Hesperian Health Guides

Chapit 2: Fason pou trete pwoblèm sante

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Chapit 2: Fason pou trete pwoblèm sante

Nan chapit sa:

Majorite travay fanmsaj yo fè toulèjou se trete pwoblèm sante. Lè yon fi w ap bay swen gen yon pwoblèm tankou li fatige depase, li gen doulè nan vant, oswa l ap bay anpil san, w ap bezwen suiv etap sa yo pou w ka rezoud pwoblèm nan:

MW Ch2 Page 13-1.png
  1. Chèche jwenn kòz pwoblèm nan.
  2. Chwazi meyè tretman an.
  3. Chèche rasin pwoblèm nan yon fason pou w ka jere pwoblèm nan konplètman epi pou w anpeche l tounen.

Chèche kòz pwoblèm sante yo

Nan pati sa a, nou rakonte fason yon fanmsaj ki rele Celeste rezoud pwoblèm sante yon fanm ansent. Se pa chak detay ki enpòtan pou nou, men se fason li te reflechi ak fason l te rezoud pwoblèm nan ki ka itil nenpòt fanmsaj. Nou fè yon lis tout etap Celeste suiv yo pou w ka suiv yo tou:

MW Ch2 Page 13-2.png
  1. Kòmanse ak sa w pa konnen. Sa vle di, pou kòmanse, idantifye ki bagay ou pa konnen.
  2. Site tout kò z ki posib. Lè yon moun santi l malad gen anpil diferan pwoblèm ki ka lakòz sa.
  3. Chèche siy k ap ede w idantifye kò z la. Pwoblèm sante bay siy. Ou ka wè siy sa yo nan fason moun nan santi l, jan kò l parèt, jan kò l aji, avèk lè w fè egzamen.
  4. Chwazi kiyè s ladan yo ki sanb le vrè kò z la.
  5. Fè yon plan sou ki sa k dwe fèt. Plan an kapab gen ladan l chanje abitid moun nan, chanje yon bagay lakay li oswa nan anviwònman l, oswa ba l medikaman.
  6. Gade si gen rezilta. Èske tretman an ap mache? Sinon, rekòmanse menm etap yo ankò.
Etap Celeste suiv pou l jwenn kòz la

  1. Kòmanse ak sa w pa konnen.
    Yon jèn fanm ansent ki rele Elena te vin wè fanmsaj li, Celeste. Pandan konsiltasyon an, Elena di li toujou santi l fatige.

    Premyèman, Celeste admèt li pa konnen sa k ap fè Elena fatige.
  2. MW Ch2 Page 14-1.png


  3. Site tout kòz ki posib.
    Celeste te konnen fatig ka gen plizyè kòz. Kèk ki rive souvan se maladi, travay di, manke dòmi, strès, ak anemi.
  4. MW Ch2 Page 14-2.png


  5. Chèche siy k ap ede w idantifye kòz la.
    Celeste te poze Elena kesyon pou l te ka jwenn plis enfòmasyon sou fatig la.
    Celeste asking questions and Elena answering them.
    Eske w ap travay plis pase jan w ab itye travay la?
    Mwen travay di, men pa pi di pase jan m abitye fè a.
    Eske w dòmi mwens? Eske w santi w malad?
    Mwen dòmi ase, epi m pa santi m malad.

    Apre sa, Celeste te mande Elena ki sa l abitye manje. Elena di li manje mayi moulen ak pwa chak jou. Anfèt, pi souvan, mayi sèlman. Elena te plenyen jan vyann vann chè.


    Celeste te kontwole fizik Elena. Do je l ak jansiv li te pal; batman kè l la fèb e rapid. Tout sa yo se siy anemi.


  6. Chwazi kiyès ladan yo ki sanble vrè kòz la.
    Celeste pa t ka fè yon egzamen san paske pa t gen yon laboratwa nan zòn nan, men tout siy yo te endike Elena fè anemi.

  7. Fè yon plan sou ki sa k dwe fèt.
    Celeste te esplike Elena anemi ka lakòz fatig, nitou li ka fè l difisil pou l reprann li apre akouchman an, sitou si l pèdi anpil san. Li di Elena lè l anemi sa vle di li pa gen ase fè nan san l, men li ka rezoud sa si l manje anpil manje ki gen fè ak pwoteyin oswa si l pran konprime fè.
    Celeste speaking to Elena.
    Si w pa ka achte vyann, gen manje ki koute mwens ki gen anpil fè. Eseye manje fwa, ze, yanm, ak fèy vèt

  8. Gade si gen rezilta.
    Lè Elena te tounen pou l konsilte, Celeste te chèche siy anemi yo. Piske li te amelyore fason l manje, li te kòmanse refè. Si Elena potko refè Celeste ta pral preskri l konprime fè ak asid folik.

Sis etap sa yo pral ede w rezoud pifò pwoblèm sante tou.

Note sa: Li trè difisil pou anpil pwofesyonèl k ap travay nan domèn swen sante a “kòmanse ak sa w pa konnen”. Yo pa vle admèt yo pa konnen yon repons. Sepandan, pou nou ka byen evalye yon pwoblèm epi trete l korèkteman, nou dwe aksepte gen bagay nou pa konnen.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024