Hesperian Health Guides

Hesperian Health Guides

Vant fè mal

Si malad la ap soufri doulè nan vant, chache wè ki bò egzat kap fè l mal la. Si nou ka rive wè ki kote kap fè l mal la, sa ka ede nou konnen ki sa li genyen. Fòk nou chache wè si trip la mache, si li ka dijere manje a. Sinon, se yon siy ki grav anpil.

  1. Mande: Eske li ka watè, li ka fè van? Si watè li nòmal, se yon bon siy. Si li pat al watè depi kèk jou, li ka sere. Si li pa ka watè, li pa ka fè van, epi vant li ap fè li mal, petèt trip la bouche.
  2. Koute: Koute bri gaz kap mache nan vant li. Si nou tande bri, sa vle di trip la mache. Nou va koute bri gaz la menm si li sere. Si nou pa tande anyen, trip la ka bouche. Se grav anpil.
  3. Egzaminen: Eske vant la di, tankou yon bout bwa? Eske sa fè l mal anpil, lè nou manyen l? Li malad grav, epi lavi li an danje.
Doulè nan kòf lestomak la.
Pou kòmanse, li fè mal nan lonbrit la isit.
Apre sa, li desann fè mal isit.
Doulè konn rive jis nan do.
Doulè isit ki konn rive nan lestomak la.
Doulè nan do ak nan anba do; doulè konn fè wonn ren an jis anba tivant.
Doulè sou yon bò anba tivant, ki konn rive jis nan do osinon nan kou.

Ki jan pou nou koute

Sèvi avèk yon estetoskòp osinon zòrèy nou pou tande bri nan vant lan, pou wè si maladi a grav anpil.

Si vant lan mache nòmalman, nou va tande ti bri chak de twa moman. Si se ajan sante nou ye, fè pratik tande bri nan vant moun ki an sante, pou n ka rekonèt bri nòmal yo. Fòk nou pratike pou nou vin abitye tande ti bri nan vant lan.

Gwo bri vant lan ka di manje a pase vit nan trip la. Eske malad la gen dyare?

Si vant lan fè bri ki fò, oubyen si li pa fè bri ditou pandan de minit, li ka gen move doulè vant. Egzaminen vant lan. Manyen l. Si vant lan di, epi li fè l mal anpil, mennen malad la nan sant la oubyen lopital san pèdi tan.

Ki jan pou nou egzaminen malad la

Mande malad la mete yon dwèt sou kote k ap fè li mal la.

Apre sa, kòmanse sou bò ki anfas kote li montre nou an, mache peze dousman nan tout vant lan pou nou ka wè ki kote ki fè l mal la. (Egzaminen kote ki fè pi mal la an dènye.) Peze dousman men fè sa ak fèmte, epi egzaminen chak pati nan vant lan avèk presizyon.

Gade pou wè si vant lan mou oubyen si li di, epi si li ka lage vyann vant lan. Si vant lan di tankou yon bout bwa, se ka petèt trip la ki bouche.

Tès pou konnen si se apenndisit osinon enfeksyon nan sak vant

Peze vant lan jis anwo lenn gòch la; fè sa dousman men ak fèmte, jis li santi sa fè li mal tou lejè. Genyen yon kalite gwo doulè k ap mòde malad la ki fè nou konnen li ka petèt ap soufri ak apenndisit oubyen enfeksyon nan sak vant lan: doulè a vin pi rèd lè ou retire men ou san atann pase lè ou peze plis sou vant lan. Si li pa gen gwo doulè sa a sou bò gòch la, fè menm bagay la sou bò dwat la. Kalite doulè sa a mande nou mennen malad la lopital san pèdi tan.

Gwo doulè nan vant

Genyen yon kalite gwo doulè nan vant ki kòmanse sibitman, san relache, ki vin pi rèd tanzantan, epi ki san dyare. Yo rele sa move doulè vant. Trip bouche, apenndisit, gwosès sou deyò manman vant lan, ak lòt pwoblèm ki grav ka bay sa. Si nou wè siy ki fè nou konnen li gen move doulè vant, pou sove lavi li, chache mennen l lopital san pèdi tan.

Men siy
  • Gwo doulè san rete—lè gen doulè sa a, se pou ta di se kout kouto yap ban nou
  • Vomisman.
  • Malad la pa ka watè, osinon yon ti kal sèlman; li sere.
  • Vant lan di epi li pa fè bri menm.
  • Li santi l malad grav.


