèlman, kifè yo pa danjere pou fi ki pa dwe pran estwojèn. Epi, enplant pa danjere pandan yon manman ap bay tete.
Enplant gen menm dezavantaj e efè segondè ak lòt metòd òmòn yo. Pifò fi ki itilize enplant pa gen règ yo regilyèman ankò, e yo ka bay yon ti kantite san pandan mwa a. Souvan, pwoblèm sa amelyore yon ane apre fi a ap sèvi ak metòd sa a. Menm jan ak tout lòt metòd òmòn, enplant pa pwoteje kont VIH oswa lòt maladi moun pran nan fè sèks.
Yon fi pa ka retire enplant yo pou tèt li. Se sèlman yon pwofesyonèl ki fòme pou sa ki kapab. E li ka difisil pou jwenn yon pwofesyonèl ki konn retire yo. Fi yo dwe konprann sa anvan yo mete yon enplant.
ATANSYON! Veye si fi ki gen enplant bay siy sa yo ki danjere pou sante yo. Chèche asistans medikal si w remake nenpòt nan siy sa yo::
- Doulè nan ponyèt toupre kote yo mete enplant la
- Pi, po wouj, oswa senyen toupre enplant lan
- Enplant la soti deyò
- Règ la kanpe apre li te fin nòmal pandan plizyè mwa
Aparèy esterilè (IUD)
Esterilè se yon ti aparèy ki fèt an plastik, oswa ak plastik e kuiv, yo plase anndan matris fi a pou anpeche l ansent. Diferan kalite esterilè gen diferan non, tankou “IUCD”, “Copper T”, “Mirena”, elatriye. Chapit 21 bay plis esplikasyon sou esterilè e ki jan pou mete yo.
Yon fwa esterilè a antre, li rete anndan matris la jiskaske yon pwofesyonèl ki fòme pou sa retire l. Chak detwa ane yo dwe ranplase esterilè a. Chak kalite esterilè ka rete pou yon kantite tan diferan.
Ni fi a ni gason an pa santi esterilè a pandan y ap fè sèks. Yon fi ki itilize esterilè pa oblije fè anyen anvan l fè sèks. Pèsonn pa bezwen konnen si li gen yon esterilè anndan l.
Esterilè souvan konn afekte règ fi a, selon kalite esterilè a. Sa ki rele “Copper T” a konn lakòz fi a senyen anpil epi li gen gwo doulè lè règ li vini. San anplis li pèdi a ka fè yon fi fè anemi. Sa ki rele “Mirena” a konn fè fi a pèdi mwens san, oswa li pa senyen ditou, men li ka fè l bay yon ti san toupiti, nenpòt lè nan mwa a.
Fi ki gen maladi moun pran nan fè sèks, fi ki gen enfeksyon nan vajen oswa nan matris, ak fi ki gen VIH/SIDA, yo pa dwe itilize yon esterilè. Men kèk dezavantaj ak danje esterilè genyen:
- Esterilè pa pwoteje kont VIH ak lòt maladi moun pran nan fè sèks. Si yon fi te deja gen yon maladi moun pran nan fè sèks epi li mete esterilè, sa ka fè enfeksyon an pwopaje nan matris li a tou. Enfeksyon nan matris ka lakòz fi a pa ka fè pitit oswa lòt kalite pwoblèm sante ki grav.
- Esterilè ka lakòz foskouch si fi a ansent pandan li gen youn anndan l oswa si l mete youn pandan li deja ansent.
- Fi a pa kapab mete oswa retire esterilè a poukont li. Se yon pwofesyonèl lasante ki dwe fè sa.
Pou rezon sa yo, li pi bon pou yon fi ki mete esterilè rete toupre yon sant sante.
ATANSYON! Yon fi ki mete esterilè dwe chèche asistans medikal si youn nan move siy sa yo ta parèt:
- Règ li vini anreta oubyen li pa vini ditou, oswa li bay yon ti kantite san detanzantan pandan mwa a.
- Doulè nan vant ki pa janm pase, oswa doulè pandan l ap fè sèks.
- Siy enfeksyon: ekoulman ki pa nòmal ounbyen ki gen move sant ki soti nan vajen an, fyèv, frison, li pa santi l byen.
- Fil esterilè a vin pi kout oswa pi long, li pa la ditou, oubyen fi a santi esterilè a nan vajen an.
