Hesperian Health Guides
Metòd baryè yo (kapòt, dyafram, ak espèmisid)
Metòd baryè moun jwenn pi souvan, se kapòt, kapòt pou fi, dyafram, ak espèmisid.
Kontni yo
Kapòt
Si kapòt la chire, oubyen si li glise soti pou kont li, fanm nan dwe mete espèmisid touswit nan vajen li. Li dwe sèvi ak youn nan metòd planin nan ka ijan yo, si gen mwayen.
Yon kapòt se yon ti sak tankou yon blad ki fèt ak yon kawoutchou ki fen. Lè yon gason fè lanmou ak yon fi, li foure pijon li andedan kapòt la. Aprè yo fini, espèm la, dechay la, rete nan ti sak la; konsa jèm gason an pa ka antre nan kò fi a.
Kapòt se pi bon mwayen pou moun pwoteje tèt yo kont VIH ak lòt maladi moun pran nan fè bagay. Nou ka sèvi ak kapòt pou kont li oubyen ansanm ak nenpòt lòt metòd planin. N ap jwenn kapòt nan anpil famasi, nan mache, nan klinik kominotè, ak nan sèvis sante ki gen pwogram pou anpeche moun pran VIH/SIDA.
Fè atansyon pou kapòt la pa chire. Pa sèvi avè l si sachè a fann, si kapòt la sèch, si li rèd, oubyen si li gonmen. Kalite kapòt sa yo pap bay bon rezilta.
Se lè penis (pijon) nèg la byen bande, anvan li touche ak pati fi a, pou gason an mete kapòt la. Si yon penis san kapòt touche ak vajen yon fanm, oubyen antre ladan l, fanm nan ka ansent oubyen li ka trape yon maladi seksyèl, menm si nèg la pa gen tan voye nan vajen fi a.
Ki jan pou moun sèvi ak kapòt:
1. Si li pa sikonsi, li dwe kale pijon a, peze pwent anba kapòt la, epi foure pijon an ladan l. Fòk pijon an byen bande. |
2. Se pou li kontinye peze pwent anba kapòt la, pandan l ap fin dewoule l nèt, jis tout pijon an kouvri. Se ti sak anba a kap kenbe dechay la. Si li pa kite kote pou dechay la tonbe, lè li voye, kapòt la ka chire. | |
3. Lè nèg la fin voye, li dwe kenbe bouch kapòt la (pou li anpeche l soti) pandan l ap retire pijon an tou bande andedan vajen fanm nan. |
4. Retire kapòt la. Pa kite dechay la gaye kò li. Pa kite l koule. |
5. Mare bouch kapòt la byen mare. Epi boule l oubyen antere l anba tè, kote ni timoun, ni bèt pap jwenn li. |
Kòm kapòt se pi bon mwayen pou moun pwoteje tèt yo kont VIH/SIDA ak lòt maladi moun pran nan fè bagay, lè yon fanm bezwen pwoteje tèt li kont gwosès epi kont maladi sa yo, li dwe mande nèg la sèvi ak kapòt, menm si l ap swiv yon lòt metòd planin deja.
Pa bliye:
- Sèvi ak kapòt chak fwa n ap fè lanmou.
- Depi gen mwayen, sèvi ak yon kapòt ki fèt ak latèks. Kapot sa yo bay pi bon pwoteksyon kont VIH. Kapòt ki fèt an po mouton ka pa pwoteje kont VIH.
- Mete kapòt yo yon kote ki fre, ki pa kenbe dlo, epi ki pa nan solèy. Kapòt ki soti nan vye sache, oubyen nan sache ki fann, gen plis chans pou yo chire.
- Sèvi ak chak kapòt yon sèl fwa. Yon kapòt ki fin sèvi gen plis chans pou l chire si nou sèvi avè l yon lòt fwa.
- Sere kapòt yo kote nou ka jwenn yo fasil. Si nou oblije kite sa n ap fè a pou nou al chache yon kapòt, nou ka fasil pa sèvi ak yo.
ty:More Information
ki jan ou ka ankouraje mari ou oubyen mennaj ou sèvi ak kapòt.Okòmansman, yon gason ak madam li gen dwa pa renmen sèvi ak kapòt. Men apre yo vin abitye ak yo, yo ka konnen tout avantaj ki gen nan fè planin: evite ansent san yo pa vle, ak evite pran maladi moun trape nan fè bagay. Plis pase sa, kapòt ka fè gason dire plis lè y ap fè lanmou.
