Hesperian Health Guides

Pwoblèm je, ak pwoblèm ki fè nou pa wè byen

SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Pwoblèm je, ak pwoblèm ki fè nou pa wè byen

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Ki jan pou nou pran swen je nou

Si nou kenbe figi nou ak po ki bò kote je nou yo byen pwòp, nou ka evite anpil pwoblèm ki ka donmaje je nou, oubyen ki ka fè je yo irite, wouj, oubyen ki fè yo fè mal, epi nou ka pwoteje yo kont blesi epi kont twòp solèy ak van. An plis, nou ka anpeche anpil pwoblèm je vin sou nou si nou manje bon kalite manje.

Si yon moun blese nan je, sa ka donmaje je li yo, oubyen fè li pa ka wè. Si yon moun blese grav nan je li, oubyen si li bay siy ki montre gen danje, se pou li kouri al nan yon lopital oubyen nan yon sant sante ki tou pre. Yo ka ede nou jwenn yon doktè je si yo wè li nesesè.

Lè yon moun mal pou li wè pre oubyen pou li wè lwen, si li jwenn bon linèt, anpil fwa sa ka ede l wè pi byen anpil. Konsa, jan nou wè a ka chanje, e sa ka oblije nou achte nouvo linèt tanzantan. Kay granmoun, de pwoblèm ki ka fè yo pa ka wè se katarak ak glokòm.

Pwoblèm sa yo gen trètman ; konsa yon moun ka vin wè byen ankò, oubyen trètman an ka anpeche li vin pi mal toujou. Si nou konprann ki jan je nou yo fòme ak ki travay chak pati nan je a fè, sa ap ede nou pran swen je nou yo, epi ede nou konnen ki jan pou nou okipe pwoblèm je yo.

DESEN YON JE

 desen yon je
sak dlo, glann ki pèmèt moun kriye
sousi
nwa je (pupille de l’oeil) ki gen koulè nwa
glè je (iris) ki gen koulè nwa, tonmaren, oubyen lòt koulè
po je, pòpyè
kannal dlo je ki desann nan twou nen
glas je (cornée) ki se yon kal tankou yon ti moso glas ki kouvri glè je a ak nwa je a
konjonktiv, yon vwal fen ki klè e ki kouvri blan je a
loup (cristallin de l’œil) ki won, ki klè, epi ki anndan je a, ki fikse limyè a nan je pou nou ka wè
NWTND eye Page 2-1.png

Lè je yo an sante :

  • Po je yo ouvri epi fèmen san pwoblèm. Pwal je yo tounen sou deyò ; yo pa p antre nan je a.
  • Blan je a tou blan, li lis, epi li mouye.
  • Glas je a, yon kal ki tankou yon ti moso glas ki kouvri glè je a ak nwa je a, li klere, li lis, epi li klè.
  • Nwa je a gen koulè nwa, epi li won. Li reyaji ak limyè a pou l vin pi gwo nan fè nwa, epi pi piti nan gwo limyè
 Yon moun k ap lave men li yo

Kenbe je nou yo pwòp

Pou evite anpil pwoblèm je, lave figi nou souvan. Sa ap anpeche salte ak mikwòb antre nan je nou yo kote yo ka ban nou pwoblèm.

Sa pa mande anpil dlo pou nou lave figi nou. Genyen yon ti aparèy (tipitap) nou ka fè ak yon boutèy plastik oubyen ak yon lòt veso ; li sèvi pou lave men nou ak yon ti dlo tou piti (al gade nan Dlo ak Pwòpte). Kite figi ak men nou seche nan lè a, pou moun pa sèvi ak menm sèvyèt oubyen ak menm twal la ; konsa, youn pa p enfekte lòt la.

 Yon fanm k ap lave je yon timoun ak yon twal

Lè yon moun fè enfeksyon nan je, lave je yo souvan ak yon twal pwòp e ak dlo pwòp. Siye je a tou dousman ; kòmanse bò nen an, pase nan direksyon zòrèy la. Sèvi ak yon lòt pati nan twal la pou chak je. Lè fini, byen lave twal la epi mete l seche anvan nou sèvi avè l yon lòt fwa.

