Hesperian Health Guides

Annou chwazi ki metòd ki pi bon pou nou

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Pi bon metòd planin se metòd ki pi fasil pou ou a, epi metòd kote ou santi ou pi alèz lè ou sèvi avè l. Pou ou ka chwazi metòd ki pi bon pou ou a, sa ap ede ou si ou reflechi sou sa ou gen pou fè chak jou, sou ki jan ou boule ak moun pa ou, sa ki chaje tèt ou, sa ou bezwen, ak sa ou ta renmen jwenn. Nenpòt ki metòd ou chwazi, fè atansyon pou ou konprann ki jan pou ou sèvi avè l. Veye pou ou swiv jan yo di pou ou fè l. Kalkile sou sa ki ekri anba a, ak sou sa ou bezwen.

WWHND10 Ch13 Page 224-1.png
M vle toujou wè règ nòmal mwen.
WWHND10 Ch13 Page 224-2.png
M pa vle okipe ak afè planin chak jou.
Ou mèt CHWAZI: kapòt, dyafram, esterilè Ou mèt CHWAZI: enplan, piki, esterilè.
Ou mèt EVITE: metòd òmonal yo Ou mèt EVITE: grenn planin konbine oubyen grenn senp, tout metòd natirèl yo.
WWHND10 Ch13 Page 225-1.png
Mennaj mwen pa vle kite mwen fè planin.
WWHND10 Ch13 Page 225-2.png
M pa vle plede foure bagay nan vajen mwen, ni kite yo mete bagay nan matris mwen.
Ou mèt CHWAZI: enplan, piki, esterilè Ou mèt CHWAZI: metòd òmonal, kapòt pou gason, metòd natirèl.
Ou mèt EVITE: kapòt, dyafram, grenn planin, metòd natirèl Ou mèt EVITE: dyafram, kapòt pou fanm, esterilè.
WWHND10 Ch13 Page 225-3.png
Mwen vle kapab fè lanmou nenpòt ki lè, san anyen pap jennen m.
WWHND10 Ch13 Page 225-4.png
Nou vle sispann fè pitit nèt.
Ou mèt CHWAZI: esterilè, metòd òmonal yo. Ou mèt CHWAZI: operasyon (pou pa fè pitit ankò), enplan, piki, esterilè.
Ou mèt EVITE: kapòt, dyafram, metòd natirèl. Ou mèt EVITE: kapòt, dyafram, metòd natirèl.
WWHND10 Ch13 Page 225-5.png
Mwen kwè nou ka anvi fè pitit ane sa a.
WWHND10 Ch13 Page 225-6.png
Mwen kwè mennaj mwen ap fè bagay ak lòt moun; li ka ban mwen yon maladi moun trape nan fè sèks.
Ou mèt CHWAZI: kapòt, dyafram, grenn planin konbine, grenn senp (mini-pilil), tout metòd natirèl. Ou mèt CHWAZI: kapòt pou gason oubyen pou fanm
Ou mèt EVITE: enplan, piki, esterilè, operasyon. Ou mèt EVITE: tout metòd òmonal, tout metòd natirèl, esterilè, operasyon.
WWHND10 Ch13 Page 225-7.png
M ap bay pitit mwen tete.
WWHND10 Ch13 Page 225-8.png
Mari mwen pa vle dakò ak mwen sou kesyon planin nan.
Ou mèt CHWAZI: kapòt pou gason ak pou fanm, dyafram, enplan, esterilè, grenn senp (mini-pilil), piki ki gen pwojestewòn sèlman. Ou mèt CHWAZI: kapòt pou fanm, dyafram, metòd òmonal yo, esterilè.
Ou mèt EVITE: grenn planin konbine, piki chak mwa toutan tibebe a pa rive sou laj 6 mwa, oubyen ou poko wè règ ou. Ou mèt EVITE: kapòt pou gason, metòd natirèl.