Yon malad ki soufri move doulè vant lan, ka tonbe djaye akòz doulè a, epi li pa kapab mete l alèz. Lap eseye pwoteje vant li avèk bra li.

Trip bouche

Lè gen yon bagay ki chita yon kote nan trip la, li bouche l, osinon li jennen manje ak watè a pase. Sa ka lakòz gwo doulè ak enfeksyon.

Ansanm ak doulè sa a, li ka sere. Li ka vomi. Vant li ka pa fè bri ditou, osinon li ka fè anpil gwo bri.

Atansyon, malad la ka vomi avèk anpil fòs.

Men bagay ki ka bouche trip la:

  • Yon makòn gwo vè won (askaris).
  • Yon bout trip ki kwense nan yon èni.
  • Si yo te fè operasyon sou trip yon moun, oubyen si yon moun te blese nan vant li, mak blese a ka redi epi fè trip la tòde.
  • Kansè.


Si nou kwè yon moun gen trip bouche, men de bagay pou nou fè:

  1. Mennen malad la lopital san pèdi tan. Yo ka oblije opere li.
  2. Si genyen gwo vè won (askaris) nan zòn kote l rete a, ba li remèd vè pandan lap fè wout pou lopital. Se ka vè ki lakòz trip la bouche. Al gade nan Medikaman pou vè pou nou konnen ki remèd pou nou ba li.
Doulè a ka kòmanse bò lonbrit la.
Answit li desann bò dwat vant lan pa anba.

Apenndisit ak enfeksyon nan sak vant (peritonit)

Apenndisit, se yon enfeksyon nan apenndis la. Apenndis la se yon ti sak ki kole ak gwo trip la, sou bò dwat vant yon moun, pa anba. Nou pa ka evite tonbe malad ak apenndisit. Se rive l rive san nou pa konnen pouki sa.

Pi gwo siy ki fè nou rekonèt apenndisit, se yon gwo doulè nan vant kap vin pi mal tanzantan.

Malad la pa vle manje. Li pa fasil gen dyare. Li ka bay lafyèv. Si li mache a pye oubyen si li pran machin sou yon wout ki an movèz eta, sa fè li mal anpil. Li santi yon gwo doulè lè ou peze vant lan bò anwo ren gòch li, epi wete men ou vit (doulè peze lage).

Chache konkou doktè san pèdi tan. Si li pa trete, yon apenndis ki enfekte ka pete louvri. Lè sa a, mikwòb gaye nan tout sak vant lan. Li lakòz yon enfeksyon yo rele enfeksyon sak vant, (peritonit). Lavi malad la an danje.

Yon blese nan vant lan, tankou yon gwo kou, osinon yon kout kouto, kapab lakòz yon enfeksyon sak vant.

Si vant lan di, li pa fè bri, li fè mal tout kote, se move doulè vant, (peritonit).

Si nou kwè li ap fè apenndisit osinon move doulè vant, men sa pou nou fè:

  • Mennen l lopital san pèdi tan.
  • Ba li de remèd: metwonidazòl. AN PLIS, bay sipwofloksasin, OSINON seftriyakzòn OSINON anpisilin. Al gade nan Enfeksyon nan sak vant ak apenndisit pou konnen ki dòz pou nou bay.
  • Pa ba li anyen ni pou manje ni pou bwè, sof medikaman sa yo ak yon ti gout dlo.


Voye je nou sou malad la, pou wè si li pap vin endispoze. Men siy pou chòk: kè li bat vit men poul li fèb, li blèm, po li frèt, mouye; li depale, li pèdi konesans.

Gwosès sou deyò manman vant lan (gwosès ektopik)

Nòmalman, tibebe a devlope anndan manman vant lan.
Lè rive gen yon gwosès sou deyò manman vant lan, tibebe a kòmanse devlope nan yonn nan kannal ki soti nan pòch ze a. Men pa gen plas pou li la. Lè tibebe a ap devlope, li gonfle kannal la jis li pete. Sa bay gwo doulè, epi fè fanm lan bay anpil san anndan kò a.

Menm jan avèk yon foskouch, gwosès sou deyò manman vant lan bay siy nan kòmansman gwosès la. Se ka menm anvan fanm nan konnen li gwo vant. Li gen lakranp pa anba tivant li, epi li wè règ li vini menm si li pa te wè li pandan youn oubyen 2 mwa.

