Hesperian Health Guides

Lè nou deside fè planin

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

a woman thinking while both a priest and a health worker talk to her from opposite sides Se dwa ou pou ou deside pou kont ou si w ap fè planin, epi ki jan w ap fè l.

Nan peyi kote tè ak richès yo nan men yon ti gwoup moun, se yo ki chèf kap fè pòv malere yo abi, gen anpil fanm ki ta renmen fè anpil pitit, paske yo konsidere pitit kòm baton vyeyès pou granmoun yo. Sa fè se sèl moun rich yo ki ka pran chans fè sèlman de twa pitit.

Gen kèk lòt fanm ki pa vle fè anpil pitit. Sa rive souvan kote fanm jwenn mwayen pou yo al lekòl epi pou yo travay fè lajan. Sa rive kote fanm gen libète pou yo chita pale ak gason tou.

Nenpòt kote yon fanm rete, l ap jwenn pi bon sante si li kapab kontwole ki kantite pitit l ap fè, epi ki lè l ap fè yo. Konsa, li gen dwa deside li menm si l ap fè planin—oubyen non.