Yon fi ki mete esterilè dwe verifye chak mwa pou asire li esterilè a rete anplas. Pi bon lè pou l fè sa se tousuit apre règ li.
Premyèman li dwe lave men l. Ansuit, li dwe foure 2 dwèt nan vajen l pou l ka santi fil esterilè a. Fil yo dwe menm longè chak mwa.
Si fil yo vin pi kout, yo vin pi long, oswa si l pa ka santi fil yo ditou, petèt fil yo monte anndan matris la, oswa esterilè a ka sot tonbe. Nan ka sa, fi a dwe itilize yon lòt metòd planin, epi li dwe chèche asistans medikal.
Fè lanmou san fè sèks
Gen anpil fason pou fè sèks ki pap lakòz gwosès. Sèks oral (bouch nan ògan seksyèl) ak karès seksyèl (manyen ògan seksyèl la ansanm ak lòt pati nan kò) se aktivite seksyèl anpil fi ak gason ka renmen fè. Fè lanmou san fè sèks pa gen gwo danje pou pase VIH ak lòt maladi moun pran nan fè sèks, epi li pa lakòz gwosès. Fè sèks nan dèyè pa ka lakòz gwosès nonplis, men, VIH ak lòt maladi moun pran nan fè sèks ka pase byen fasil fason sa a.
Konplètman evite fè sèks se pi bon fason pou anpeche gwosès, epi se yon bon fason pou redui danje VIH/SIDA ak lòt maladi moun pran nan fè sèks. Men, li ka trè difisil pou 2 moun k ap viv ansanm rete san yo pa fè sèks pandan anpil tan.
Alètman (bay tete)
Nan 6 premye mwa apre akouchman, pifò fi k ap bay tete pa lage ze sot nan ovè yo, kidonk, yo pa ka ansent menm lè yo fè sèks.
Jeneralman, fi pa ansent si y ap bay tete chak lè bebe a vle, lajounen kou lannuit, epi si:
- Bebe a gen mwens pase 6 mwa, epi
- Fi a poko gen règ li depi apre akouchman an, epi
- Fi a fè alètman san l pa bay bebe a lòt manje.
Fi a ka ansent fasil si l bay bebe a lòt kalite lèt, dlo, oubyen lòt likid. Li ka ansent si l fè plis pase 6 èdtan san l pa bay bebe a tete.
Metòd alètman an pa pwoteje kont VIH oswa lòt maladi moun pran nan fè sèks. Anplis, si yon fi trape VIH pandan l ap bay tete, bebe a an danje pou l trape VIH nan lèt manman l. Si gen chans pou nèg li avè l la enfekte ak VIH/SIDA, yo dwe itilize kapòt chak fwa y ap fè sèks.
Siveye peryòd ovilasyon (planin natirèl)
Yon fi ka ansent sèlman pandan peryòd li ovile a: lè yon ze soti nan ovè li epi li pase nan twonp li pou l rive finalman nan matris li. Sa fèt anviwon yon fwa pa mwa (gade paj 29). Pou ititlize metòd planin natirèl la, yon fi dwe byen veye siy kò li pou l ka konnen ki lè l ap ovile. Pandan peryòd ovilasyon an, fi a ak nèg ki avè l la pa dwe fè sèks (mete peni a anndan vajen an). Nan peryòd sa yo, yo ka eseye fè lòt kalite lanmou tankou sèks oral oswa karès seksyèl. Oubyen tou, yo ka sèvi ak kapòt oswa ak yon dyafram pou evite gwosès pandan peryòd ovilasyon an.
Metòd planin natirèl pa koute anyen, epi li pa gen okenn efè segondè. Sepandan, li ka difisil pou respekte. Medam yo pa toujou konnen lè y ap ovile, e si règ yo pa regilye, yo ka ansent fasil. Metòd sa a konn mache pi byen lè koup yo resevwa fòmasyon anvan yo aplike l. Planin natirèl pa pwoteje kont VIH oswa lòt maladi moun pran nan fè sèks.
Planin natirèl pa mache pou fi ki pa gen otorite sou ki lè y ap fè sèks. Pandan peryòd ovilasyon an, mari fi a dwe dakò pou l mete kapòt oswa pou yo itilize yon dyafram, osinon pou yo pa fè sèks.
Si fi a pa gen règ li nan menm lè a chak mwa, li pa dwe itilize metòd sa a nonplis. Fi ki fèk akouche oswa ki fèk fè yon avòtman pa dwe itilize metòd sa nonplis jiskaske règ yo fonksyone yon fason regilye pandan plizyè mwa.