Siy ki fè nou rekonèt sa
  • Fanm lan senyen, jeneralman pa twòp, li fè ti gout san. Yon fanm ka senyen plis anpil lè li fè yon foskouch.
  • Li fè pi mal sou yon kote anba tivant lan.
  • Si gwosès la fè pete kannal la, doulè a vin gwo, pi rèd ankò.
  • Doulè a ka rive jis nan zepòl li osinon kou li.
  • Fanm lan ka soufri tèt vire (vètij), paske lap senyen anndan kò li.


Genyen anpil bagay ki ka bay gwo doulè anba tivant lan, tankou enfeksyon nan aparèy pipi, apenndisit, elatriye. Depi gen posiblite, fè yon tès gwosès pou fanm nan. Si li pozitif, oubyen si nou pa ka fè yon tès, men nou kwè ke li gen yon gwosès sou deyò manman vant lan, mennen li lopital san pèdi tan. Sa ka sove lavi li. Si tès gwosès la negatif, li pa ka genyen gwosès sou deyò manman vant lan.

Pandan nou sou wout pou al lopital, trete fanm lan pou chòk (endispozisyon). Men siy pou chòk: kè li bat vit men poul la fèb; po li frèt, mouye; osinon lap depale epi li pèdi konnesans.

Lakranp nan vant

Pifò lakranp pa grav. Men bagay ki ka lakòz lakranp:

  • Manje manje ki gate oubyen manje nou te sere twò lontan
  • Bwè dlo sal
  • Ilsè lestomak
  • Kè sou biskèt, osinon difikilte nan lavi
  • Grangou
  • Lalin, règ, peryòd


Jeneralman, lakranp nan vant ka pase pou kont li nan de twa jou. Men sa ki ka ede:

  • Bwè tizann fèt avèk jenjanm, mant, osinon lòt remèd fèy.
  • Manje papay. Sa ede dijere manje ki nan vant lan.
  • Pran yon beny cho, osinon mete yon konprès cho sou vant lan, osinon chache yon kote trankil pou pran yon ti repo. Pou konnen ki jan pou n fè yon konprès cho, al gade nan Ki jan pou nou okipe moun malad (chapit sa a poko ekri).
  • Evite manje ki bay gaz, tankou lèt, chou, piman, zonyon, osinon pwa.


Bay vant lan ti masay; fwote l lantman tankou nou tap roule yon boul.

Pou evite soufri lakranp nan vant, kwit manje a byen, manje l pandan li cho, epi lave men nou anvan nou fè manje ak anvan nou manje. Al gade nan Ki jan nou dwe prepare ak sere manje pou aprann plis sou afè prepare ak sere manje.

Lestomak li boule, epi kèk fwa gòj li tou.

Lestomak boule ak asid

Lestomak boule, asid, ak doulè anba kè, se de non pou doulè kap manje yon moun nan kòf lestomak li. Asid nan lestomak la monte jis nan gòj li, epi fè l mal nan pwatrin li. Sa ka fè mal anpil. Sa rive pi fasil lè yon moun kouche, osinon lè li fin manje manje ki gen twòp grès osinon piman ladan l.

Lè yo pale sou doulè anba kè, sa pa gen anyen pou wè avèk kè a li menm. (Lè yon moun fè yon vrè kriz kè, li santi tankou yon bagay lou kap chita sou lestomak li. Doulè a ka rive jis nan machwè li, nan bra gòch li, oubyen nan vant li. Al gade nan Pwoblèm kè (chapit sa a poko ekri).

Ki jan pou nou trete osinon evite maladi sa a
  • Lè ou fin manje, rete tann twa zèdtan pou pi piti anvan ou al kouche.
  • Manje pi souvan, men fè repa yo pi piti.
  • Pa pran manje ki gen twòp grès ni twòp piman ak epis ladan yo.
  • Pa bwè pandan wap manje, tann pita pou ou bwè.
  • Pa bwè alkòl, pa fimen. Bagay sa yo fè doulè a vin pi rèd sou ou.
  • Eseye yon medikaman anti-asid.
Apre ou fin manje, se pou ou rete chita. Lannuit, soulve tèt la ak zòrye, osinon mete kèk blòk anba tèt kabann nan pou leve tèt ou pandan wap dòmi. Konsa asid la pap ka monte nan gòj ou.
Yon ilse se yon maleng anndan lestomak osinon trip la.
Non!

