Hesperian Health Guides

Sistèm repwodiksyon gason

Nan chapit sa a, n ap jwenn:
Pati seksyèl yon gason pi fasil pou moun wè pase pati seksyèl yon fanm, paske pi fò pati sa yo deyò. Testikil yo (boul grenn yo) fabrike prensipal òmòn kò yon gason pwodui. Òmòn sa a rele testostewòn. Lè yon ti gason ap fòme (pibète), kò li kòmanse fè plis testostewòm. Se sa ki lakòz tout chanjman ki fè ti gason an pa timoun ankò.


a man wearing no clothes, seen from the front
illustration of the parts described below
vesi (blad pipi)
kòk
kannal espèm
testikil
eskwotòm
irèt

Se testikil yo ki fabrike espèmatozoyid yo. Yon gason kòmanse pwodui espèmatozoyid lè l ap fòme. Li kontinye pwodui yo chak jou nan lavi li.

Lè espèmatozoyid yo sot nan testikil yo, yo pase nan yon kannal pou yo rive nan kòk la. Se la tou yo vin melanje ak yon likid. Se yon glann espesyal ki pwodui likid sa a.

Melanj likid la ak espèmatozoyid yo rele espèm (dechay). Espèm nan soti nan kòk la, lè yon gason voye pandan relasyon seksyèl yo. Chak gout espèm gen plizyè milyon espèmatozoyid nou pa ka wè ak je nou, paske yo twò piti


Eske se yon ti gason oubyen yon ti fi wap fè

Ti gason oubyen ti fi? Se 2 chans. Se tankou lè w voye yon pyès monnen an lè. Tonton Nò oubyen Palmis?
un homme jette une pièce de monnaie en l’air

Mwatye espèmatozoyid yon gason pwodwi ka bay ti gason. Lòt mwatye a kapab bay ti fi. Se yon sèl espèmatozoyid ki pral fekonde ovil yon fanm. Si li se espèmatozoyid ti gason, fanm nan ap fè yon pitit gason. Si se espèmatozoyid ti fi, l ap fè yon ti fi.

Kòm pi fò kominote sou latè bay gason plis enpòtans pase fanm, gen yon seri fanmi ki ta pi pito fè pitit gason pase yo fè pitit fi. Sa, se yon enjistis, paske yo ta dwe bay pitit fi menm valè ak pitit gason. Se yon enjistis tou, lè, nan kèk zòn, yo vle rann yon manman reskonsab poutèt li pa fè ti gason oubyen ti fi


Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025