Hesperian Health Guides

Lòt bagay ki ka ranplase lèt manman

Nan chapit sa:

Lèt manman pi bon, men gen kèk fwa bay bebe a tete pa posib. Si yon manman gen VIH/SIDA, si li malad anpil, oswa si se yon bebe li adopte, li gendwa pa kapab bay tete oswa li chwazi pa fè l.

Pou kèk fanmi, lèt yo vann nan bwat (fòmil) pou bebe kapab se yon ranplasan pou lèt manman ki pa bay pwoblèm.

Lèt achte pa yon danje pou bebe a sèlman lè kondisyon sa yo ranpli:

  • Fanmi an gen ase dlo pwòp pou yo prepare anpil lèt pou bebe a.
  • Fanmi an gen ase dife pou bouyi bibwon yo.
  • Fanmi an gen mwayen pou yo achte tout kantite lèt bebe a bezwen (epi yo pap melanje l ak twòp dlo pou yo fè ekonomi).
Moun ka panse yon mamit lèt pa koute twò chè, men achte fòmil pandan plizyè mwa koute anpil lajan.
MW Ch16 Page 294-1.png
MW page 294 2.png

Fanmi ki achte lèt pou bebe dwe suiv egzateman enstriksyon ki sou bwat la. Pa ajoute plis dlo nan lèt la ni pa sèvi ak mwens lèt oswa mwens poud. Bibwon ak tetin ki sal, oswa lèt ki gen twòp dlo ka touye yon bebe.

a woman handing a baby to a woman with a small child.
Yon lot moun gendwa bay pitit pa w la tete.

Fanmi ki pa ka achte lèt eseye lòt fason pou yo nouri tibebe yo a. Fason sa yo pa posib pou tout manman, men yo ka posib pou kèk lòt.

  • Yon moun nan fanmi an oswa yon zanmi ki pa gen VIH/SIDA ka bay pitit la tete.
  • Bebe a ka bwè lèt bèt. Lèt bèt gen plis grès epi yo gen mwens sik pase lèt manman, kifè yo dwe melanje ak dlo ak sik anvan bebe a bwè yo. Pa gen antant sou yon resèt ki fè lèt bèt pi bon pou sante tibebe. Men 2 fason lèt la ka prepare, tou depann de ki kalite bèt fanmi an genyen.


Pou bay yon bebe lèt bèt
Lèt bèf, kabrit, oswa chamo:
  • Melanje 100 mililit (ml) lèt frèch ak 50 ml dlo pwòp epi 10 gram (g) (2 tikiyè) sik
Lèt mouton oswa bizon:
  • Melanje 50 ml lèt frèch ak 50 ml dlo pwòp epi 5 g (1 tikiyè) sik
Kite lèt la bouyi epi retire l sou dife a. Kite l frèt epi bay bebe a li tousuit.

Lèt bèt pa gen tout vitamin yon bebe bezwen pou l devlope, kifè lè bebe a gen anviwon 6 mwa, li dwe kòmanse manje anpil kalite legim, fwi, ak lòt manje.


MW Ch16 Page 295-2.png
MW Ch16 Page 295-3.png

Lè se lèt bèt oswa lèt fanmi an achte yo bay bebe a, yo dwe kenbe tout bagay trè pwòp. Goblè, kiyè, bibwon, ak tetin yo, epi nenpòt lòt veso ki sèvi pou lèt la dwe byen lave epi bouyi pandan 20 minit chak fwa anvan yo sèvi.

Lèt poud ki fin melanje, ti bwat lèt ki gentan ouvri, epi lèt bèt pa dwe janm rete chita nan tanperati nòmal pandan plis pase 2 èdtan. Y ap gate epi yo ka lakòz bebe a fè gwo maladi. Lèt ki gentan pare ka rete nan frijidè ki fre jiska 12 èdtan.



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024