Ilsè lestomak

Doulè lestomak kap ale vini, se ka yon ilsè ki lakòz doulè a. Yon moun ka santi yon doulè kap manje li, kap boule li nan kòf lestomak la. Souvan, doulè a kenbe li pandan kèk senmenn, apre sa li pase. Apre kèk senmenn, menm kèk mwa, li ka vini ankò. Si li manje osinon bwè, sa ka soulaje doulè a. (Kèk fwa manje fè doulè a vin pi rèd sou li. Sa depann de kote ilsè a ye.)

Trètman, ki jan pou nou soulaje doulè a osinon ki jan pou ede ilsè a geri
  • Egzante tout remèd ki gen aspirin ladan l. Pa pran ibipwofèn ni lòt medikaman pou doulè. Medikaman sa yo ka bay moun maladi nan lestomak la. Yo lakòz pifò ilsè lestomak. Parasetamòl pi bon pou moun ki gen doulè nan lestomak, paske li pa donmaje lestomak la. Men nou pa gen dwa pran anpil nan grenn sa yo, ni chak jou.
  • Pa fimen. Moun ki fimen pi fasil gen ilsè. Ilsè a pran pi lontan pou l geri.
  • Manje repa ki pi piti, epi bwè anpil dlo souvan nan jounen an. Sa ka soulaje doulè a.
  • Nou ka remake gen kèk manje ki fè l fè pi mal. Eseye evite manje asid tankou sitwon, vinèg, ak kafe. Fritay ak piman pike ka fè doulè a vin pi rèd; bwè tafya fè l fè pi mal tou.
  • Tèt chaje ak kè sou biskèt kapab lakòz yon moun soufri ilsè. Lè moun sou tansyon, sa fè li fè pi mal toujou. Chache mwayen pou nou poze kò nou, pou nou pa chaje tèt nou twòp. Al gade nan Sante mantal (chapit sa a poko ekri).


Si malad la swiv konsèy sa yo pandan kèk senmenn, epi lestomak li ap toujou fè l mal anpil, eseye pran yon antiasid ki pa koute chè. Sa ka soulaje doulè a, lè l pran kalsyòm kabonat kat fwa pa jou pandan 8 jou. Gen yon kalite medikaman yo rele enibitè ponp pwoton (IPP), tankou omeprazòl, ki mache pi byen. Medikaman sa yo desann asid nan lestomak, sa ki soulaje doulè a, epi ede ilsè a geri. Men, si doulè a tounen, fòk nou trete l avèk antibyotik pou geri l nèt.

Trètman: ki jan pou geri yon ilsè nèt

Si ilsè a tounen sou li, trete li avèk konbinezon sa a: antibyotik, enibitè ponp pwoton, ak anti-asid pandan 15 jou. Se vrè, sa fè anpil medikaman, men, si li swiv trètman sa a byen korèk, ilsè a va geri, epi li pap fasil tounen sou li ankò.

Si malad la toujou gen doulè apre li fin swiv trètman sa a, petèt li byen ap soufri ak yon lòt maladi—men pa ilsè lestomak la. Chache wè doktè.

Siy ki montre gen danje

Eske li bay siy ki fè nou konnen ilsè a ap senyen? Gade pou wè si malad la pa vomi san, oubyen si vomi li pa gen koulè nwa tankou ma kafe. Watè malad la ka gen san ladan l, osinon li ka gen koulè nwa tankou goudwon, oubyen lwil moto. Sa mande pou prese chache swen. Chache konkou doktè.

Gen de moun ki pran bikabonat sodyòm lè yo gen lestomak boule. Menm si nou ta wè li ban nou yon ti soulajman lè nou fèk pran li, lap fè lestomak la bay plis asid toujou. Pa sèvi avè l dri. Pa sèvi avèk bikabonat sodyòm si nou gen pwoblèm kè oubyen pye anfle. Sa ka fè pwoblèm sa yo vin pi grav ankò.