Pou nou pa enfekte lòt moun, byen lave men nou anvan ak aprè nou fin lave je ki enfekte a.

Ki jan pou nou wete pay oubyen pousyè nan je nou

Yon timoun k ap fwote je li ak yon twal
Lè genyen yon ti bagay ki kwense anba po je a, li ka fè ti grafouyen oubyen kòche nan je a. Konsa, pa fwote je a. Lè je a bay dlo, sa ka fè l soti.

Fè moun nan fèmen je li, epi fè l gade a gòch, a dwat, anwo, epi anba. Lè fini, pandan n ap kenbe je a ouvè, fè li gade anwo, apre sa, anba. Sa fè toulede grenn je yo bay plis dlo. Yon lòt fason nou ka fè je a bay dlo se lè nou fwote bon je a tou dousman. Anpil fwa, sa konn fè salte a soti pou kont li. Pa fwote je ki fè mal la.

Nou ka vide dlo pwòp nan je a pou eseye wete ti moso salte a oubyen pwal je a. Sèvi ak dlo pwòp ; pa sèvi ak okenn lòt likid. Kenbe je a ouvè ; sèvi ak yon vè pou vide dlo nan je a (oubyen nou ka ponpe dlo a ak yon sereng pwòp ki pa gen zegwi). Mete moun nan kouche, oubyen kage tèt li sou dèyè pandan n ap vide dlo bò nen an pou l koule nan direksyon oubyen bò zòrèy la.

Si nou kapab wè pay la, anpil fwa nou ka wete l ak pwent yon twal, yon aplikatè, oubyen koton wat ki mouye e pwòp.

Si se anba po je anlè a pay la ye, vire po je a sou yon aplikatè pou nou ka jwenn li. Fè moun nan gade anba pandan n ap fè sa.

 Ki jan pou nou vire po je ki anlè a
Sèvi ak pwent yon twal pwòp, koton wat, oubyen yon aplikatè pou wete pwal je a oubyen ti pay la. Fè atansyon pou nou pa pouse l antre pi fon nan je a.

Si li pa vle soti, pase yon ti pomad antibyotik nan je a kote li santi iritasyon an, kouvri je a, epi fè li wè doktè.

Danje ki genyen nan kote moun travay, nan polisyon (salte kote n ap viv la), ak nan limyè sòlèy

Men sa ki ka fè je nou irite epi bay problèm : pwodui chimik, polisyon lè a, dlo ki sal, ak reyon iltravyolèt solèy la. Lakay oubyen kote moun travay ka genyen anpil bagay ki ka donmaje je nou, oubyen ka gen anpil pwodui chimik ki ka boule je nou.

  • Fè manje : Lè moun ap fè manje, lafimen dife ka pike epi seche je yo. Sa frape fanm ak timoun pi plis.
  • Polisyon lè (salte nan lè a) : Pousyè ak pwodui chimik ki nan lè a aji sou je tout moun ki travay oubyen ki jwe deyò, sitou timoun.
  • Polisyon dlo (salte nan dlo a) : Pwodui chimik ki sot nan faktori oubyen nan min, pwazon ki pou touye ti bèt, ak dlo sal yo vide nan larivyè ak letan yo, yo tout ka pike je ak po moun ki vin benyen oubyen lave rad yo nan dlo sal sa a.
  • Travay tè : zouti, salte, wòch, branch bwa, plant ki gen pwazon, angrè chimik, ak pwazon ki pou touye ti bèt, yo tout ka donmaje je nou yo.
  • Deyò : Solèy, pousyè, ak van, yo tout ka pike je nou yo.
  • Kondwi motosiklèt san pwoteje je nou ka donmaje yo.
  • Pwodui chimik : Kiltivatè, minè, jeran, menajè, ak moun ki travay nan faktori, yo sèvi ak pwodui chimik. Si pwodui sa yo antre nan je a, yo ka boule l byen vit.
  • Aparèy, machin, ak ekipman : Moso metal oubyen moso bwa konn kase epi blese je yo. Menm jan, gwo chalè, tizon, oubyen flanm dife ka fè donmaj tou.
  • Moun ki travay nan biwo oubyen nan faktori : Si moun oblije fikse je yo sou yon sèl tach pandan anpil èdtan, sa ap fatige je yo.


