Hesperian Health Guides

Kòman fi vin ansent

Nan chapit sa:

Anviwon yon fwa pa mwa, ovè fi a lage yon ti ze toupiti ki rele ovil. Ovil sa a desann nan twonp lan epi l ale nan matris la.
illustration of the below: a woman's reproductive parts, showing an egg in the tube.
Ze
Ovè
Ovè a lage yon ti ze anndan twonp lan.
Gason yo fè anpil ti selil anndan testikil yo ki rele espèmatozoyid. Lè yon gason ejakile (voye), gen yon likid ki rele espèm (dechaj) ki soti nan peni l. Lè konsa gen plizyè milyon espèmatozoyid nan likid sa a ki soti.
a man's reproductive parts.
Peni
Espèm nan ak espèmatozoyid la pase nan tib sa a epi yo soti deyò peni an.
Testikil
Espèmatozoyid la fèt anndan testikil yo.

Si yon gason ejakile anndan vajen yon fi pandan y ap fè sèks, selil espèmatozoyid yo ka pase nan vajen fi a, pase nan matris la, epi yo ale nan twonp li yo.

Si fi a ak gason an fè sèks nan peryòd nan mwa a lè ovil ki soti nan ovè fi a ap desann nan twonp lan, youn nan espèmatozoyid gason an ka kontre ak ovil fi a. Apre sa ze a ka plante anndan matris fi a. Lè sa rive, fi a vin ansent.

MW Ch3 Page 29-3.png

Chak mwa fi a pa vin ansent, san ki anndan matris la soti deyò anviwon 2 semèn apre li te fin lage ze a. Nou rele sa règ.

Kòman pitit la devlope

Apre yon espèmatozoyid ak yon ze kontre nan matris yon fi, yo fòme yon gwoup selil ki miltipliye e ki devlope pou l fè yon pitit.

San manman an gen oksijèn ki soti nan lè l ap respire a, epi li gen nouriti (manje) ki soti nan bagay li manje yo. San l pote oksijèn ak nouriti sa yo pase nan plasenta a ak kòd lonbrik la pou l rive jwenn pitit la.

MW Ch3 Page 30-1.png
Lè yon fi gen anviwon 5 mwa gwosès, li ka santi tèt matris la nan nivo lonbrik li a.
MW Ch3 Page 30-2.png
Lè yon fi gen 9 mwa ansent li ka santi tèt matris la anba zo kòt li yo.

Pandan 3 premye mwa gwosès la, li difisil pou wè pa deyò si fi a ansent. Sepandan, anndan matris la, bebe a gentan ap fòme ògàn, zo, ak lòt pati nan kò l. Pandan premye mwa sa yo sitou, li enpòtan anpil pou yon fi evite pwodui chimik ki danjere, medikaman ki pa nesesè, ak alkòl (tafya). Tout bagay sa yo ka domaje pitit k ap devlope a. Toutotan pitit la ap grandi, matris la ap grandi tou. Manman an ka wè vant li ap gwosi, epi li ka santi matris la lè l mete men l sou vant li.

a woman seen from the side, showing the baby upside down in the womb.
Men sa w t ap wè si w te ka wè anndan matris yon fanm ansent.



Anndan matris la, pitit la ap flote nan yon sak dlo ki rele dlo amnyotik. Kòd lonbrik la konekte pitit la ak plasenta a, epi plasenta a kole ak matris manman an pa anndan.

MW Ch3 Page 30-4.png

Lè yon fi pa fètil

Lè yon moun gen difikilte pou l fè pitit, nou konn di li pa fètil. Lè yon koup ta renmen gen pitit men yo pa kapab, sa ka bay tristès, kòlè, oubyen lawont.

Souvan se fi a yo repwòche lè l pa janm ka ansent. Menmsi toude moun yo chèche jwenn èd medikal, anpil doktè chwazi egzamine fi a sèlman pou l jwenn pwoblèm nan. Sepandan, anpil fwa se gason an ki pa fètil. Yo pa dwe repwoche ni gason an, ni fi a, pou pwoblèm pa ka fè pitit la. Anplis, yo toude bezwen sipò nan moman difisil sa a.

Gen anpil bagay ki ka lakòz yon moun pa fètil. Genyen nou pa ka evite. Men, gen anpil lòt nou ka evite. Pa egzanp:

a man who works with chemicals giving his clothes to a woman to wash.
Menmsi se lave w lave rad sèlman ki gen pwodui chimik danjere sou yo, sa ka fè yon moun mwens fètil.
  • Maladi moun pran nan fè sèks ka kite sikatris anndan ògàn seksyèl yo, swa pa gason an swa pa fi a, epi sa lakòz yo pa ka fè pitit.
  • Maladi tankou dyabèt (sik), tibèkiloz (TB), malarya, ak malmouton ka lakòz yon moun pa fètil.
  • Pwodui chimik danjere ki nan pestisid, nan pwodui netwayaj, oswa nan pwodui yo itilize nan faktori ka nan lè moun respire a, nan dlo, oswa nan manje. Pwodui chimik sa yo ka lakòz yon fi vin gen difikilte pou l ansent, oswa yo ka domaje pitit k ap devlope a.
  • Fimen, pran tabak, bwè anpil alkòl, pran dwòg, tout bagay sa yo ka nui kapasite yon moun genyen pou l fè pitit.


Gen lòt bagay ki ka lakòz yon moun pa fètil yo pa ka evite. Pou aprann plis, gade lòt liv medikal tankou liv ki rele Kote Fanm Pa Jwenn Doktè.

Menopòz

Lè medam yo kòmanse avanse nan laj, yo sispann gen règ chak mwa. Sa rele menopòz. Epitou, yo sispann pwodui ze, konsa yo pa ka ansent. Sa ka rive yon sèl kou, oubyen li ka rive ofiramezi pandan 1 oswa 2 an. Pifò fi fè menopòz lè yo gen ant 45 a 55 an.

MW Ch3 Page 31-2.png

Pandan menopòz, men siy ki konn parèt lakay anpil fi:

  • Fason yo senyen pandan règ yo chanje; apre sa li rete nèt.
  • Bridsoukou yo santi chalè epi y ap swè.
  • Vajen yo vin pi piti epi li pi sèch.
  • Bridsoukou santiman yo ka chanje.

Anpil fi santi yo soulaje lè yo pa gen pou yo ansent ankò. Antanke moun ki pi aje, medam sa yo ka pataje sajès ak eksperyans yo te fè nan lavi a avèk medam ki pi jèn yo.

Gason kontinye pwodui espèmatozoyid pandan prèske tout lavi yo, menm lè yo fin granmoun.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024