Pwoblèm ak fyèl la

Fyèl la se yon ti sak ki kole sou fwa a. Anndan sak sa a, nou jwenn yon dlo vèt anmè anpil yo rele bil. Bil la nesesè pou dijere manje ki gen grès ladan yo. Si fyèl la vin bouche, sa ka bay doulè ki ka dire kèk èdtan. Maladi fyèl la, nou jwenn li pi fasil kay «gwo fanm gra ki gen plis pase 40 ane». Men maladi sa a ka frape nenpòt moun.

Siy ki fè nou rekonèt sa
  • Gwo doulè nan lestomak sou bò dwat anba zo kòt yo. Doulè a ka monte jis nan do sou bò dwat anwo, osinon jis zepòl la.
doulè
  • Doulè ki vin pi rèd tanzantan, li rete konsa kèk èdtan, lè fini, doulè a pase.
  • Doulè ki pran moun nan lè l fin manje manje ki gen anpil grès. Li ka fè l reveye lanwit.
  • Kè plen ak vomisman.
  • Si malad la pran aspirin osinon parasetamòl, sa pap kalme doulè a. Menm si li chanje pozisyon, oubyen si li fè van, sa pap soulaje doulè a nonplis.


Siy sa yo ka ede nou rekonèt si se yon pwoblèm ak fyèl la li ap soufri, men fòk nou sèvi avèk radyografi osinon iltrason pou wè pwoblèm nan klè.

Tretman

Doulè fyèl la ka fè mal anpil, men, si pa gen lafyèv osinon lòt siy ki ekri anba, pa gen gwo danje. Ibipwofèn ka soulaje doulè a.

Siy ki montre gen danje

Si yon moun gen pwoblèm ak fyèl la, si nou wè siy sa yo, li malad grav. Yo ka oblije opere l.

  • Doulè fyèl la ki dire plis pase katrèdtan ala fwa.
  • Doulè fyèl la ak lafyèv.
  • Doulè fyèl la ki mache ak lajonis (je ak po li vin koulè jòn)
Ki jan pou nou evite maladi sa a

Pa manje vyann ki gen anpil grès, fritay, oubyen lòt manje avèk anpil grès. Lè yon moun ki genyen maladi fyèl la manje grès, sa fè doulè a tounen sou li. Men pran yon ti grès nan chak repa. Sa va ede fyèl la vide l. Lwil plant pi bon pase lwil palmye, bè, ak mantèg.

Si yon moun gra, li ta bon pou l pèdi pwa. Men fè l dousman. Fè ti egzèsis; manje mwens. Si li pèdi pwa twò vit, sa ka ba li pyè nan fyèl.

Moun ki fè egzèsis chak jou pa fasil soufri pyè nan fyèl.

Règ, (lalin, peryòd) si fanm gen doulè lè yo gen règ

Anpil fanm gen doulè, oubyen lakranp anba tivant, jis anvan règ la kòmanse osinon pandan yo genyen l. Yo ka gen yon ti dyare. Li bon pou li pran yon ti repo, fè ti masay sou vant lan, osinon pran medikaman tankou ibipwofèn pou soulaje doulè a. Al gade nan Règ fanm pou aprann plis sou koze règ fanm, ak ki jan pou soulaje doulè a.

Mete yon konprès dlo cho, osinon yon boutèy dlo cho, sou vant lan pou soulaje doulè a.

Enfeksyon anba tivant

Lè yon fanm gen doulè anba tivant, li ka gen enfeksyon nan manman vant lan. Genyen de (2) kalite enfeksyon; toulede grav. Yon kalite enfeksyon ki rive lè yon fanm fin akouche, lè li fè foskouch, oubyen lè li fè avòtman. Yon lòt kalite enfeksyon, se sa li trape nan fè bagay ak yon moun ki enfekte deja. Si enfeksyon an pa trete, li ka monte jis nan manman vant lan.

Siy ki fè nou rekonèt sa
  • Doulè anba tivant la, se ka yon ti doulè oubyen sa ka fè l mal anpil.
  • Sa fè li mal oubyen fè li bay san lè li fè lanmou.
  • Li sansib lè nou peze sou anba tivant lan.
  • Lafyèv.
  • Ekoulman san osinon ekoulman ki santi fò.
Trètman

Fòk nou trete enfeksyon an avèk antibyotik san pèdi tan. Sinon, fanm lan ka tonbe malad grav, li ka pa ka fè pitit ankò, osinon li ka menm mouri. Si enfeksyon an rive lè li fin akouche, al gade nan Sante tinouris. Si se lontan depi fanm lan fè pitit, se pou li pran lòt medikaman. Al gade nan Pwoblèm nan aparèy ki pou fè pitit: Medikaman (chapit sa a poko ekri).