Linèt sekirite pwoteje je yo pou yo pa vin blese
Tout kalite linèt ap pwoteje je yo. Pote linèt sekirite lè n ap sèvi ak machin oubyen zouti elektrik, lè n ap kondwi moto, lè n ap travay ak pwazon ki pou touye ti bèt oubyen ak lòt pwodui chimik.

 Yon travayè k ap pwoteje je ak figi li yo pandan l ap sèvi ak gwo aparèy
NWTND eye Page 4-2.png
Pou aprann plis sou ki jan nou ka pwoteje je nou kote nou travay la, al gade nan liv Hesperian Workers' Guide to Health and Safety.
 Fanm k ap pote chapo pandan y ap travay
Yon fanm k ap travay sou yon òdinatè

Chapo ak linèt solèy proteje je nou kont limyè solèy
Pou pwoteje je yo, moun ki rete deyò anba gwo solèy ka pote chapo, oubyen, si gen posiblite, pote linèt nwa. Pi bon kalite linèt yo se sa yo ki bloke reyon iltravyolèt solèy la. Si moun proteje je yo kont limyè solèy la, sa kapab ralanti sou jan kèk kalite katarak ap avanse. Menm si moun gen tan pase plizyè ane ap pran twòp solèy, si yo pote chapo ak linèt solèy, sa ka anpeche kèk lòt pwoblèm vin pi grav.

Evite fatige je nou twòp
Lè moun travay kote ki pa gen ase limyè, lè yo gade ekran òdinatè a oubyen telefòn nan pandan tout lajounen, oubyen lè yo fikse je yo pandan plizyè èdtan nan bagay ki tou pre, sa ap fatige je yo. Pou soulaje je nou yo, chache jwenn plis limyè si li nesesè, epi tanzantan leve je nou pou gade lwen. Travayè ki antre nan laj ka bezwen pote linèt espesyal pou yo ka wè pre.

NWTND eye Page 5-3.png
An premye, gade yon bagay ki pre ou.
Ht NWTND eye Page 5-4.png
Apre sa, pandan 20 segonn gade yon bagay ki gen distans 3 ou 4 mèt konsa.
Fè sa kèk fwa pandan chak èdtan. An plis, li bon pou ou fè mouvman ak je ou ; kenbe tèt ou fiks, epi woule je ou yo pou pase monte yon mi, rive nan plafon, epi desann lòt mi an.

Pran swen je nou ; manje byen

Yon fanm k ap kouri kite manje sale ak manje ki fèt nan faktori, epi kola
Menaje lajan ou ; achte bon kalite manje, epi evite sèl ak sik. Chapit Byen Manje bay Bon Sante, di nou ki jan nou ka manje byen menm si nou pa gen anpil lajan.

Anpil bon kalite manje ki ede kò a rete an sante, yo ede moun kapab wè byen tou. Kalite manje ki bon anpil pou je se :

  • Legim : fèy fèt, piman, pwa, pwa tann, patat, kawòt, ak joumou.
  • Fwi : mango, papay, zoranj, ak zaboka
  • Pwason, nwa, ak grenn sereyal ki gen tout pay sou li


Si yon fanm ki gwo vant manje bon kalite manje, sa ap fè je tibebe ki nan vant lan devlope byen. Bay tibebe yo tete, epi asire nou ke timoun piti yo manje legim ak fwi ki gen koulè vèt oubyen oranj, pou timoun yo pa vin manke vitamin A.

Ajan sante, ki jan yo ka ede moun nan kominote a kenbe je yo an sante

Se donmaj, men ajan sante yo konn kontre ase souvan ak pwoblèm je ki ijan. Men tou, gen problèm je ki pa ijan. Lè ajan sante yo vin konnen ki jan pou yo rekonèt premye siy pwoblèm je, yo kapab ede moun wè pi byen epi anpeche yo vin avèg.

