Hesperian Health Guides

Ki jan pou bay bebe tete

Nan chapit sa:

Ede manman yo kòmanse bay bebe yo tete nan premye è apre yo fin fèt. Premye lèt jòn nan yo rele kolostwòm nan, se egzakteman sa yon tibebe ki fèk fèt bezwen. Li gen tout nitrisyon bebe a bezwen, epi li bay plis pwoteksyon kont enfeksyon. Kolostwòm lave trip bebe a tou. Li pa nesesè pou bay bebe a te oswa remèd fèy pou netwaye trip li.

Jeneralman yon bebe montre li prè pou l manje lè l avanse bò tete manman l oubyen lè l fè bri ak bouch li. Si okòmansman bebe gen pwoblèm pou l pran tete, manman an ka mete kèk gout lèt sou po bouch bebe a ak kèk gout sou pwent tete li pou ankouraje bebe a souse l.

Depi bebe a grangou, manman an dwe ba l tete, lajounen kou lannuit. Anpil bebe ki fèk fèt ap pran tete chak 1 a 2 èdtan. Tank li tete se tank kò manman an ap pwodui lèt.

Tibebe dwe bwè lèt manman l sèlman (pa ba li okenn lòt likid ni okenn lòt manje) pandan 6 premye mwa yo. Menm yon bebe ki gen laj pou l manje ap toujou bezwen lèt manman l jiskaske li gen 2 an oubyen plis.

Ki jan pou kenbe bebe a

Li ka difisil pou yon manman aprann ki jan pou l bay premye pitit li tete. Ou ka ede l lè w ankouraje l kontinye eseye epi montre l bon pozisyon pou l bay tete. Lè bebe a nan yon bon pozisyon, sa pèmèt li kole pi byen sou tete manman l lan, li manje pi byen, epi sa anpeche manman an gen doulè oubyen blese nan pwent tete l la.

Manman an dwe soutni tèt bebe a avèk men l oubyen ponyèt li. Tout kò bebe a dwe anfas manman an pou kou l pa oblije vire. Pozisyon sa a fè l pi fasil pou l vale.

Lè bebe a ouvri bouch li laj, manman an dwe pote bebe a vin jwenn tete a. Tete a dwe plen bouch bebe a avèk pwent tete a fon anndan bouch li.

Tete a byen antre nan bouch bebe sa a. Tete a pa antre ase nan bouch bebe sa a.
MW Ch16 Page 282-1.png
WI
MW Ch16 Page 282-2.png
NON
 

Sa manman an dwe manje pandan l ap bay tete

Pou yon fi ka reprann li apre akouchman an, epi pou kò l ka pwodui lèt, li dwe manje menm jan oswa plis pase lè l te ansent. Epi, li ta dwe manje yon bon varyete manje, tankou fwi, legim, epi manje ki gen anpil pwoteyin ak grès, tankou nwa, pwa, fwomaj, ze, ak vyann.

Li nesesè pou l bwè anpil likid tou. Dlo, te fèy, ji fwi, ak lèt ap ede l rete an sante epi y ap ede l fè lèt.

MW Ch16 Page 283-3.png



Nou te mete paj sa a ajou: 22 me 2023