Enfeksyon aparèy pipi

Fòk nou trete enfeksyon an avèk antibyotik san pèdi tan. Sinon, fanm nan ka tonbe malad grav, li ka pa ka fè pitit ankò, osinon li ka menm mouri. Si enfeksyon an rive lè li fin akouche, al gade nan Sante tinouris. Si sa gen lontan depi fanm nan te fè pitit, se pou li pran lòt kalite medikaman. Al gade nan Pwoblèm aparèy pipi (chapit sa a poko ekri).

Si nou fè ti tape nan anba do, sou kote, epi sa fè l mal, se ka yon enfeksyon nan ren, osinon pyè nan ren li genyen .

{{clr

Pyè nan ren

Pyè nan ren se ti wòch tou piti ki fèt nan ren yo, nan kannal pipi a, osinon nan blad pipi a. Lè yo desann, sa konn bay gwo doulè. Pi souvan, doulè a vin pi mal de tanzantan, epi apre sa, li rete. Doulè a konn dire 20 minit jis inèdtan konsa chak fwa. Doulè a kòmanse souvan nan ren sou kote. Sa ka fè mal depi nan do jis nan kanal pipi a. Kay gason, sa ka fè mal nan sak grenn li. Li ka wè san nan pipi a. Souvan, yo pa fè lafyèv, epi vant yo mou. Premye trètman pou sa se pran remèd pou kalme doulè a, epi bwè anpil dlo jis pyè a pase. Al gade nan Pwoblèm aparèy pipi (chapit sa a poko ekri).

Lajonis (epatit)

Travay fwa a se ede netwaye san an pou wete tout pwazon ki ladan l. Lè fwa a pa mache byen, sa vle di li pa wete pwazon ak salte ki nan san an. Se sa ki rann yon moun malad.

Lè fwa a anfle, yo rele maladi sa a lajonis. Sa ki bay lajonis: se ka yon viris (mikwòb) ki atake fwa a, oubyen yon moun ka bwè twòp alkòl. Oubyen tou, li ka pran nan yon pwazon. Tout maladi sa yo bay menm siy ki pou fè nou rekonèt maladi lajonis la. Men maladi sa yo, se pa menm maladi yo ye. Epi se pa menm bagay ki lakòz maladi sa yo. Genyen kèk ki pi grav pase lòt, epi genyen kèk ki dire pi lontan pase lòt. Nòmalman, lajonis A ak E (se non mikwòb yo) ka geri nan kèk mwa. Lajonis B ak C ka dire anpil ane, epi kapab lakòz yon kansè nan fwa.

Siy ki fè nou rekonèt li
  • Moun lan pa vle manje, li gen kè plen, li vomi.
  • Po li grate.
  • Pipi li vin fonse tankou koka-kola.
  • Watè li vin pi blan.
  • Li ka santi yon doulè sou bò dwat anba zo kòt li. Oubyen tout kò ak jwenti li yo fè l mal.
  • Li ka gen yon fatig ak fèblès kap bat sou li pandan kèk mwa.
  • Je li ak po li vin jòn.


Gen de fwa, lè nap egzaminen vant malad la, nou ka santi anba men nou fwa ki anfle a sou bò dwat anba zo kòt la.

Ki sa pou nou fè pou trete lajonis

Genyen de medikaman koulye a ki ka ede trete lajonis B ak C, men nou pa fasil jwenn yo. Al gade nan sant kote nou rete a. Menm si nou pa ka jwenn medikaman sa yo, nou ka ede fwa a geri. Se pou malad la ret kouche, pou li bwè anpil dlo ak lòt likid. Se pou li evite bagay ki ka donmaje fwa a.