  • Lè yon moun vin fè konsiltasyon, pran abitid gade pou wè si li pa gen pwoblèm je, tankou je li yo wouj, yo gonfle, yo grate, oubyen yo gen tach gri — chache rekonnèt siy yo ak pwoblèm nan, epi chache konnen ki jan nou ka trete l.
  • Fè yon jan pou fanm ak timoun yo ka vin fè egzaminen epi trete pwoblèm je yo. Travay yo fè, ak responsablite yo gen nan fanmi an, ka fè yo soufri pi fasil ak pwoblèm je.
  • Genyen remèd natirèl yo jwenn nan peyi a, ak remèd pou achte, ki ka pote danje pou je yo. Mete moun angad pou yo pa koute pawòl van, pou yo pa al jete lajan yo nan achte remèd ki pa vo anyen.
  • Mete sou pye yon pwogram pou kontwole vizyon timoun yo ki nan lekòl chak ane. Montre pwofesè yo ki jan pou yo rekonnèt pwoblèm je, sitou pou rekonnèt si yon timoun pa ka wè byen.
  • Si yon ti granmoun gen katarak, voye l al wè yon doktè je.
  • Si moun ki gen plis pase 40 ane bezwen linèt pou yo ka li, ede yo jwenn yo.
  • Fè kominote nou an vin yon plas kote moun ki avèg ka viv san danje.


Ajan sante yo gen dwa pataje sa yo konnen sou pwogram yo, epi sou lopital kote yo trete pwoblèm je ak ka ijan yo. Yo dwe konnen tou ki kote yo bay trètman sa yo gratis oubyen pou yon ti lajan. Moun nan kominote a gen dwa planifye kote moun ka al fè yon kontwòl pou vizyon yo, jwenn linèt, epi kote yo fè operasyon pou katarak. Se ka yon òganizasyon benevòl oubyen gouvènman an ki mete pwogram sa yo sou pye.

Pwoblem je, klasman nan laj nou ka jwenn yo :
Tibebe : Fòk nou trete enfeksyon je kay tibebe. Genyen enfeksyon nou ka evite si nou lave je tibebe yo, epi si nou mete pomad nan je yo depi yo fèt.

Timoun piti : Nou ka mal pou rekonèt pwoblèm yo. Lè yon timoun rive nan laj 6 mwa, gade pou wè si li ka swiv yon jwèt oubyen yon limyè ak je li yo lè ou deplase l. Nou ka ede yon timoun ki gen je louch — toulede je yo pa gade menm bò ; linèt ka ede yon timoun ki pa wè byen. Pou yon timoun ki demi avèg oubyen ki pa wè anyen ditou, gen yon liv ki disponib nan Hesperian, Aide aux Enfants Aveugles, ki montre nou ki jan nou ka ede yon timoun ki avèg devlope.

Timoun lekòl ki pa wè byen pa kapab fè nou konnen ke yo pa ka wè byen, paske yo pa konnen ki sa sa ye — wè byen. Yon timoun ki soufri ak maltèt, ki gen je li pichpich, oubyen ki gen pwoblèm nan lekòl ak nan jwe, li kapab pa wè byen. Li ka bezwen linèt. Li ta bon tou pou nou aprann ki sa nou dwe fè si yon timoun vin blese nan je li pandan l ap jwe oubyen goumen ak lòt timoun.

Nenpòt timoun ka blese nan je. Sere pwodui chimik ak bagay ki pwenti anba kle oubyen kote timoun pa ka rive.

Granmoun : Kèlkeswa laj yon moun genyen, jan li wè a ka chanje ; gen de fwa linèt ka ede l. Si yon moun soufri ak dyabèt oubyen ak tansyon wo, si nou trete maladi sa yo, sa ka anpeche pwoblèm je yo anvlimen. Genyen aksidan oubyen pwoblèm je ki pi fasil rive yon moun pa rapò ak kalite travay li fè. Se ti granmoun ki pi fasil gen katarak, epi ki bezwen linèt pou yo kapab li.

Yon pwofesè k ap pale ak yon manman e pitit li.
Depi ti gason an chita devan, l ap fè travay leson lekòl yo byen. Nou pa t konnen ke se paske li pa t wè byen ki fè li pa t kapab fè leson li yo. Senmenn pwochen l ap jwenn premye linèt li !


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024