Gen anpil fason pou itilize metòd planin natirèl. Nan liv sa a nou pale de metòd glè a ak metòd kalandriye a (konte jou). Metòd sa yo mache pi byen lè yo sèvi ansanm. Men, yon sèl metòd pi bon pase anyen menm.
Metòd glè a
Ak metòd glè a, yon fi verifye glè ki nan vajen l chak jou pou wè si l nan peryòd ovilasyon an. Jou ovilasyon yo, glè a elastik epi li fen, tankou blan ze ki pa kuit.
Pou verifye glè a, yon fi dwe pase yon dwèt ki pwòp, yon papye, oswa yon twal pwòp nan vajen l. Apre sa, li chèche glè a
Glè ki klè, ki mouye, e ki glise parèt pandan peryòd ovilasyon an. Pa fè sèks. | Glè ki blanch, ki sèch, e ki kole (oswa si pa gen glè) parèt lòt lè nan mwa a. Moun gendwa fè sèks sou 2 jou apre premye jou li sèch la. | ||
Apre detwa mwa eksperyans, yon fi ka fasilman rekonèt chanjman sa yo nan glè li. |
Ki jan pou itilize metòd glèa
- Verifye glè a nan menm lè chak jou. Verifye l anvan rapò seksyèl.
- Pa fè sèks nan jou ou santi glè a glise. Oswa, itilize kapòt oswa yon dyafram jou sa yo.
- Sou dènye jou glè a klè oswa li glise a, kite 2 jou pase anvan w fè sèks.
- Pa siye oubyen lave anndan vajen w. Sa ap lave (efase) glè a.
Itilize yon lòt metòd planin si w gen yon enfeksyon vajinal oswa si w pa sèten si w nan peryòd ovilasyon an.
Metòd kalandriye (konte jou)
Ak metòd sa a, yon fi pa gen rapò seksyèl pandan peryòd li ta dwe ap ovile. Se sèlman fi ki gen yon sik manstriyèl regilye ki dire ant 26 ak 32 jou ki ka itilize metòd sa. Sa vle di, depi premye jou règ la jiska premye jou règ mwa pwochen an, kantite tan sa a dwe 26 jou pou pi piti, e li pa dwe plis pase 32 jou.
Jeneralman, metòd sa a mache byen pou fi ki gen yon sik regilye, sa vle di li dire apeprè menm kantite jou chak mwa. Si yon fi gen yon sik manstriyèl ki diferan yon mwa, li ka ansent fasil. Sa rive souvan lè yon fi malad oswa si l gen anpil strès. Donk, lè yon fi malad oswa li gen anpil strès, li pi bon pou l itilize yon lòt metòd planin jiskaske li santi l byen epi sik manstriyèl li tounen nan nòmal li.
Ki jan pou itilize metòd kalandriye a
Pou metòd sa mache, fi a pa dwe gen rapò seksyèl depi sou 8yèm jou sik manstriyèl la jiska 19yèm jou a. Si l gen rapò seksyèl pandan peryòd sa a, li dwe itilize yon lòt metòd planin.
Operasyon esterilizasyon
Esterilizasyon se yon operasyon ki fè li prèske enposib pou fè pitit ankò. Metòd sa pèmanan. Li bon sèlman pou yon moun ki pa vle janm fè yon lòt pitit.
Operasyon sa yo fèt nan yon lopital. Operasyon an fèt vit e li pa danjere. Prèske tout esterilizasyon bay bon rezilta. Yon doktè ka eseye defèt yon esterilizasyon, men yon operasyon konsa ka koute chè epi souvan li pa reyisi.
Esterilizasyon pa pwoteje fi ak gason kont VIH ak lòt maladi moun pran nan fè sèks.
Esterilizasyon pou gason (vasektomi)
Yon vasektomi se yon operasyon ki senp. Li fèt nan anviwon 10 minit sèlman. Yon pwofesyonèl lasante foure yon ti zouti anndan skwotòm nan epi li koupe tib ki pote espèm ale nan peni a. Testikil gason an pa koupe.
Operasyon an pa chanje anyen nan pouvwa gason an genyen pou l fè sèks ni nan plezi li jwenn ladann. Li toujou ejakile, men espèm nan pa kapab soti nan testikil yo pou ale nan dechaj la. Pandan anviwon 3 mwa apre operasyon an, ka gen espèm nan tib yo toujou, ki vle di koup la dwe itilize yon lòt metòd planin annatandan.
