Hesperian Health Guides

Ki lè pou w al nan akouchman an

Nan chapit sa:

MW Ch9 Page 151-2.png

Ou dwe al wè manman an lè nenpòt nan siy sa yo parèt:

  • Kontraksyon tranche a kòmanse.
  • Manman an pase likid.
  • Manman an santi li gen bezwen w.


Si w rive epi w remake manman an fèk kòmanse gen tranche (epi w pa rete lwen), pa gen pwoblèm si w al lakay ou pou yon ti moman. Mande manman an pou l fè yo rele w lè tranche a kòmanse vin pi cho. Men, anvan w deplase, chèche konnen:

  • Eske se premye pitit l ap fè? Gen chans pou tranche a pi long si se premye pitit li.
  • Eske fi a konn gen tranche kout oswa long deja? Si tranche anvan an te kout, tranche sa a ka pi kout toujou.
  • Jis ki kote ki gen yon lopital?


Nou te mete paj sa a ajou: 22 me 2023