Kapòt pou fanm
Kapòt pou fanm pi gwo pase kapòt gason. Yo pap chire fasil menm jan ak kapòt gason. Yo mache pi byen si gason an monte anwo fanm nan.
Yon kapòt pou fanm se yon ti sak an plastik ki fen, ke fi a mete andedan vajen an, epi ki kouvri gwo rebò vajen an. Fanm nan ka mete kapòt la nenpòt lè, anvan yo kòmanse fè lanmou. Sèvi avè l yon sèl fwa; li ka chire si moun sèvi avè l yon lòt fwa. Men olye pou yo pa sèvi ak kapòt ditou, yo mèt lave l epi sèvi avè l ankò jiska 5 fwa. Pa sèvi ak toulede kapòt ansanm, pou gason ak pou fanm.
Kapòt pou fanm se pi bon metòd sou kontwol fanm ki vle pwoteje tèt yo kont ni gwosès, ni maladi moun pran nan fè sèks, VIH/SIDA konte ladan l. Kounye a nou ka jwenn 3 kalite kapòt pou fanm. Nouvo kapòt yo pi bon mache. Kapòt pou fanm, kalite VA, yo ale pi byen ak kò yon fanm. Konsa yo pi alèz, epi kapòt la pa fè bri lè y ap fè lanmou tankou lòt kapòt.
Nan moman sa a, nou pa fasil jwenn kapòt pou fanm, men si gen plis moun ki mande sèvi ak metòd sa a, n ap jwenn yo pi fasil.
Ki jan pou nou sèvi ak kapòt pou fanm:
1. Fè atansyon lè w ap ouvri sache a.
|
2. Chache wonn nan (pati ki tou won tankou yon bag) ki nan fon kapòt la, kote ki fèmen an. | Wonn ki nan bouch kapòt la.
|
|
3. Pliye wonn ki nan fon an an 2. | 4. Foure wonn nan tou pliye nan fon vajen an. | 5. Pouse wonn nan monte andedan vajen an ak dwèt ou. Wonn ki nan bouch kapòt la dwe rete sou deyò vajen an. | |
6. Lè w ap antre nan kontak seksyèl, se pou ou dirije pijon an antre nan bouch kapòt la. | 7. Touswit apre kontak seksyèl la, anvan ou leve, retire kapòt la. Kenbe wonn ki nan bouch kapòt la, tòde li byen tòde pou dechay la rete andedan l. Rale sak la dousman. Jete li kote ni timoun ni bèt pa ka rive jwenn li. |
Dyafram
Lè yon fanm sèvi ak yon dyafram jan li dwe, jeneralman li anpeche fanm nan ansent, epi li bay ti pwoteksyon kont maladi moun pran nan fè sèks.
Dyafram nan gen fòm yon ti tas ki pa fon. Li fèt an kawotchou ki mou oubyen an silikòn ki fen. Medam yo mete l andedan vajen yo, lè yo pral fè lanmou. Li kouvri bouch matris la; konsa, li anpeche jèm gason an antre. Sèvi ak yon espèmisid (ki pou touye jèm gason yo) ansanm ak dyafram nan. Si pa gen espèmisid, nou mèt sèvi ak dyafram nan, men gen yon ti chans pou li pa anpeche yon fanm ansent.
Gen plizyè gwosè dyafram. N ap jwenn yo nan klinik kominote yo, ak nan lòt klinik kote yo fè planin. Yon ajan sante, ki fòme nan fè egzamen basen, ka ede ou chwazi yon dyafram ki bon pou ou, ki koresponn ak gwosè kannal fi a.
Dyafram yo konn fè twou, sitou lè yo gen plis pase yon ane depi y ap sèvi. Li bon pou nou tyeke yo souvan. Fòk nou ranplase dyafram nan, lè kawotchou a vin sèk oubyen rèd, oubyen lè dyafram nan gen twou ladan l.
Ou gen dwa mete dyafram nan lè ou pral fè lanmou, oubyen 6 èdtan anvan. Depi ou mete dyafram nan, si ou fè lanmou plis pase yon sèl fwa, mete espèmisid nan vajen ou chak fwa anvan ou fè lanmou, san wete dyafram nan.