Lajonis fè li fatige anpil. Se pou li koute sa kò li ap di li; se pou li ret kouche.
  • Bwè pandan tout lajounen—8 gode osinon plis. Ba li dlo, ji zoranj, ji papay, ak ji lòt fwi, ti konsonmen, bouyon fèy. Sa va fè li byen.
  • Pa bwè kleren ni okenn bwason ki gen alkòl ladan yo, pandan pou pi piti 6 mwa. Alkòl pa bon menm pou fwa a; li ka donmaje li pi plis. Si li pa ka sispann bwè pou kont li, chache èd. Al gade nan Dwòg, alkòl ak fimen (chapit sa a poko ekri).
  • Pa pran parasetamòl, paske sa ka donmaje fwa a. Pran yon lòt remèd doulè, si l bezwen li.
  • Si li soufri tibèkiloz, li ka oblije tann lajonis la geri anvan li kòmanse trètman pou tibèkiloz la. Si nou wè siy lajonis pandan lap swiv trètman antitibèkiloz la, se pou li sispann trètman sa a touswit, epi chache wè doktè.
  • Fè atansyon toutan pou pa sèvi twòp ak medikaman. Pa sèvi ak remèd ki pa nesesè. Genyen anpil medikaman ki ka donmaje fwa a, sitou si yon moun pran anpil ladan yo osinon pandan lontan.
Ki jan pou nou anpeche maladi lajonis vin sou nou

Viris (mikwòb) lajonis A ak E soti nan watè yon moun malad, yo pase nan dlo osinon nan manje pou yo rive nan bouch yon lòt moun. Pou nou pa trape maladi sa a, se pou tout moun sèvi avèk latrin epi lave men yo.

Se pou tout moun lave men yo souvan. Se pou tout moun lave men yo chak fwa yo sot watè, chak fwa yo manje, oubyen prepare manje. Tout moun lakay yon moun ki malad fèt pou yo lave men yo pi souvan.

Nou jwenn lajonis B ak C nan san yon moun, ak nan likid sèksyèl. Lajonis sa yo se maladi moun ka trape nan fè bagay. Oubyen yo ka trape yo lè yo pran piki ak sereng ki sèvi deja, lè yo fè tatou, osinon lè yo koupe po a ak zouti ki sèvi deja. Sa pèmèt san an, ak viris ki nan san moun malad la, pase nan san yon lòt moun. Manman an ka bay tibebe li maladi a pandan gwosès li, lè li akouche, oubyen lè tibebe a fin fèt.

Kote ki genyen anpil lajonis B, tankou ann Afrique (Afrik) ak ann Asie (Azi), timoun ak moun nan menm fanmi an, yon moun ka bay lòt moun maladi a san yo pa pran kontak ak san yonn ak lòt. Sa rive pi fasil lè fanmi an gen yon ti kay tou piti, epi genyen anpil moun ladan l, ki nan kontak yonn ak lòt prèske toutan.

Ki sa pou nou fè pou nou pa trape maladi lajonis B ak C:

  • Pa pran piki si li pa vrèman nesesè. Toujou sèvi ak sereng e zegwi ki tou nèf, ki pou jete apre. Si pa gen sereng ak zegwi tou nèf, fòk nou esterilize yo byen chak fwa nou sèvi ak yo. Al gade nan Medikaman, tès ak tretman (chapit sa a poko ekri).
  • Sèvi ak kapòt lè ou pral nan kontak seksyèl.


Genyen vaksen kont lajonis A ak B. Sitou kote ki genyen anpil lajonis B osinon kansè fwa a, nou dwe vaksinen kont lajonis B.

Si nap okipe yon moun ki malad ak lajonis, veye sante pa nou tou. Lave men nou souvan, epi pa touche ak ni san ni watè moun malad la.

Absè nan fwa

Amib se yon kalite ti bèt piti piti, nou pa ka wè yo ak je nou. Yo ka bay absè nan fwa a. Sa rive pi fasil anpil kay gason.

Siy ki fè nou rekonèt li

Malad la ka gen doulè osinon li ka sansib sou bò dwat anba kòt li. Sa mache ak lafyèv. Doulè a ka pase nan pwatrin li sou kote dwat la. Se pi rèd lè li mache. Pou konnen pi klè si li genyen lajonis (epatit), absè, osinon siwòz fwa a, al gade nan Dwòg, alkòl ak fimen (chapit sa a poko ekri), epi doulè fyèl la.


Si yon moun gen absè nan fwa a, epi li kòmanse touse yon likid koulè mawon, sa vle di absè a pete anndan poumon li. Chache konkou doktè.

Ki jan pou nou trete li

Fè menm trètman ak sa nou fè pou dyare amib kap bay la. Epi ajoute diloksanid fiwoyat pandan 10 jou.



ht.hesperian.org