Hesperian Health Guides

Poukisa li bon pou nou fè planin

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Chak ane gen anviwon 500 mil (500,000) fanm ki pèdi lavi yo akòz pwoblèm gwosès, pwoblèm akouchman, ak avòtman ki fèt nan move kondisyon. Anpil nan medam sa yo pa ta mouri pou granmesi, si yo te fè planin pou yo pa t ansent. Konsa, planin nan ta ka sove yo.

Nan peyi pòv yo, anviwon mwatye fanm konsa ki gen laj pou yo fè pitit, epi ki mouri, yo mouri akòz pwoblèm gwosès osinon nan moman akouchman. Si yo te fè planin pou yo pa t ansent, yo pa ta pèdi lavi yo konsa.

Pa egzanp, planin ka pwoteje fanm nan fason sa yo:
  • jenn fi, ki poko rive sou laj 18 ane; yo pi fasil mouri lè y ap akouche, paske kò yo poko fin devlope. Tibebe yo gen plis chans pou yo mouri anvan yo menm rive sou laj 12 mwa.
  • fanm ki gen anpil laj. Gen plis danje nan fè pitit si fanm nan avanse nan laj, si li gen lòt pwoblèm sante, oubyen si li deja fè anpil pitit.
  • fanm ki fè pitit touswit youn dèyè lòt. Fòk manman an pran yon ti tan anvan li vin ansent ankò, pou kò li ka reprann fòs li.
  • fanm ki fè twòp pitit. Si yon fanm fè plis pase 4 pitit, li gen plis chans pou li mouri nan moman akouchman, poutèt gwo senyen, oubyen lòt pwoblèm.

Genyen plizyè milyon fanm ki sèvi ak youn oubyen lòt nan tout metòd planin ki nan chapit sa a, san yo pa gen pwoblèm.

Tablo sa a an montre nou ki chans chak metòd gen pou li evite gwosès, ak pou li pwoteje kont maladi moun pran nan fè bagay. Tablo a montre nou tou ki pwoblèm chak metòd ka bay, epi li esplike ki jan pou nou sèvi ak li. Ti zetwal yo montre nou ki rezilta chak metòd ap bay. Gen metòd ki pa gen anpil zetwal paske moun konn sèvi mal ak yo. Si gason an ak fanm nan sèvi ak metòd la jan pou yo sèvi avè l chak fwa y ap fè lanmou, metòd la ap mache pi byen.