Esterilizasyon pou fi (ligati twonp)
Ligati twonp yon ti kras pi konplike pase vasektomi, men li pa gen okenn danje. Yon pwofesyonèl lasante foure yon zouti toupre lonbrik la epi l koupe oswa mare tib ki pote ze fi a ale nan matris la. Operasyon sa a pran anviwon 30 minit. Ligati twonp pa chanje anyen nan règ fi a chak mwa, ni li pa afekte kapasite l pou l fè sèks oswa pou l pran plezi nan fè sèks.
Gen yon nouvo metòd ki rele “Essure” ki pa mande yon operasyon. Yo mete yon ti moso metal oubyen plasitk anndan chak twonp, pa mwayen vajen an. Sikatris vin fòme toupatou materyèl la, e sa bloke twonp yo nèt.
Konprime planin ann ijans
Planin ann ijans se yon fason pou evite gwosès apre rapò seksyèl. Si yon fi fè sèks san l pa sèvi ak yon metòd planin, men li pa ta vle ansent, li ka pran yon gwo dòz konprime, pi vit posib, pou anpeche l ansent, pandan 5 premye jou apre li fin fè sèks. Pi bonè yon fi pran konprime yo, se plis chans li genyen pou l reyisi.
Metòd sa a se pa yon bon metòd pou yon fi itilize chak fwa li fè sèks. Souvan konprime planin ann ijans lakòz vomisman ak tèt fè mal. Se pa yon metòd moun ka konte sou li menm jan ak lòt metòd yo.
Sa metòd sa a fè se anpeche ovil ki deja fekonde a vin plante anndan matris la. Poutèt sa, si yon fi oswa mari l pa vle fè avòtman poutèt konsyans yo, yo gendwa pa vle itilize metòd sa nonplis. L ap bon pou yo byen konprann sa konprime planin ann ijans lan fè.
Ki jan pou bay konprime kontrasepsyon ann ijans
Pifò konprime pou kontwole pouvwa fè pitit gen “ethinyl estradiol” (estwojèn) ak “levonorgestrel” (pwojestin). Kantite konprime ou pran depann de kantite “ethinyl estradiol” konprime a genyen.
- Bay 100 mikwogram (mkg) “ethinyl estradiol” nan bouch. Epi nan 12 èdtan apre, bay yon lòt 100 mkg
Pou itilize konprime dòz fèb (ak 30 a 35 mkg “ethinyl estradiol”)
- Bay 4 konprime. Epi nan 12 èdtan apre, bay 4 lòt konprime.
Pou itilize konprime dòz fò (ak 50 mkg “ethinyl estradiol”)
- Bay 2 konprime. Epi nan 12 èdtan apre, bay 2 lòt konprime. Konprime planin ann ijans ka lakòz fi a gen tèt fè mal ak gwo noze. Yo ka eseye manje yon bagay pandan y ap pran konprime yo. Si yon fi vomi nan 3 èdtan apre li fin pran konprime yo, li dwe pran menm dòz la ankò.
Konprime ki gen “pwogestin” sèlman
Nan kèk kominote, fi ka achte konprime ki fèt espesyalman pou kontraseptif ann ijans. Yo gen yon pi gwo dòz òmòn, sa vle di fi a pa dwe pran twòp konprime. Yo gendwa fèt sèlman ak “progesterone”, san estwojèn. Souvan konprime ki gen “progesterone” sèlman pa lakòz noze.
- Bay 0.75 mg “levonorgestrel”, nan bouch. Epi nan 12 èdtan apre, bay yon lòt 0.75 mg
Esterilè ann ijans
Yon esterilè ka sèvi kòm yon kontraseptif ann ijans tou. Yon pwofesyonèl lasante ki eksperimante ka mete esterilè a nan yon espas 5 jou apre fi a fin gen rapò seksyèl. Souvan, metòd sa a ap anpeche yon gwosès. Esterilè a gendwa tou rete anndan vajen fi a pou anpeche l ansent apre sa. Men, metòd sa a pa pou fi ki gendwa gen yon maladi moun pran nan fè sèks.
Epitou, menm jan ak konprime planin ann ijans lan, mete yon esterilè ka detwi yon ovil ki deja fekonde. Moun ki pa vle fè avòtman dwe byen konprann metòd sa a anvan yo chwazi itilize l.
