Hesperian Health Guides

Sèks, wòl fanm ak wòl gason

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

a woman preparing food while wearing a scarf that covers her head and face

Tout moun vin sou latè, oubyen ak yon kò fanm, oubyen ak yon kò gason. Se diferans ant 2 fòm kò sa yo ki pèmèt nou konnen ki moun ki fanm, ki moun ki gason. Se sa yo rele sèks moun nan. Tout moun rete ak menm sèks sa a, depi yo soti nan vant manman yo, jiskaske yo antre anba tè.

a man working with a hammer and nails

Lè y ap pale de wòl yon moun dapre sèks li, yo vle pale de wòl sosyete a bay yon moun, swa paske l pote non fanm, swa paske l pote non gason. Chak kominote vle pou medam yo panse, reyaji epi aji tèl fason, jis poutèt se fanm yo ye. Chak kominote vle pou gason panse, reyaji epi aji tèl lòt fason, paske se gason yo ye. Nan pi fò kominote, paregzanp, fanm dwe kwit manje, chèche dlo, chèche mwayen limen dife, pran swen timoun, pran swen mari. Gason yo menm dwe soti al travay, fè lajan, pou okipe madam, pitit, grann ak granpapa. Yo dwe defann fanmi an tou lè gen danje.

Kontrèman a diferans ki egziste ant kò fanm ak kò gason, wòl espesyal fanm ak wòl espesyal gason se envansyon sosyete a. Si kèk aktivite tankou aktivite kwit manje ak aktivite okipe timoun se travay fanm, nan anpil kominote, nan yon lòt kominote se pou gason. Sa soti nan tradisyon, lalwa ak relijyon ki egziste nan chak kominote. Nan menm kominote a, wòl espesyal fanm ak wòl espesyal gason ka pa menm pou tout moun. Sa chita sou edikasyon, ras oubyen laj moun nan. Paregzanp, nan kèk kominote, fanm ki soti nan tèl ras dwe fè travay nan kay, alòske fanm ki soti nan yon lòt ras gen dwa deside fè sa yo vle.

Kijan diferans ant wòl fanm ak wòl gason antre nan tèt moun

Yon jenerasyon ale, yon jenerasyon vini, se paran ki foure diferans sa yo nan tèt timoun. Depi timoun yo tou piti, paran yo pa ba ti fi ak ti gason menm tretman - pafwa, san yo pa menm konnen. Timoun toujou suiv paran yo. Yo wè ki konpòtman papa yo genyen, ki konpòtman manman yo genyen. Yo remake kijan youn trete lòt epi yo wè ki wòl chak gwoup moun sa yo genyen nan kominote a.

Depi y ap grandi, ti fi tankou ti gason dakò pou yo gen konpòtman paran yo vle a. Yo pa vle dezobeyi paran yo ki se otorite nan kay la. Konsa, depi lakay, chak timoun aprann konnen ki sa l ye, epi ki konpòtman li dwe genyen. Konsa, menm jan timoun yo aprann konnen pwòp non yo, se menm jan an diferans ant wòl fanm ak wòl gason antre nan tèt yo - ki sa sa vle di, lè yon moun se fanm oubyen lè yon moun se gason.

Depi lemonn ap chanje, diferans ant wòl gason ak wòl fi ap chanje tou. Anpil jenn fanm ak jenn gason derefize viv menm jan ak paran yo. Men pafwa, chanjman an pa fasil pou yo, paske fanmi yo ak sosyete a vle pou yo kontinye suiv ansyen “prensip” yo. Si medam yo goumen pou fanm ka chwazi wòl yo dwe genyen, y ap jwenn posiblite pou yo gen plis kontwòl sou tout sa ki ka garanti sante seksyèl yo.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025