Ki jan pou nou sèvi ak yon dyafram:
1. Si ou gen espèmisid, mete l nan mitan dyafram nan. Pase yon ti kras arebò li ak dwèt ou. | 2. Pliye dyafram nan an 2. | 3. Ouvri bouch vajen an ak yon men. Epi ak lòt men an, pouse dyafram nan antre. L ap antre pi fasil si ou dirije l nan direksyon do ou. |
4. Pou tyeke si dyafram nan byen chita nan plas li, foure yon dwèt andedan vajen an. Peze sou kawotchou dyafram nan pou chache jwenn bouch matris la. Li sanble ak pwent nen moun. Fòk dyafram nan kouvri bouch matris la. | ||
5. Si dyafram nan jwenn vrè pozisyon li, ou pap santi si li andedan ou. | 6. Lè ou fin fè lanmou, tann 6 èdtan pou pi piti anvan ou wete dyafram nan. |
Ou met kite dyafram nan nan plas li jiska 24 èdtan. Ou mèt sèvi avè l lè ou gen règ ou, men fòk ou wete li pou lave l ase souvan ke ou chanje kotèks oubyen twal la.
Ki jan pou ou retire dyafram nan: Foure yon dwèt andedan vajen an. Pase l dèyè wonn dyafram nan pa devan. Rale l desann, epi mete l deyò. Lave li ak dlo e savon, epi seche l. Leve li anba limyè pou wè si li pa gen twou. Si li gen twou, menm youn ki piti piti, fòk ou chache yon nouvo dyafram. Sere l yon kote ki sèch e pwòp.
Espèmisid
mous, grenn, krèm, jèl, espèmisid
Mous |
Grenn |
Krèm ou byen jèl |
Gen plizyè kalite espèmisid: mous, grenn, krèm, oubyen jèl. Medam yo mete yo nan vajen an jis anvan yo fè lanmou. Espèmisid la ap touye jèm gason an, anvan li rive antre nan matris fanm nan.
Lè ou sèvi avè l pou kont li, li pa bay rezilta tankou lòt metòd planin yo. Men li pi bon toujou lè ou mete li ansanm ak yon kapòt oubyen dyafram.
N ap jwenn espèmisid nan anpil famasi ak makèt. Gen kèk kalite mak espèmisid ki konn bay demanjezon ak iritasyon nan vajen an.
Espèmisid pa bay okenn pwoteksyon kont maladi moun pran nan fè bagay. Paske yo ka irite andedan vajen an, yo ka bay ti blese ki pèmèt mikwòb VIH pase pi fasil antre nan san an.
Ki lè pou nou mete espèmisid:
Mete grenn oubyen sipozitwa nan vajen an 10 rive 15 minit anvan nou fè lanmou. Li pi bon si nou mete mous, jèl, oubyen krèm jis anvan nou fè lanmou.
Si gen plis pase inèdtan ki pase depi nou mete espèmisid la, mete l yon lòt fwa. Mete yon nouvo grenn, sipozitwa, yon ponp mous, krèm oubyen jèl, chak fwa nou vle fè sèks.
Ki jan pou nou mete espèmisid la:
- Lave men ou ak savon e dlo pwòp.
-
Si se ak mous w ap sèvi, souke poban an byen vit, 20 fwa pou pi piti. Peze tèt poban an pou ou plen ponp lan.
Si se ak jèl oubyen krèm w ap sèvi, vise tib espèmisid la nan ponp lan. Peze tib la pou ponp lan ka plen.
Si se ak grenn w ap sèvi, retire yon grenn nan sache a, epi mouye l ak dlo oubyen ak krache. (PA mete grenn nan nan bouch ou.) - Antre ponp lan oubyen grenn nan byen fon nan vajen an. Fè l dousman. Fòk yo rive dènye kote yo ka rive a.
- Si se ak yon ponp w ap sèvi, peze tèt ponp lan desann ra planche. Lè ponp lan vid nèt, retire l.
- Lave ponp lan ak savon (andedan kòm deyò) epi rense l ak dlo pwòp.
- Kite espèmisid la fè 6 èdtan andedan ou apre ou fin fè lanmou. Pa lave vajen ou pou espèmisid la pa soti. Si krèm nan ap koule, mete yon kotèks, koton, oubyen yon twal pwòp pou rad ou pa sal.