Ejakile deyò
Ak metòd sa a, yon gason rale peni l met deyò, byen lwen vajen fi a, anvan li ejakile. Sa anpeche espèm nan antre anndan vajen an.
Si yon gason ka rale peni l deyò chak fwa anvan li ejakile, metòd sa ka mache ase byen. Li gratis, e li toujou disponib. Men, yon gason gendwa pa vle oubyen pa kapab rale soti anvan li ejakile, Oswa, kèk fwa gen yon ti kras espèm ki degoute anvan li ejakile. Sa vle di, fi a ka ansent. Oubyen tou, fi a ka sou strès paske li pa konnen si gason an ap gentan rale soti, e konsa strès la redui sou plezi l. Metòd sa a pi efikas lè l mèt ansanm ak yon lòt metòd tankou espèmisid oswa dyafram.
Petèt metòd sa ka bay yon ti pwoteksyon kont VIH ak lòt maladi moun pran nan fè sèks.
Eponj planin
Eponj planin nan se yon ti eponj won yo mouye avèk espèmisid. Li dwe mouye ak dlo pwòp anvan yo foure l byen fon anndan vajen an avèk yon dwèt. Yo dwe kite l nan plas li pandan omwen 6 èdtan apre sèks, men pa plis ke 24 èdtan. Yo ka retire l lè yo foure men yo anndan vajen an epi rale ti sèk ki kole ak eponj lan. Metòd sa pa pwoteje yon moun kont maladi moun pran nan fè sèks, e yon fi dwe itilize l sèlman si li sèten mari l pa gen VIH, paske espèmisid ki nan eponj lan ka irite po vajen an, sa ki pral pèmèt li enfekte ak VIH pi fasil. Fi ka fè enfeksyon chanpyon ak enfeksyon nan vesi pi fasil ak metòd sa a.
Metòd eponj natirèl
Ak metòd sa a, yon fi tranpe yon ti eponj nan vinèg, nan sitwon, oswa nan sèl, epi li mete l byen fon anndan vajen l anvan l fè sèks. Metòd sa pa twò efikas, men li ka anpeche kèk gwosès. Li pa bay okenn pwoteksyon kont VIH ak lòt maladi moun pran nan fè sèks.
Ki jan pou prepape yon eponj natirèl
1. Melanje: 2 tikiyè vinèg ak 1 tas dlo pwòp ki te bouyi | oswa | 1 tikiyè ji sitwon ak 1 tas dlo pwòp ki te bouyi | oswa | 1 kiyè sèl ak 4 kiyè dlo pwòp ki te bouyi |
2. Pran yon moso eponj ki anviwon gwosè yon ze, bouyi l, epi tranpe l nan youn nan likid sa yo. | |||||
3. Foure eponj la byen fon anndan vajen an, pa plis ke 1 èdtan anvan sèks. | |||||
4. Kite eponj la anndan vajen an pou pi piti 6 èdtan apre rapò seksyèl la. Apre sa retire l. |
Metòd sa genwa irite vajen an, ki fè l ap pi fasil pou l trape yon maladi moun pran nan fè sèks. Fi a dwe sispann itilize metòd sa si l fè vajen l sèch, si vajen l fè l mal, oswa si vajen l grate l.
Li ka difisil pou retire eponj la, men l pa ka pèdi anndan vajen an. Li ka pi fasil pou soti si fi a akoupi epi l ap pouse tankou si l ap poupou, pandan l ap foure men l anndan vajen l. Si li mal pou retire l, li ka mare yon riban oswa yon fil pwòp ladan l pou pwochèn fwa.
Eponj la ka itilize plizyè fwa ankò si l lave, e l bouyi. Mete l yon kote ki pwòp, ki pa imid. Li ka prepare likid la depi davans epi mete l nan yon boutèy.
Metod ki pas anpeche gwosès
Gen kèk metòd popilè yo itilize pou planin ki pa bay bon rezilta. Gen kèk ki danjere tou.
- Fetich pa anpeche gwosès. Ni lapriyè oswa maji.
- Fè pipi apre sèks pa anpeche gwosès (men, li ka ede anpeche enfeksyon nan irèt la).
- Lave vajen an apre sèks pa anpeche gwosès. Gen kèk fèy oswa pwodui chimik fi sèvi pou fè lavaj ki ka blese vajen an.