Hesperian Health Guides

Tranche ak akouchman: Entwodiksyon

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Tranche ak akouchman: Entwodiksyon

Nan chapit sa:

Nan fen gwosès la, kò fi a kòmanse yon gwo travay: ouvri epi pouse yon bebe soti anndan manman l pou l vin viv deyò a. Yo rele travay sa a tranche avèk akouchman. Chak tranche diferan. Li ka long oswa kout, li ka trè difisil oswa byen fasil. Men, chak tranche ak akouchman suiv menm pwosesis la:

  • Kontraksyon (doulè tranche) pandan kòl matris la ap ouvri,
  • Matris la pouse bebe a desann soti nan vajen an,
  • Bebe a fèt, epi
  • Plasenta a soti.


Nan pati sa a nan liv la, nou esplike ki jan pou w prepare w pou akouchman, avèk kèk fason pou w pran swen yon fi pandan li gen tranche. Apre sa, nou pral esplike tranche ak akouchman an nan 3 etap diferan:

MW Ch9 Page 146-1.png
  • Matris la ouvri (premye etap) kòmanse lè kontraksyon yo kòmanse ouvri kòl matris la. Etap sa a fini lè kòl matris la fin ouvri. (Gade Chapit 11.)
  • Pouse (dezyèm etap) kòmanse lè kòl matris la fin ouvri. Nòmalan se lè sa a pou fi a pouse bebe a met deyò. Faz 2 a fini lè bebe a fèt. (Gade Chapit 12.)
  • Plasenta a soti (twazyèm etap) se faz apre bebe a fin fèt. Li fini lè plasenta a fin soti. (Gade Chapit 13.)


Pifò bebe fèt san pwoblèm, men pafwa bagay yo ale mal, epi manman an oswa bebe a ka an gwo danje. Pou pifò pwoblèm, gen move siy anvan pwoblèm nan kòmanse.

Nan pati sa a nan liv la, nou esplike ki move siy pou w chèche pandan tranche a ak akouchman an, konsa w ka konnen si tout bagay prale byen, oswa si pral gen yon pwoblèm. Nou esplike tou ki jan pou w trete kèk pwoblèm, epi ki lè pou w mennen yon fi lopital si w pap ka rezoud yon pwoblèm lakay. Ou menm, fanm ansent lan, fanmi l, ak kominote a, nou tout ta dwe gen yon plan davans ki sa nou pral fè nan yon ka dijans, konsa n ap ka asire sekirite manman an ak bebe a pandan akouchman an.

Sonje sa: Men move siy ki pi enpòtan ki montre yon fi bezwen èd medikal:


MW Ch9 Page 147-1.png


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024