Hesperian Health Guides

Chwazi yon metòd planin

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Depi nou fin deside fè planin, nou dwe chwazi yon metòd. Pou nou ka konnen ki metòd ki pi bon pou nou, fòk nou gen bon jan enfòmasyon sou tout metòd yo, sou avantaj chak genyen, ak sou pwoblèm yo chak ka bay.

Gen 5 kalite metòd planin:

  • Metòd baryè yo ki anpeche fanm yo ansent, paske yo anpeche jèm gason an (espèmatozoyid) rive jwenn ak ovil (ze) fanm nan.
  • Metòd òmonal yo ki anpeche pòch ze (ovè) yon fanm lage yon ze (ovil), ki fè li vin pi difisil pou jèm nan jwenn ak ze a, epi ki anpeche yon gwosès devlope andedan matris la.
  • Esterilè (aparèy yo mete andedan matris la) ki anpeche jèm gason an kontre ak ze a, kidonk anpeche jèm gason an ansent fanm nan.
  • Metòd natirèl yo pèmèt fanm nan konnen ki lè nan mwa a li ka ansent. Konsa, fanm nan konnen li pa dwe al nan fè lanmou nan moman sa a.
  • Metòd pwen final yo. Se lè yon fanm oubyen yon gason fè operasyon pou yo pap janm ka fè pitit ankò.


Rezilta chak metòd ap bay

Metòd planin Chans pou evite fanm vin ansent Pwoteksyon kont maladi seksyèl Pwoblèm li ka bay Sa ki enpòtan
Kapòt pou gasonWWHND10 Ch13 Page 201-1 gray.png ★★
Bon
good STI protection Pi bon rezilta lè yo sèvi ak espèmisid e librifyan fèt ak dlo (likid ki pou mouye kapòt la). Sèvi avè l ansanm ak lòt metòd planin pou evite trape maladi moun pran nan fè bagay.
Kapòt pou fanmWWHND10 Ch13 Page 201-2.png ★★
Bon
good STI protection
Dyafram (ak espèmisid)

WWHND10 Ch13 Page 201-3.png
★★
Bon
some STI protection Pi bon lè yo sèvi ak espèmisid, men fòk li fèt pou mezi vajen an.
Espèmisid (ki pou touye jèm gason)Ht WWHND10 Ch13 Page 201-4.png
Ti chans
no STI protection
WWHND10 Ch13 Page 201-19.png

Alèji sou po
Pi bon rezilta lè yo mete yon lòt metòd pwoteksyon tankou kapòt oubyen dyafram sou li.
Metòd òmonal
grenn, piki, tenm

HAW Ch7 Page 191-6.pngHt WWHND Ch13 Page 201-5.pngHt WWHND Ch13 Page 201-7.png

Enplan
FPChart-6.png
★★★

Bon anpil


★★★★

Pi bon nèt
no STI protection
WWHND10 Ch13 Page 201-19 gray.png

Anvi vomi, maltèt, règ pa nòmal
Danje pou fanm ki gen kèk pwoblèm sante.
Esterilè, filamanWWHND10 Ch13 Page 201-9.png ★★★★
Pi bon nèt
no STI protection
WWHND10 Ch13 Page 201-19.png

Règ la ka vini ak doulè epi ak anpil san
Danje pou fanm ki gen kèk pwoblèm sante
Lanmou san kontak seksyèl (pati gason pa antre pati fi a) ★★★★
Pi bon nèt
some STI protection Karese—pa gen danje trape maladi moun trape nan fè bagay; ti bèf gen ti danje; fè bagay nan dèyè gen gwo danje.
Bay tete (pandan premye 6 mwa sèlman)
WWHND10 Ch13 Page 201-11.png
★★★
Bon anpil
no STI protection Fòk li bay tibebe li tete ase; fòk li poko wè règ li.
Metòd natirèl
WWHND10 Ch13 Page 201-12 gray.png
★★
Bon
no STI protection Pou byen sèvi ak metòd sa a, yon fanm dwe konnen ki lè li ka ansent. Fòk li gen dwa deside ki lè pou yo fè lanmou.
Operasyon
WWHND10 Ch13 Page 201-13.pngWWHND10 Ch13 Page 201-14.png
★★★★
Pi bon nèt
no STI protection Ni gason ni fanm pap janm ka fè pitit ankò.
Voye deyò
WWHND10 Ch13 Page 201-15 gray.png

Ti chans
some STI protection Pi bon lè yo mete sou li yon lòt metòd, tankou espèmisid oubyen dyafram.